ISTWA MIZIK SOU ZILE LAGONAV
Mizik se youn nan pi gwo fòs kiltirèl ki toujou akonpaye lavi moun sou zile Lagonav. Nan diferan epòk, plizyè gwoup ak atis te kontribye nan animasyon ak devlopman mizik sou zile a. Pami yo, EMO rete kòm youn nan gwoup ki make yon jenerasyon.
Jodi a, nouvo jenerasyon an kontinye fè mizik la viv. FEL ak Zorg se pami atis k ap mete anbyans nan kominote a epi pote mizik Gonavyen an pi devan.
Soti nan EMO rive nan nouvo jenerasyon an, chak epòk kite tras pa li nan listwa mizik Lagonav.
