Objektif nou
Espas elektoral Zile pa m nan vize ankouraje yon popilasyon ki pi byen enfòme sou lavi demokratik zile a . Nou mete enfòmasyon sou kandida yo, pòs elektoral yo, sondaj opinyon yo ak rezilta eleksyon pase yo nan yon sèl espas, pou ede sitwayen yo dekouvri moun k ap prezante tèt yo, pi byen konprann pwosesis elektoral la epi suiv evolisyon reprezantasyon politik nan kominote yo.
Nou angaje nou pou prezante enfòmasyon yo yon fason ki klè, transparan epi san patipri, pandan nou fè diferans ant enfòmasyon ofisyèl, done pwovizwa ak rezilta sondaj opinyon.
Objektif final nou se bay popilasyon Lagonav la yon zouti enfòmasyon ki ankouraje patisipasyon sitwayen, transparans ak yon pi bon konpreyansyon sou lavi elektoral zile a.
Verifye kandida ki enskri yo
Chwazi komin nan, epi chwazi pòs la pou konsilte lis kandida CEP yo.
Enfòmasyon sou kandida yo soti nan done CEP yo atravè sèvis sit la.
Achiv eleksyon yo
Dekouvri istwa eleksyon ak reprezantasyon politik Lagonav. Chwazi ane a, kategori a ak komin nan pou konsilte enfòmasyon ki disponib. N ap kontinye ajoute lòt enfòmasyon istorik ak rezilta elektoral nan achiv sa a.
SONDAJ ELEKSYON LAGONAV 2026
🗳️ Tanpri, vote pou komin kote ou abite a.
⚠️ ATANSYON: Ou ka vote nan yon sèl komin sèlman. Si ou kòmanse vote nan Ansagalè, ou pap kapab vote nan Pwentarakèt tou; menm règ la aplike nan sans opoze a.
✅ Chwazi komin pa w la avèk anpil atansyon anvan ou kòmanse vote.
REZILTA JENERAL SONDAJ LA
Tout kategori yo ak tout seksyon yo, rasanble sou yon sèl paj.
Sondaj opinyon sèlman; sa yo pa rezilta ofisyèl eleksyon. Rezilta yo parèt selon done API a retounen.
Pataje sondaj la
Voye lyen sa a bay lòt moun pou yo ka antre nan sondaj Eleksyon Lagonav 2026 la.
Li mennen dirèkteman sou paj sondaj la. Ou ka pataje lyen an tou si telefòn ou pa ka eskane kòd la.
Dekouvri kandida yo
Atherty Augaus
Pòs: AZEK
Zòn: 2yèm seksyon Tisous, komin Ansagalé
Kontak: atherty@zilepm.com
Fòmasyon ak etid
Etid nan enfòmatik ak telekominikasyon.
Eksperyans nan kominote a
Mwen gen plis pase 15 lane eksperyans nan sèvis kominotè, fòmasyon ak devlopman kapasite pou avansman kominote mwen. Mwen se te moun ki te batay pou bloke kontra Nèg Sèvis Kreyen ak Natcom nan lane 2021. Nan de dènye ane sa yo, mwen te alatèt yon mouvman pou mete 50 LANPADÈ nan Tisous ak pou fouye pi bon SOUS DLO. Mwen alatèt tou yon ekip k ap travay pou amelyore WOUT PRINCIPAL 2yèm seksyon an, ansanm ak yon mouvman pou tout moun jwenn ENTÈNÈT lakay yo oswa depi yo rive Tisous. Mwen te batay nan lane 2022 pou Gwo Mang, Trou-Louis, Jeune, Pwentarakèt ak Chen Kontan jwenn sèvis 4G yo. Mwen se KO-PDG ZILE KONEKTE, ansanm ak Ing Riclavel; rezo sa a pèmèt moun jwenn ENTÈNÈT nan sant vil Ansagalé a, epi se premye rezo gonavyen k ap sèvi kominote a.
Poukisa mwen chwazi kandida
Mwen chwazi kandida paske mwen santi mwen kapab marye volonte mwen ak konpetans mwen pou m poze baz devlopman kominote a kòm AZEK.
Priyorite mwen
Espò, wout, dlo, edikasyon, teknoloji ak lòt domèn.
Poukisa elektè yo ta dwe vote pou mwen
Tout moun ta dwe vote pou mwen pou sa mwen fè depi plis pase 10 lane, sa m ap fè kounye a ak vizyon mwen genyen pou kominote a.
Si mwen pa eli
M ap kontinye fè menm sa mwen te konn fè yo epi ede kandida ki pase a pou nou chanje lakay. Mwen kwè eleksyon pa sifi pou chanje kominote a; nou bezwen moun ki gen konpetans ak vizyon pou mete zile a sou ray devlopman pou jenerasyon k ap vini an.
Remak: Sa a se yon pwofil egzanp pou montre jan prezantasyon kandida yo ka parèt.
