Listwa mòg yo sou zile a .
Avek evolisyon tan yo koze mòg pral rantre sou zile ak yon Mizisyen ki te konn jwe Saksofòn ki rete AMOS Loty e mòg sa te rele Sablon Jean ki te nan Lokal Julien Verdieu te gen mòg li a .
1993 Sablon Jean Chapèl Finerè pral kòmanse fe kèk antèman men moun zile pat ko prè pou fe yon transisyon konsa se mouri Jodi apre 2 3 jou moun nan antere .
Loty pwopriyete mòg sa pral fe aksidan nan espas nou wè lekòl pwofesyonel ki bò lise a e li pral kite zile Lagonav e mòg sa vinn pa
fonksyone.
Lucien Verdieu kote pa l pral fe chimen l pou l mete Mòg pal ki te rele Lucien Verdieu Chapelle Finerè ki pral pote touch pa l nan sektè e pase pa JIB chapèl Finerè ki pral yon gwo konkiran pou Lucien Verdieu kote nou pral jwenn piblisite nan sèl Radyo(Radyo Cristal FM) nou te gen sou zile a nan moman an ak slogan Depwi w fe mòg la jwenn yon moun w ap gen lajan e menm si l se fanmi w .
Jodi a gen anviwon 30 mòg sou zile a majorite nan sant vil Ansagalè.
- 1-JIB Chapelle Funeraire
2-FEMJES Chapelle Funéraire
3-VISION MORGUE Chapelle Funéraire
4-SION MORGUE Chapelle Funéraire
5-ST IZIDOR MORGUE Chapelle Funéraire
6-CLASS MORGUE Chapelle Funéraire
7-FLORIDA START Chapelle Funéraire
8-SHELOBISE MORGUE Chapelle Funéraire
9-ALLIANCE MORGUE Chapelle Funéraire
10-ANGE DE DIEU (Bwa chenn)
11-Volonté de Dieu (Plezans)
12-Faveur de Dieu (Zabriko)
13-Grâce de Dieu ( nan pikan Zabriko )
14-Nikson chapelle Funéraire (gwo Manman )
15-Vanité Enprerise Chapelle Funéraire (Zabriko)
16-PARADIS Chapelle Funéraire (Zetwa)
17-Trinité Chapelle Funéraire ( Nan Kafe)
18-La pelle des Antilles (Nan Kafe)
19-CRIC Crac (Nan Kafe )
20-Clasicum (Bwa Pen)
21-Rayon Espoir (toulanfè )
22-Phamtom et Fils (Ti palmis)
23-Benson Morgue/Anse à Galets (Troulouijeune)
24-Suprême Morgue(Bas Azile )
25-Gonave Plus (Masikren)
26-Energie Chapelle Funeraire (Doub Salin)
27-Tann Bondye Chapelle Funeraire (Palma)
28-Agogo Chapelle Funeraire (Pwentaraket)
29-Silence Chapelle Funeraire(lapalmis)
Kesyon nou kapab poze Kòman moun zile te wè mòg yo 30 lane avan sa?
Jodi a Kòman yo wè mòg yo ?
Eske se mòg yo ki kòz moun mouri sou zile a konsa ?
Eske gen bon jan prèv ki pwouve mòg yo konplis ?
Kisa ki koz Jodi a anpil vle envesti nan sektè ?
Pouki tout lajan a depanse pou antèman yon moun ?
Objetif tout antrepriz se fe profi(Lajan ) e tout antreprenè ap toujou vle mete lajan yo yon kote yo konnen yo p ap fe fayit .
Biznis mòg se yon aktivite ki transvèsal kote retonbe vini pou anpil lòt antite swa dirèk ou endirèk .
Nan lane 2019 ,2020 COVID 19 la pral bay yon lòt touch nan sektè sa avèk kouvèti medyatik aktivite antèman yo paske nan Moman sa li te difisil Pou dyaspora vini nan antèman yon fanmi yo e medya yo pral sous pou pèmèt sila yo wè fineray yon fanmi yo.
Jodi a majorite mòg yo gen yon medya ki gen kontra ak yo pou sèvis sa ,yon Sèl mòg ki fe aktivite pa l se SION mòg ki gen paj pa l pou fe retransmisyon l .
Ann gade retonbe yo .
FANFA se de aktivite mòg yo viv , se prensipal sous revni yo e nou ka wè kantite fanfa ki pran nesans 5 denye ane sa yo paske antèman paka chante San fanfa
Moun k ap fe dekorasyon yo ,chofè machin yo San konte anplwaye dirèk ki nan mòg yo.
Pou 2025 la 2 medya ki fe plis retransmisyon antèman sou zile lagonav fe anviwon 2.000.000.00 Gdes pou n di n ki sa mòg yo pote pou medya yo .
Deba yo kontradiktwa anpil denye jou sa paske anpil jèn fanm ak gason mouri nan kondisyon moun paka expljke men moun te toujou konn mouri nan kondisyon pyès moun pat ka explike 30 lane avan sa.
Mòg yo viv sou moun mouri e etid yo bay chak jou nan tout mond la gen 157.000 moun ki mouri chak jou ,gen se grangou ,gen se maladi aksidan ,granmoun konsa tout se kout poud sitou nan reyalite peyi n .
Kounya eske pou ou menm se mòg yo dirèk ki touye moun yo ?
Peyi n se yon espas moun pa vle wè moun ke l te legliz ou pa ka listwa yo bay Pastè toujou Pastè pou l ka pran plas li , yon nég wè w ap fe ti pwogrè apre anpil mizè w pase pou w rive la li di w ou pa dwe viv .
Ou fe yon ti bagay nan katye bò Lakay ou nèg la di w ou pa dwe viv de li .
2 3 jou ou tande w domi ou pa leve ou byen li fe w depanse tout sa w te gen nan trètman se reyalite Lakay nou.
Anpil moun mouri paske yo pa Janm al konsilte yon Doktè maladi a ap manje andan moun nan se nan denye etap la li deklare e pa gen anyen ki kapab fèt ankò moun nan mouri ou tande yo di w non moun sa paka mouri senp .
Anpil mouri tou ak yon kout pyès ,e lòt bagay mistik moun paka explike.
Ann gade dyaspora a li menm ,Pouki nou ap batay pou n fe antèman 200.000 Dola e nou kote manmi nou papi nou ou yon pwoch nou mouri nan grangou e paske l pat Janm jwenn swen sante eske nou oblije al vann yon mò apre pou n ht l pou tout kòb sa ?
Sa nou dwe konnen timoun mouri nan vant ,li fèt li ka mouri menm jou ,moun mouri ak tout laj.
An nou gade bagay yo sou tout ang yo.
Zile pa m
