Ou vle jwen ? prepare oktòb ou
Gen kèk pawòl ki senp nan bouch, men ki pote anpil leson nan lavi a .
“Ou vle jwen, prepare oktòb ou.” Se youn nan pwoveb nou jwenn anpil nan sistèm edikatif nou yo, li trè difisil nan lekòl yo sitou kòmansman ane akademik la pou w pa jwenn afich sa sou tablo lekòl yo.
men li pa limite sèlman nan lekòl. Li kapab aplike nan anpil domèn nan sosyete a,nan agrikilti, nan antreprenarya, nan devlopman kominotè, nan lidèchip, e menm nan politik.
Nou kapab mete l bò kote yon lòt pwovèb nou konnen byen:
“Se pa lè dòmi nan je w pou ranje kabann ou.”
Tou de pawòl yo pote menm leson an: rezilta pa fèt nan dènye moman an. Preparasyon dwe fèt avan bezwen an rive.
Nan sistèm edikatif la, yon elèv ki vle reyisi pa ka tann dènye mwa lekòl la pou l kòmanse travay.
Si li konnen ane akademik la ap mennen l jouk nan mwa jen, se depi nan kòmansman ane a li dwe mete tèt li nan travay. Li dwe prepare kaye li, òganize tan li, suiv kou yo, poze kesyon, fè egzèsis epi korije feblès li yo.
Lè jen rive, rezilta a pa yon kout foud paske l te prepare chita l.
Nèg andeyò konnen valè preparasyon latè.
Moun ki abitye travay tè konnen yon bagay anpil moun bliye: rekòt pa kòmanse nan jou ou al ranmase l.
Anvan yon moun espere jwenn bon manyòk, bon mayi oswa yon lòt bon rekòt, gen tè pou prepare e gen metòd pou w aplike pou w jwenn sa w bezwen an. Fòk li vire tè a, netwaye teren an, chwazi bon moman pou w plante, pran swen plant yo epi tann.
Si teren an pa pare, rekòt la ap peye konsekans lan e se pral yon lane gaspiye .
Se menm prensip la nan lavi moun e l pa diferan nan koze politik andan kominote yo.
Jodi a, ann pran pawòl sa a nan yon lòt kontèks: politik peyi a ak politik kominotè a.
Politik se yon sektè kote anpil moun konn parèt lè moman an rive nou rele sa kandida Loray kale paske ou pa t janm tande yo eleksyon paret yo kòmanse soti nan tou yo pou vinn fe gwo pwomès.
Si se lè ou pral kanpe pou w di se ou ki chanjman anyen p ap janm chanje , si se pandan eleksyon ou pral parèt tèt ou di se ou pou yo vote ou riske disparèt apre eleksyon yo .
Men chanjman pa prepare nan dènye minit, sa mande anpil travay e toutan nou pa nan yon dinamis pou lavi fleri andan kominote a.
Yon moun ki gen yon vizyon pou kominote li pa bezwen tann eleksyon pou l kòmanse reflechi sou kominote a.
Li dwe konnen:
- Ki pwoblèm kominote a genyen?
- Ki priyorite yo?
- Ki resous ki disponib?
- Ki moun ki kapab patisipe?
- Ki pwojè ki posib e reyalizab?
- Ki sa ki dwe fèt an premye?
- Ki obstak ki ka parèt sou chimen ?
- Epi, sitou, ki plan li genyen pou reyalize vizyon sa?
Se la preparasyon vin enpòtan.
Kandida, depi kilè ou kòmanse prepare teren ou?
Kesyon sa a pa sèlman pou yon kandida politik.
Li kapab pou nenpòt fanm oswa nenpòt gason ki vle antre nan lavi piblik, sèvi kominote li, oswa pote yon chanjman.
Depi kilè ou kòmanse prepare teren ou?
- Si ou gen yon vizyon pou kominote a, èske ou deja kòmanse travay sou li?
- Si ou vle wè yon lòt kalite edikasyon, èske ou deja ap reflechi sou solisyon yo?
- Si ou vle amelyore agrikilti, èske ou konnen sa k ap pase nan jaden yo?
- Si ou vle amelyore enfrastrikti, èske ou deja etidye bezwen kominote a nan sektè sa?
- Si ou vle kreye travay pou jèn yo, èske ou deja chèche konnen ki opòtinite ki posib?
Paske yon vizyon ki pa gen preparasyon rete yon bèl pawòl.
Chanjman mande tan nou souvan renmen wè rezilta rapid ki pa fasil nan lavi a .
Yon kominote pa transfòme nan yon sèl jou. Yon lekòl pa amelyore nan yon semèn. Yon ekonomi pa grandi ak yon sèl diskou. Yon pwojè pa vin solid sèlman paske yo lanse l.
Epi paske li mande tan, li mande preparasyon.
- Li mande disiplin.
- Li mande pasyans.
- Li mande planifikasyon.
- Li mande kapasite pou kontinye menm lè rezilta yo poko vizib.
Se menm jan ak jaden an: apre ou fin plante, li mande fòk ou ba l tan , netwaye l e verifye si chak joug en pwogrè ki fèt.
“Se pa lè dòmi nan je w pou ranje kabann ou.”
Kisa ou deja kòmanse prepare?
Pou moun ki vle antre nan politik zile a, kesyon an pi dirèk:
Kandida, depi kilè ou kòmanse prepare teren ou?
Paske moun ki vrèman gen yon vizyon pa tann sezon eleksyon an pou l dekouvri kominote li.
Li aprann,li obsève, koute moun yo , li travay ak yo , li konstwi yon relasyon solid ak kominote a kip a chita sou eleksyon .
Epi lè moman an rive, li pa bezwen envante yon vizyon nan dènye minit. Li deja gen yon teren li prepare e se pa li k ap pote tèt li ale se kominote k ap di se ou nou panse ki ka pote van chanjman an.
Rezilta pa yon kout foud.
-
Si ou vle jwen, prepare oktòb ou.
-
Si ou vle bon rekòt, prepare teren ou.
-
Si ou vle chanjman n ap reve a , prepare l depi jodi a.
Atherty Augaus (Anba kalbas Tisous )

Soyez le premier à commenter