Zile Pa M se yon platfòm medyatik nimerik ki fèt pou mete Lagonav nan limyè, pataje enfòmasyon, valorize kilti nou epi ankouraje devlopman kominote a.

Nou travay pou bay jenerasyon jodi a ak jenerasyon k ap vini yo plis enfòmasyon sou sa k ap fèt sou zile a, pandan n ap mete an valè moun, òganizasyon, pwojè ak inisyativ ki kontribye nan lavi kominote a.

📺 Zile Pa M TV — Yon nouvo espas pou Lagonav

Zile Pa M TV ouvri yon lòt fasèt nan sektè medyatik la sou zile a, atravè yon espas televizyon nimerik ki fèt pou pote enfòmasyon, imaj ak vwa kominote Lagonav la pi lwen.

Li pral ede mete an valè atis yo, jèn talan yo ak tout moun ki gen kapasite, men ki pa t toujou jwenn yon espas pou montre sa yo kapab fè. Zile Pa M TV vle kreye opòtinite pou yo prezante travay yo, pataje istwa yo epi rive jwenn yon pi gwo piblik.

Espas televizyon sa a ap bay yon plas tou pou tout sektè nan lavi kominote a: kilti, mizik, atizay, espò, edikasyon, touris, teknoloji, agrikilti, antreprenarya, devlopman kominotè ak lòt inisyativ k ap fèt sou zile a.

Objektif nou se bay kominote a yon vwa, bay talan yo yon espas epi montre Lagonav jan li ye tout bon an.

🌴 Misyon nou

Nou pote enfòmasyon sou nouvèl, kilti, touris, edikasyon, teknoloji, espò ak devlopman Lagonav.

Nou vle kreye yon espas kote moun ka jwenn enfòmasyon ki itil, aktyèl ak fasil pou jwenn.

“Travay nou divès, men objektif nou se youn: bay Lagonav plis vizibilite epi kontribye nan devlopman li.”

🎯 Vizyon nou

Nou kwè nan yon Lagonav ki gen plis vizibilite, opòtinite, enfòmasyon ak koneksyon ak rès peyi a ak mond lan.

Nou ap travay chak jou pou n pote tout detay nan tout sektè pou nou.

📞 Kontakte nou

Pou kesyon, sijesyon, enfòmasyon oswa pou rapòte yon pwoblèm sou aplikasyon an, ou kapab kontakte ekip Zile Pa M:

📧 Imèl: zilelagonave90@gmail.com

📱 Telefòn: +509 3318-3411 / +509 3672-9690/+509 4474-1125

Nou apresye tout sijesyon ak fidbak ki kapab ede nou amelyore sèvis Zile Pa M.

Zile Pa M

Enfòmasyon • Kilti • Touris • Edikasyon • Teknoloji • Espò • Devlopman

Zile Pa M TV — Bay kominote a yon vwa, bay talan yo yon espas. 📺🌴

klike sou lenk sa pou telechaje plan devlopman kominnal la

PCD Meri Ansagale