Lagonav yon zile vilnerab

Tout sa rive 26 Oktòb 2026  la monte nivo vinerabilite zile a, se pa yon siklòn ki pase se yon tanpèt e sa deja fè gwo dega nan sant vil ansagalè si n ta pran mache Lala pou rive Magazen .

1

N ap peye movèz desisyon ki pat janm pran andan komin nan 20 lane ki sot pase yo . 

Nou espere otorite nou yo pran responsablite yo ,nèg k ap vann tè nan  kouran an , moun k ap bay pou ti bout tè nan kouran konprann frajilite espas sa e ki malè pandye ki gen sou tè moun envestisman yon moun ta fè nan espas kouran .

𝐋𝐞𝐭𝐚 𝐩𝐚𝐤𝐚 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 𝐚𝐩 𝐧𝐚𝐧 𝐛𝐚𝐲 𝐨𝐭𝐨𝐫𝐢𝐳𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐮𝐫𝐚𝐧 𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐟𝐞 𝐭𝐨𝐧𝐞̀𝐥 ,𝐬𝐞 𝐯𝐫𝐞 𝐲 𝐚𝐩 𝐫𝐞𝐧𝐦𝐞𝐧 𝐧 𝐦𝐞𝐧 𝐬𝐞 𝐧𝐨𝐮 𝐲𝐨 𝐩𝐫𝐚𝐥 𝐝𝐢 𝐤𝐢 𝐭𝐞 𝐝𝐚𝐤𝐨̀ 𝐲𝐨 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐭𝐮𝐢 𝐥𝐚.

Se yon ti dlo ki pase pa rapò ak sa ki konn pase nan sant vil la ni ta pran Mathew ki te pase 2016 ou Sandi 2012 .

Nou dwe aprann renmen tèt nou ke byen materyel yo, pa gen anyen ki kapab ranple yon vi , dwe gen bon jan  sansiblizasyon ki fèt pou n evite pèdi vi ak byen  nan kominote a .

Jodi a Leta dwe aji vit soti nan kouran pase nan 2 salin yo e mete entediksyon pou moun pa konstui nan espas frajil yo.

Se vre desizyon yo pral fè moun mal men nou dwe pran bon jan desizyon pou pita pa pi tris .

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire