Charles Pierre(Chal Pye) se te yon kapitèn lame ki te dirije Komin Lagonav nan lane 1961 pou rive 1965 selon sa granmoun yo di sou zile a. Nan epòk sa , yon komin te toujou dirije pa yon lyetnan, men popilasyon an pa konnen pou kisa yo te voye yon Kapitèn ki te dirije Komin Lagonav.
Eske se pa rapò ak sipèfisi zile a? nou pa konnen.
Lagonav te vin komin nan mwa me 1924 . Lè sa se te tout zile a te yon sèl komin.
Chal Pyè se te yon nonm ki te wo e gwo, men li te gen vwa yon fi. Li te gen yon èd de kan ( yon sòlda) ki te akonpaye l tout kote l pase . Se èd de kan sa pou l bay lòd pou l fè moun ki an kontravansyon an fè sa Chal Pyè vle pou moun nam fè kòm pinisyon ,Èd de kan te rele PONYA . Si n ta tradui non Ponya nan lang fransèz la , nou t ap di ke misye te rele POIGNARD.
Pèsonaj sa (Chal Pyè/ ‘’Charles Pierre’’) ki rete youn nan pèsonaj trè popilè nan istwa oral Lagonav . Prèske tout moun nan zile a te konn pale de li chak jou kòm yon tiran zile a te konnen nan istwa l ke n p ap janm bliye.
depi yon moun refize fè yon bagay ke li ta dwe fè, yo di l “SI CHAL PYÈ te la ou t ap fé l oubyen ou t ap gentan fè l deja”.
Si Chal Pyè òdone w monte yon pye kokoye, konn monte ou pa, ou oblije monte l. Si l mande w pou w manje yon manje cho, boule ou pa, fòk ou manje l. Nenpòt sa l òdone w pou w fè, ou oblije fè l. Sinon, w ap wè 7 koulè lakansyèl.
Épòk sa, legliz pwotestan t ap mache konvèti moun Lagonav, epi te gen anpil « sosyete kongo » sou zile a toujou.
Yon dimanch, gen yon jènòm ki te rele « Jean-Gilles » ki te soti legliz. Epi devan Chal Pyè, pou jete pay nan pwa kòmandan, misye di ‘’MWEN MENM M PA YON VAGABON, SE LEGLIZ MWEN SOTI KÒMANDAN’’. Chal Pyè ak ti vwa fi li a reponn Jean-Gilles. Li di l ebyen ‘’mwen m se yon vagabon’’! Sa w tande a, menm kote a Chal Pyé di Ponya fè misye danse ban mwen. Frè a ki ak tout bib li anba bra l te oblije danse. Sinon li t ap wè Vendredisen anvan Nwèl ak Chal Pyè.
Pou anime dans lan, Chal Pyè fè mizik ak bouch li. Kòm misye gen yon ti vwa fi, Chal Pyè jwe vaksin ak bouch li e sèvitè a te oblije danse. Aprè dans lan, Chal Pyè di misye li mèt ale epi respekte chèf.
Kouman Chal Pyè te fè vini dou kou yon mouton anvan l te kite la Gonâve e kòman li te vin kite popilasyon la Gonâve la trankil?
Pastè Levi Twayè (LEVY TROYER) ki se yon pastè Ameriken ki te vini la Gonâve pou « mission Wesleyenne ». Pastè Twayè rive la Gonâve vè 1945-1946. Se pastè Twayè ak misyon Wesleyen ki te mete tiyo piblik bò plas la, anfas kazèn nan, vè 1945-1946 tou. Se pastè Twayè ki vini ak premye machin sou zile a : Yon Jeep Willys. Se pastè Twayè ki te an premye kòmanse trase wout kawosab sou zile Lagonav pou l te ka kouri machin li.
Yon jou tiyo a deranje, dlo pa koule ladann. Pasté Twayè al gade sak genyen, l ale pou l al repare tiyo, oo! Chal Pyè vekse pou l wè li la kòm gwo kapitèn tout zile a, epi pou pastè Twayè ap ouvè kò l konsa sou zile li a.
Chal Pyè arete pasté Twayè. Sétfwasi se pa Ponya l voye ni bay lòd, se li an pèsòn k al arete pastè a.
Men Chal Pyè konnen ke pastè Twayè te gen gwo kontak ak gouvènman Duvalier nan epòk la, anvan l arete pastè a , li voye kèk jandàm al siveye chaloup pastè a pou lè l lage pastè a pou pastè a pa monte Pòtoprens al pote plent kont li.
Lè l vin libere pastè a, pastè a fè tankou tout bagay fini. Epi aprè yon tan, Chal Pyè fè jandàm yo kite chaloup la. Pastè Twayè siveye misye, li tchap li monte chaloup li epi li gaz pou Pòtoprens.
Pastè a al nan Grankatye jeneral lame a nan Pòtoprens, l al pote plent kont Chal Pyè. Nan demen maten, yon ti avyon desann Ansagalè , Grankatye Jeneral lame Dayiti a voye leve Chal Pyè nan Lagonav.
Tout Moun Lagonav santi ke se yon delivrans pou yo , paske yo leve Tiran sa yo rele Chal Pyè a.
Lè Chal Pyè rive nan Grankatye Jeneral nan Pòtoprens, yo di misye, gade, pa janm vire je w gade lanmè a, vwa si w ta panse ak dirije Lagonav. Oo! Aprè 15 jou, yon elikoptè desann devan kazèn nan, kiyès li pote tounen, Chal Pyè ! Tout moun Lagonva se men nan tèt. Yo te panse ke Chal Pyè te ale , men misye tounen pirèd.
Lè Chal Pyè tounen, nan dimanch maten, tout moun nan legliz Wesleyèn nan gade yo wè Chal Pyè debake nan legliz la. Tout moun koumanse ap rele letènèl. Yo panse ke se revanch Chal Pyè vin tire sou yo. Poutan, li kanpe nan legliz la, li mande lapawòl. Li mande pastè Twayè padon ak tout fidèl li yo.
Depi jou sa, Chal Pyè te vin dou kou yon mouton, jis Gran katye Jeneral lame Dayiti a te voye dezafekte l pou tout bon vre kòm kòmandan Lagonav .
ki istwa w te konnen sou Kapitèn/kòmandan Chal Pyè?
Jeanne Laure Roseme
Sociétés Congo La Gonave
Imaj IA
