Listwa Televizyon sou Zile Lagonav

Listwa Televizyon sou Zile Lagonav

Listwa Televizyon sou zile aListwa Premye televizyon sou zile Lagonav  vini ak Madan Kons nan lane 1975.

Listwa premye televizyon vini sou zile a ak madan Kons ki te soti sou gran tè a (Gran Gwav )  e te vinn  rete sou zile a nan premye mwatye 20e syèk la .
Madan Kons premye moun ki gen Televizyon sou zile a te gwo machann  nan Lakou Magazen ,se te youn nan pi gwo machann ki te gen nan epòk la .

Avan nou rive sou premye Televizyon sa ki te enstale l kay madan Kons an nou fe yon ti retro nan koze TV.

Televizyon se yon zouti nan sektè telekominikasyon ki enpotan anpil pou kominote a e pèmèt de Milyon moun rete Konekte .
Se te Fui travay yon ekosè John Logie Baird (1926) e Ameriken Philo Farnsworth (1927 pou n te komanse ap viv sa ki ap pase nan mond la.

Avan 1959 nou pa t gen chèn televizyon nan peyi dayiti , se yon 13 desann nan 1959 nou pral konnen aparisyon tele Haiti ki te gen relè(Antèn li )boutilye .

Nan lane 1971 tele Haiti ta pral bay siyal pa kab e nou ta pral kòmanse gade match nan TV Koulè .
20 lane apre swa yon 23 Desanm 1979 Televizyon Nasyal dayiti inogire sa ki ta pral pote anpil pou sektè telekominikasyon men fòk nou di TNH te fe premye tès li nan difizyon koup dimond la nan lane 1978 .

Nan Moman an yo te gen kat zòn yo te mete antèn pou te pèmet tout moun jwenn siyal .

  1. Boutilye
  2. mòn Chen Kontan (Lagonav) 
  3. Pilboro(Bijou)
  4. Viji(Okap)

TNH t ap emèt sou 8 ,10 , 12 , 4.

Zile Lagonav pa rapò ak pozisyon jeyografik nou reprezante yon gwo pilye nan sektè Telekominikasyon nan peyi .Lagonav pou kont pa l kapab relye majorite depatman nan peyi a .

Chen kontan, Mòn Morikò ,se kote ki pi stratejik nan sektè sa ak mòn dandevil sou Tamaren .

1974 moun zile te swiv  mondyal la nan peyi lalmay sou radyo .

Pou premye televizyon zile a se te nan kay madan Kons nou te fe premye konesans ak teknoloji sa nan lane 1975 nan vye magazen.
Yon ti Televisyon nwa e blan tou piti men ki te gen yon kapital enpotans , se te moun ki gen bon mwayen nan moman ki te gen yon TV lakay yo.

  • Se tankou yon maji pou w Devan yon ti ekran nwa /Blan pou w ap gade film e w pa konn kote moun yo soti .
  • Se te anba anpil peripesi pou w te fouye je w pou gade nan tv sa e se te yon mèvèy pou di yon nèg ou sot gade Televizyon kay madan Kons.
  • Nan kèk ane aprè (1978) nou pral jwenn yon Televizyon kay Majistra Isaac Coq Louverture ki gen boulva ki pote non l pou sa li te fe sou zile a.moun konn sot tout kote pou vinn gade match men Televizyon te parèt pi gwo pase pa madan Kons la.

Nan Lane 82 tele Haiti te gen 15 chèn nou te kapab swiv pwogram li yo .

1986 kèk moun te kòmanse gen Televizyon Lakay yo e nou pral fe konesans ak TV koulè toujou kay Majistra Coq Louverture .

Se pral yon Tounan majè nan vi moun zile ak teknoloji sa .
1990 kantite Televizyon yo Kòmanse ogmante ak dyaspora yo.

Apre 2010 nou te antre yon nouvel peryod nan koze Televizyon e moun zile pral kòmanse fe konesans ak Canal Sat ki Jodi a vinn Canal plus .
Plis pase 2 lane se yon teknisyen potoprens ki te kapab enstale antèn sila yo sou zile a .

2012-2 teknisyen (Atherty e Aland ) pral bay tèt yo misyon pou redui depandans zile a sou gran tè a ,yon experyans ki pral kòmanse nan Radyo Lagonav e ki pral fe chimen l kote lè yon moun gen pwoblèm nou rezoud li e yo pa bezwen pral tann yon teknisyen ki pou soti pòtoprens e pri transpò a se kliyan ki dwe peye .

Sa ta pral pèmèt nou monte ak 2 lot mesye yon antrepriz ki rele GONAVE TECH .
2020 preske model antèn analojik ak Modèl Televizyon yo kòmanse chanje sou zile a nou ap antre nan koze Televizyon nimerik ak yon koneksyon pa Satelit ki pral baskile sektè vant ekipman sa yo.
jodi a tout moun se Canal plis ka pa gen vire m la tounen m la jan te ye 15 lane avan ,kote kalite imaj la pa bon e si pa gen kouran TV sa ki anolojik konn redwi nan ekran an.
Jodi a plis pase 20% moun zile gen yon TV Nimerik Lakay yo  e nan 5 lane k ap vini yo sèvis entènet la kapab baskile l nan yon lòt modèl Televizyon ki kapab fonksyone ak entènet ka depi 3 lane STARLINK redui eka moun ki te konekte sou zile a e rive fe sa 2 konpayi  telefoni gen yo  pat kapab fe.

Soti nan premye Tv nwa e Blan pase nan Televizyon koulè ,tonbe nan Tv pa satelit e baskile nan Televizyon entèlijan ki kapab fonksyone ak entènet sitou ak Zile Konekte(premye konpayi lokal ) ki ap vann sèvis entènet nan sant vil Ansagalè a.

Chak jou se yon pa nan nouvèl teknoloji yo.

redaksyon : Zile pa m

Sous: Daham Laguerre/ Ing Athou/ entène