Zile Lagonav se pi gwo zile peyi dayiti, li nan Depatman Lwès . Zile a gen yon longè anviwon 60 km , 15 kilomèt nan lagè pou yon sipèfisi anviwon 700 km2 ,li gen 2 komin (Ansagalè , Pwentarakèt) .

Ansagalè 6 Seksyon
1-PALMA
2-TISOUS
3-GRANN SOUS
4-GRAN LAGON
5-PIKMY
6-TITANS.
Pwentaraket 5 seksyon
1-LASOUS
2-GRAN VID
3-TWOULUI
4-TIPALMIS
5-GWO MANG.
nan lane 60 zile a te youn nan pi gwo espas ki te konn pwodiksyon Sitwon e zile a se te youn
nan kote ki te konn bay plis sitwon pou voye nan peyi entranje se depite akaye Lagonav(Luckner Cambronne) e ki te minis nan gouvènman Duvalier ki te responsab plantasyon sa yo zile a , te gen plis ke 600 ki t ap travay nan plantasyon sa yo.Clement Jumelle nan vizyon l kòm kandida pou prezidan peyi a te vle fe zile Lagonav sa vinn yon sant touristik pou peyi e konstui premye espas pou avyon poze e pemèt peyi relye ak amerik latin nan e zon Sid Amerik
la kote ayiti te gen bon relasyon, pou anpil moun se rèv sa ki rive materyalize ak prezidan Francois Duvalier , fe èpòt sa ki te pote non mayi gate e ki jodi a pote non Tousen Louvèti.
Lagonav gen anpil bèl plaj tankou Pwent sab ki se yon mevèy pou sab li yo ,
lans a rezen , Gran B, Lasous ak Grand vid , Boucan lotore zòn ki kote yo fe Festi Pwason . mòn li yo (Chen kontan , Lapye , Morikò , Danvil) yo ki reprezante yon sant pou peyi a nan sekte telekominikasyon , Zile a kapab zòn santral nan anpil sektè nan peyi a ex nan sekte maritim nan ki ka pemèt
konekte majorite depatman sou peyi a .
yon gwo zile ke leta konnen nan moman eleksyon , pa janm gen de gwo pwojè sitou nan koze touris ki te kapab vann zile ak tout lòt peyi.
Pi gwo fyete zile a repoze nan espò ak Roulado FC ki make listwa moun zile a ak 2 tit chanpyon nasyonal(2002 seri ale ,2003 seri retou ) kote Prezidan Savil
Dessaint pou anpil Gonavyen (Wa Savil ) te konstui premye e pi gwo enfrastrikti nan sektè sa ki pote non l e ki vini 2e kote sou tout peyi a nan lane 1997 foutbòl te kapab jwe nan nwit ak sistèm ekleraj li a.
Jean Rebert Menelas(Pele Gonavyen) ki rete pi gwo jwè ROULADO FC konnen nan egzistans li.
Nan lane 2015 nimewo 7 Meme te retire sou mayo ekip Zile a pou montre sa Pele Gonavyen an reprezante pou nou.

Merci P D’Orléans D.