CSI(College la Sève de l’Ile) pral an fas CMJG(College Mixte Jerusalem de la Gonâve) pou premye match nan 6e edisyon pi ansyen chanpyona enstèskolè sou zile Lagonav .
Samdi sa CSI(pou anpil Fanatik CPI ) chanpyon 2025 la pral batay pou kenbe tit la yon lòt fwa ankò.
CSI se sèl ekip ki chanpyon 3 fwa youn kote ak lòt nan 20 denye ane sa yo.
Chanpyon 2016 sou Wesco
Chanpyon 2017 sou CNS
Chanpyon 2018 sou CSBB
sou 10 denye ane sa yo CSI se sèl ekip ki pa janm pdi Final li yo sou 4 Final li chanpyon nan tout e 2 nan final sa yo se kont 2 pi gwo lekòl ki pase nan chanpyona enstèskolè sou zile a.
CMJG(College Mixte Jerusalem de la Gonave) kote pa se youn nan ekip ki pi konstan nan chanpyona enstèskolè yo men ki pa janm rive nan denye kare e rive pran yon tit , eske l posib ane sa ?
Randevou se pou 14 Fevriye 2026 la 3:00 PM .
ADM :200 Gdes
