AKEY

Zile Lagonav se pi gwo zile peyi dayiti, li nan Depatman Lwès . Zile a gen yon longè anviwon 60 km , 15 kilomèt nan lagè pou yon sipèfisi anviwon 700 km2 ,li gen 2 komin (Ansagalè , Pwentarakèt) .

Ansagalè 6 Seksyon

  • 1-PALMA 

  • 2-TISOUS

  • 3-GRANN SOUS 

  • 4-GRAN LAGON

  • 5-PIKMY

  • 6-TITANS.    

Pwentaraket 5 seksyon

  • 1-LASOUS 

  • 2-GRAN VID 

  • 3-TWOULUI 

  • 4-TIPALMIS

  • 5-GWO MANG.

  • nan lane 60 zile a  te youn nan pi gwo espas ki te konn pwodiksyon Sitwon e zile a se te youn
    nan kote ki te konn bay plis sitwon pou voye nan  peyi entranje se depite akaye Lagonav(Luckner Cambronne) e ki te minis nan gouvènman Duvalier ki te responsab plantasyon sa yo zile a , te gen plis ke 600 ki t ap travay nan plantasyon sa yo.

  • Clement Jumelle  nan vizyon l kòm kandida pou prezidan peyi a te vle fe zile  Lagonav sa vinn yon sant touristik pou peyi e konstui premye espas pou avyon poze e pemèt peyi relye ak amerik latin nan e  zon Sid Amerik
    la kote ayiti te gen bon relasyon, pou anpil moun se rèv sa ki rive materyalize ak prezidan Francois Duvalier ,  fe èpòt  sa ki te pote non mayi gate e  ki jodi a pote non Tousen Louvèti.

 
  •  Lagonav gen anpil bèl plaj tankou Pwent sab ki se yon mevèy pou sab li yo   ,
    lans a rezen , Gran B, Lasous ak Grand vid , Boucan lotore zòn ki kote yo fe Festi Pwason .  mòn li yo (Chen kontan , Lapye , Morikò , Danvil)  yo ki reprezante yon sant pou peyi a  nan sekte telekominikasyon  , Zile a kapab zòn santral nan anpil sektè nan peyi a ex nan sekte maritim nan ki ka pemèt
    konekte majorite depatman sou peyi a .

 
  • yon gwo zile ke leta konnen nan moman eleksyon , pa janm gen de gwo pwojè sitou nan koze touris ki te kapab vann zile ak tout lòt peyi.

 
  •  Pi gwo fyete zile a repoze nan espò ak Roulado FC ki make listwa moun zile a ak 2 tit chanpyon nasyonal(2002 seri ale ,2003 seri retou )  kote Prezidan Savil
    Dessaint pou anpil Gonavyen (Wa Savil ) te konstui premye  e pi gwo enfrastrikti nan sektè sa ki pote non l e ki vini 2e kote sou tout peyi a nan lane 1997 foutbòl te kapab jwe nan nwit ak sistèm ekleraj li a.

  • Jean Rebert Menelas(Pele Gonavyen) ki rete pi gwo jwè ROULADO FC konnen nan egzistans li.

  • Nan  lane 2015 nimewo 7 Meme te retire sou mayo ekip Zile a pou montre sa Pele Gonavyen an reprezante pou nou.

 

Ajoutez votre titre ici

Poster un Commentaire