Foutbol se sekte nan la vi zile ki pote plis pou nou . Listwa nou nan sekte sa komanse nan lane 1970 ak yon Pe ki te sou ZIle a ki te rele Pe Jules se yon responsab total kapital ki pral fe nou konprann jwet sa ki jodi a rete sekte ki plis vann zile a ak Roulado FC.
Foutbol zile gen 3 jenerasyon ki pase soti 1970 sa ak 2025 sa.
1e Jenerasyon : ki make pa yon jwe mitik ki se youn nan pi gwo jwe zile a konnen nan egzistans li ki se Antoine Saint-Preux di (Ti Antwan) se sel non Gonavyen ki kenbe kom atizan 50 lane listwa foutbol ente rejyonal sou tout peyi pou kalite antakan sa te gen
2e jenerasyon sa pral bay Pele Gonavyen an( Jean Rebert Menelas ) yon ikon nan foutbol lokal e nasyonal la .se te youn nan gwo atakan peyi a te konnen nan ane 2000 yo e rete youn nan jwe ayisyen ki konnen yon triple menm jan ak Emmanuel Sanon , Duken Nazon, Golman Pierre .
3e Jenerasyon sa pral bay (Belfort Kervens Fils) Gonavyen ki pi reyisi nan seleksyon nasyonal peyi dayiti e rete nou nan pi bon atakan peyi a konnen nan 10 denye lane ki sot pase yo pou sa li te pote pou seleksyon .
Haiti
.Roulado
