Soti nan premye eksperyans li sou teren Lagonav rive nan seleksyon nasyonal jèn yo, epi nan karyè li kòm jwè ak antrenè, Marcus Stama ap trase yon chemen ki merite atansyon nan foutbòl Gonavyen an.
Premye pa li nan foutbòl sou zile Lagonav
Se sou teren Lagonav, sitou nan espas lekòl kote Pierre Witney te ye a, nan zòn ki gen rapò ak BDS ak Lekòl Nasyonal la jodi a, Marcus Stama te kòmanse fè premye pa li nan foutbòl. Se te yon jèn ki te gen pasyon pou boul la, nan yon anviwònman kote foutbòl te reprezante youn nan pi gwo espas ekspresyon pou jèn yo.
Apre yon tan, Marcus ta pral kite zile Lagonav ansanm ak sè li, Mirlande Mares, pou yo al enstale nan kapital la. Mirlande yon malad foutbòl te toujou vle ede pou gade kòman li kapab pote touch pa l nan foutbòl lokal sitou enterè l pou ta gade zile pwodui de gwo jwè tankou Menelas ta pral materyalize rèv sa ak yon vizyon pou ede jèn talan jwenn opòtinite pou devlope talan yo.
Se nan lide sa a li ta pral mete sou pye yon ti ekip ki rele NO EXIT, nan Delmas 17. Objektif la se te rasanble jèn yo, dekouvri talan yo epi ba yo yon espas kote yo te kapab devlope kapasite yo nan foutbòl.
No Exit ak Epervier: Premye etap nan yon gwo Avanti sa pou coach Marcus
Se nan zòn Dadadou, Delmas 3, Mirlande te kòmanse dekouvri kalite talan frè li yo, Benchy ak Marcus, te genyen. Li ta pral mete yo nan yon lekòl foutbòl ki rele Epervier pou yo te ka jwenn plis fòmasyon epi devlope kapasite yo.
Nan chanpyona katye yo, chak fwa No Exit te prezan, se te yon plezi pou moun gade jèn jwè sa yo k ap evolye sou teren an. Yo te montre teknik, detèminasyon ak yon pasyon ki te fè anpil moun te remake yo.
Pou Marcus ak lòt jèn ki te nan anviwònman sa a tankou Benchy Estama , chak match te reprezante yon okazyon pou aprann, pwogrese epi pwoche pi pre yon karyè nan foutbòl.
2007: Marcus antre nan seleksyon nasyonal U14 la
An 2007, lè li te gen 14 an, Marcus te fè pati yon gwoup jèn jwè ki soti Lagonav ki te patisipe nan yon chanpyona rejyonal pou reprezante zile Lagonav.
Konpetisyon sa a ta pral make yon etap enpòtan nan karyè li. Se gras ak pèfòmans li nan konpetisyon an Marcus ta pral jwenn opòtinite pou antre nan seleksyon nasyonal U14 peyi d Ayiti a ansanm ak Benchy ak Pompé Madoché ki konnen de bèl moman nan seleksyon jèn yo.
Se te yon gwo etap pou yon jèn ki te kòmanse jwe sou teren lokal Lagonav yo ki pat gen pyes enfrastrikti.Eksperyans andan seleksyon te louvri pòt pou li dekouvri yon lòt nivo foutbòl peyi epi mezire kapasite li ak lòt jèn talan nan peyi a.
Shana ak Violette: Yon lòt nivo nan karyè li
Lè Marcus te gen 16 an, li te antre nan Shana, yon akademi foutbòl ki te fonde an 1999 ak objektif pou kontribye nan devlopman foutbòl jèn nan peyi d Ayiti.
Se nan Shana li te kòmanse pran plis eksperyans, resevwa fòmasyon epi prepare tèt li pou etap ki t ap vini yo.
Apre anviwon yon ane, li ta pral vin jwè premye divizyon ak Violette Athletic Club. Malgre li pa t rive fe gwo siksè ak ekip sa a, men pakou sa te reprezante yon etap enpòtan nan aprantisaj li kòm jwè.
Don Bosco: Yon peryòd ki make karyè li kòm jwè e vini pami sèk fème Gonavyen ki konnen yon tit chanpyon.
Kat ane aprè, Marcus ta pral kite Violette pou l al jwe nan DON BOSCO FC Petyonvil. Se la li ta pral viv kèk nan pi bèl moman karyè li kòm jwè, ak 2 tit chanpyon li te genyen ak ekip sa.
Peryòd sa a te make tou yon moman espesyal pou prezans jwè Gonavyen yo nan foutbòl nasyonal la. Apre Roulado FC, Don Bosco rete youn nan ekip ki asosye ak yon gwo prezans jwè ki soti Lagonav.

