Lagonav Telekominikasyon

Apre 20 Lane zile La gonav resevwa enstalasyon materyel nan espas ki plis stratejik nan domèn telekòm.
Se premye e sèl site sou zile La Gonav ki byen pozisyone .

Chen kontan se 2e kote ki pi wo sou zile a(748 m wotè pa rapò ak lanmè ) sa yo rele altitid la .
Lè w chen kontan ou domine preske 2/3 sou zile a .

Avèk Enstalasyon Antèn Natcom Chen kontan an anpil nan zòn kòt yo (Pwent Sab ,Pikmi ,Twou Jak ,Plèn mapou ,Mò lapye ak anpil zòn ki nan anviwonman 360• avèk chen kontan ) e ki prive sevis Kominikasyon pral gen aksè pou yo pale e fe entènet .

Ak antèn chen kontan an si ta gen yon problem teknik nan antèn nan sant vil Ansagalè ou Zòn tankou Nan kafe Troulouijeune menm Gwo mang sit sa ta dwe gen kapasite pou kouvri zòn sa yo swivan ekipman konpayi Natcom mete sou tawè a.

Antèn chen kontan kapab bay signal anpil zòn sou gran tè nan ka ou antèn ki tou prè yo a pa fonksyone .

Kounya ki modèl ekipman yo pral mete sou tawè pou bay yon pi bon kalite signal?

An nou fe kèk rapèl pou nou
Nan Telekominikasyon toutan frekans la pi ba siyal kap degaje rive pi lwen .

Se rezon sa ki kòz nou we gen zòn moun jwenn signal 2G e nou we gen lòt kote nou kapab jwenn signal 3G ou 4G sou telefòn nou si n site yon zòn tankou tè rouj nan sant vil Ansagalè a anpil moun toujou pa jwenn siyal pou yo fe entènet .

Gen yon koze obstak ki konn afekte distans e kalite siyal yo ,gen zòn se mòn yo ,bwa yo e kay yo sitou nan sant vil yo e fason yo plase antèn yo.

Gen yon tèm yo rele tild(oryantasyon antèn nan vètikalman sou tawè a.
Gen kote yo desann li(Down) e lòt kote yo monte pou l ka ale pi lwen (Up)
Gen yon lòt yo rele l tild elektrik kote se sou sistèm nan yo fe l .

Yon antèn 2G gen frekans 900 Mhz
Yon Antèn 4G mache sou frekans 1700 e plis
Wifi se 2.4 5 Ghz e plis ….

Pou l yon viktwa fòk konpayi yo prè pou yo travay sou plizye fasèt.
Anou fe yon yon rapèl ,nan peyi serye yon site telekom paka gen yon sèl sous enèji(minimum 2).
✓ 1-Jeneratris
✓ 2-Enèji solèy

Nan peyi a e sou zile a Digicel fe chwa jeneratris ki paka kenbe ka ou paka fe yon jeneratris ap mache 24 sou 24 e movèz jesyon Gaz yo se yon lòt aspè ki konn youn nan koz yo.
Natcom fe chwa Pano soley ki se yon sistèm kondisyone ka si pa gen soley pa gen sèvis e sa kòz sit yo tonbe chak jou .

2e bagay konpayi yo dwe travay se koze transmisyon sou rezo yo.
Chen kontan ta dwe rezoud problem sa jodi a pa rapò ak posizyon jewografik li .

Main Link (Siyal prensipal la t ap soti Pòtoprens e lè rive chen kontan yo fe distribisyon an pou :
1-sèvi tout zile a
2–Sèvi zòn Nò a nan ka neg yo ta koupe kab sou wout nasyonal #1 .

3-Sèvi zòn sid la nan ka si nan zòn kafou yo ta koupe kab Fib Optik yo nou konnen Natcom ak Digicel ap enplemante sou tout peyi a.

Site chen kontan kapab vinn youn nan sit ki ta dwe plis enpotan pou Natcom sou zile a si yo prè pou yo aji ka se plis 30000 moun andan kominote yo ki pral gen aksè ak sèvis sa e ranfòse kapasit transmisyon yo.

Tags:

No responses yet

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *