10 Jèn remakab sou lane 2025 ak TMM-Zile Lagonav
TMM (TELE MILTI MEDYA ) nan travay pou mete valè sou ansanm pèsonalite k ap travay sou zile deside onore 10 jèn fanm kou gason ki te fe yon travay pozitif nan kominote Gonavyèn nan pou lane 2025 la , se sila ki bay tout yo menm , pran tout ris pou montre manlgre tou anpil bagay posib andan zile a .
Jèn sa yo jwenn plak sa pa rapò ak enpak yo nan kominote a , yo te fe anpil diferans swivan TMM e montre angajman yo nan sektè aktivite yo t ap evolye a.
Plak sa pou anpil nan jèn sa yo motive yo plis pou yo kontinye pote kontribisyon yo nan zile a .
Sèl gran absan nan 10 jèn sa yo se Étienne Ilme ki te dwe sa pou sa li te reyalite pou lane 2025 la e plis pase 7 lane ak Festi Pwason ki fe konnen ak anpil moun swa nan zile a sou gran tè a gen yon ti kwe nan kod Sid zile ki gen moun k ap viv e ki gen yon pòte touris ki kapab atire anpil moun .apre Festi Gonav se pi gwo aktivite ki fèt sou zile a e angajman l andan kominote a pou fe wout rive Boucan Lotore ki te gen yon vwa pou soti ou rantre sou zile a ki se pran lanmè a pou tout aktivite .
Bravo ak ekip TMM nan pou mak apresyasyon sa ki pral boustè ansanm jèn sa yo pou di travay la pako fini yo dwe pote plis pou kominote yo ap evolye a.
Randevou pou TMM se lòt ane pou 11 lane yo ak yon pi bèl aktivite .
ZILE PA M 2026 ,Lagonav

😍😍😍😍