Depi Anthony Lafontant, ki fè premye pa l nan Don Bosco nou pral jwenn yon lòt jenerasyon jwè tankou Benchy Stama, Massigno Joseph, Marcus Stama, Samuel Deroches, Samuel Madoché, Jeffson Origène ak lòt ankò, anpil Gonavyen te kontribye nan bèl paj istwa ekip petyonvil la.
Se sitou nan ane 2015 la prezans plizyè nan jwè sa yo te vin pi remakab. Se te yon peryòd ki rete make fanatik k ap swiv jwè Lagonav yo nan foutbòl ayisyen an
Soti nan jwè pou rive nan antrenè
Aprè eksperyans li kòm jwè, Marcus ta pral pran yon desizyon enpòtan: mete karyè jwè li sou kote pou l konsakre tèt li nan fòmasyon ak devlopman pwofesyonèl li, ak objektif pou l kontinye sèvi foutbòl la nan yon lòt dimansyon.
Li te chwazi aprann plis sou metye antrenè a, devlope konpetans li epi prepare tèt li pou travay ak nouvo jenerasyon jwè yo.
Apre fòmasyon li kòm antrenè jèn, Marcus ta pral retounen nan Shana, youn nan akademi foutbòl ki gen yon istwa nan fòmasyon jèn nan peyi a. Fwa sa a, li pa t retounen kòm jwè, men kòm yon moun ki te vin gen responsablite pou ede lòt jèn devlope talan yo.
Eksperyans sa a te pèmèt li mete konesans li te akimile kòm jwè ansanm ak nouvo konpetans li t ap devlope kòm antrenè.
Yon nouvo chapit nan Don Bosco bò kote Coach Nathoux
Aprè plizyè ane eksperyans nan domèn fòmasyon an Jèn, Marcus retounen yon lòt fwa nan Don Bosco FC, men nan yon nouvo wòl. Fwa sa a, li antre nan staff teknik la bò kote Coach Nathoux, avèk objektif pou pote kontribisyon pa li nan travay ekip la.
Retou sa a reprezante yon lòt etap , paske li bay Marcus opòtinite pou l mete eksperyans li kòm ansyen jwè ki konnen ekip byen ansanm ak coach ki te pèmet li chanpyon ak Don Bosco .
Li vin patisipe nan yon travay kolektif kote objektif la se ede ekip la avanse, amelyore pèfòmans li epi kontinye konstwi yon idantite espòtif ki ka pèmèt li rete konpetitif.
Yon opòtinite pou grandi epi sèvi foutbòl ayisyen an
Nan yon kout konvèsasyon nou te genyen ak Coach Marcus, li te fè nou konprann nouvo responsablite sa a se yon opòtinite pou li kontinye grandi, pandan l ap mete kalifikasyon l ak konpetans li nan sèvis foutbòl ayisyen an.
Li eksprime tou espwa pou yon jou li kapab jwenn opòtinite pou dirije nenpòt ekip sou teritwa nasyonal la.
Se yon objektif ki mande travay, disiplin, eksperyans ak devouman. Men, chemen li deja trase a montre kijan yon jwè kapab kontinye sèvi espò a menm aprè li fin kite teren an kòm jwè.
Yon fyète pou Lagonav ak yon egzanp pou jèn yo
Chemen Marcus Estama a se yon istwa ki soti nan teren lokal Lagonav yo pou rive nan staff teknik Don Bosco a . Se yon tranzisyon ki montre enpòtans fòmasyon, pèseverans ak volonte kapab pote nan vizyon yon moun .
Selon enfòmasyon ki disponib , Marcus vini 2e Gonavyen ki rive antre nan yon staff teknik yon ekip an deyò zile a aprè Coach Waron nan lane 2014 ki te antrene ekip Ti Rivye Latibonit (ASR) .
Pou jèn Gonavyen k ap reve fè karyè nan foutbòl, chemen li a kapab sèvi kòm yon sous enspirasyon. Siksè nan espò pa limite ak sa yon moun reyalize kòm jwè; li kapab kontinye atravè fòmasyon, antrenè, devlopman jèn ak lòt responsablite teknik.
Jodi a, pandan Marcus ap ekri yon nouvo chapit nan karyè li bò kote staff teknik Don Bosco a, Lagonav gen rezon pou l suiv pwogrè li avèk enterè.
Bon travay, Coach Marcus Estama ! Se pou nouvo etap sa pote plis eksperyans, plis opòtinite ak plis reyalizasyon nan sèvi foutbòl ayisyen an.
Redaksyon Zile PAM

Soyez le premier à commenter