Lagonav bezwen kòmanse prepare jodi a pou ijans demen yo
Dife ki pran nan kay ak biznis sou Lagonav montre yon gwo pwoblèm preparasyon pou ijans k ap tann nou yo . Plizyè ensidan deja lakòz gwo pèt, pandan kominote yo souvan pa gen ekipman, dlo, wout aksesib ak kapasite pwofesyonèl pou entèvni rapidman.
Pwoblèm nan pa sèlman se absans yon sèvis ponpye konplè. Lagonav bezwen mete an plas yon sistèm prevansyon ak preparasyon ki ka diminye kantite moun ak byen ki ekspoze lè yon dife pran.
Kèk ensidan dife ki montre gravite pwoblèm nan
Plizyè ensidan deja montre konsekans mank preparasyon an:
- 6 jiyè 2020 — Toupre Meri Ansagalè: yon dife te pran toupre meri a. Pandan moun t ap chèche ede, yon galon gaz te menm rive bò kote dife a, sa ki montre danje ki genyen lè moun entèvni san bon ekipman ak fòmasyon. Anpil bagay te pèdi.
- 2022 — Machin ranmasaj fatra: yon machin ki te sèvi pou ranmase fatra te pran dife. Pa t gen mwayen pou fè yon entèvansyon efikas.
- 4 novanm 2023 — Mache Bò Lala: yon dife te pran nan mache a, sa ki montre risk ki genyen pou espas kote anpil moun ak anpil byen konsantre.
- 9 avril 2024 — DGI Ansagalè: lokal DGI Ansagalè te sibi yon dife.
- 2024 — Ti biznis nan Salin: yon ti biznis te pran dife epi, akoz absans mwayen apwopriye, anpil bagay te pèdi.
- 10 me 2024 — Kay bò Lise Nasyonal Ansagalè: Moun nan kominote a te eseye ede ak ti kantite dlo ki te disponib, men pa t gen yon entèvansyon pwofesyonèl.
16 dawout 2026 — Chill Out Spot, Ansagalè: restoran sa ki te pote anpil nan vil la , se te espas denye mwa sa yo ki te atire anpil moun , yon kout seklè pase anba flanm dife sibi , e anpil lajan ki te envesti pèdi nan
kèk sekond, rezon y on chòk elektrik te site kòm posib kòz , ki kapab rive pa movèz enstalasyon , ot tanperati .- 12 septanm 2026 — Espas Shello, Bise: yon lòt dife boule Espas Shello Bise nan zòn plas la.
Dèyè chak dife sa yo gen fanmi, antreprenè, travayè ak moun ki pèdi ekonomi yo ak plizyè ane travay nan kèk minit.
Kisa Leta dwe fè?
Otorite lokal yo dwe pran bon jan desizyon pou chanje bagay yo pou demen pa p pi tris.
Leta ta dwe:
- mete sou pye yon plan pou devlopman yon sèvis ki kapab pote sekou nan ka ijans sa yo.
- fè enspeksyon nan nan biznis ak enstitisyon pou wè pou konnen si règ sekirite nan sekte sa respekte;
- evalye risk yon lokal anvan yon biznis kòmanse fonksyone;
- mete règ espesyal pou biznis ki sèvi ak gaz, gwo kantite elektrisite oswa lòt materyèl ki ka pran dife;
- prepare kat zòn ki gen gwo risk;
- fòme moun sou prevansyon, evakyasyon ak premye entèvansyon;
- devlope yon sistèm kominikasyon pou ijans;
- epi asire wout yo aksesib pou machin sekou yo .
Lè yon moun vle konstwi yon biznis
yon moun ap konstwi oswa louvri yon biznis, kesyon an pa dwe sèlman: Èske li gen pèmi pou sa?
Li dwe genyen tou: Èske lokal la an sekirite?
Yon restoran, yon boutik, yon depo, yon atelye oswa yon espas kote yo vann oswa estoke gaz pa gen menm nivo risk. Se poutèt sa, otorite yo dwe evalye kalite aktivite a anvan yo bay otorizasyon.
Yo dwe verifye bagay tankou:
- aksè machin ijans, enstalasyon elektrik; vantilasyon;s òti ijans;
- materyèl ki ka pran dife, fason gaz oswa lòt pwodui riske estoke;
- eske gen prezans ekstenktè ki apwopriye;
- epi kantite moun lokal la kapab resevwa a pa gen gwo malè pandye sou tèt li.
Objektif enspeksyon an sa kapab ede anpeche aksidan, pwoteje lavi moun epi pwoteje envestisman yo.
Kijan biznisman yo dwe aji?
Biznisman yo pa dwe tann Leta oswa ponpye sèlman pou pwoteje byen yo. Chak pwopriyetè biznis dwe pran responsablite pou sekirite lokal li.
Yo ta dwe genyen ekstentè ki adapte ak risk biznis la, fè kontwòl enstalasyon elektrik yo, kenbe pasaj ak sòti yo lib, mete materyèl ki ka pran dife nan bon kondisyon epi fòme anplwaye yo sou sa pou yo fè si gen ijans.
Yo dwe genyen yon plan pou evakyasyon epi konnen ki lè pou yo sispann eseye etenn yon dife epi konsantre sou sove lavi.
Lavi moun dwe toujou pase anvan byen.
Wout yo dwe antre nan plan sekirite a
Yon sèvis ponpye pa ka fonksyone si machin sekou pa kapab rive kote dife a ye.
jodi a si n ap pale de koze wout sou Lagonav nou lwen toujou , pou n ta di wout pou machin ponpye sikile lib e libè .
Wout prensipal se anviwon 3 oswa 4 mèt aloske minimom pou yon machin ponpye se 6 ak 8 m . Si yo bloke ak machin, machandiz, konstriksyon oswa lòt obstak, sa ka retade entèvansyon an si n ta gen jodi a yon sistèm ponpye .
Se poutèt sa, nouvo wout ak nouvo konstriksyon yo dwe fèt pou demen n ap reve e aplike lalwa sou distans yon moun dwe konstui bò wout yo.
Wout yo dwe gen ase lajè, aksè dwe rete lib, epi sant vil yo dwe genyen pasaj ijans ki pa bloke.
Yon wout se pa sèlman yon mwayen transpò; li se yon pati nan sistèm sekirite kominote a.
Dlo dwe disponib anvan dife a .
jodi a nou paka pale de dlo malgre nou sou yon zile ka menm pou nou bwe se tre difisil .
nan yon sistèm konsa ta dwe gen dlo disponib , nou ta dwe konnen ki kote n ap jwenn li men nou toujou nan ban deyè a.
Gaz ak lòt aktivite ki gen gwo risk nan zile a
Vann oswa estoke gaz nan zòn ki gen anpil kay, boutik ak moun mande mezi sekirite espesyal men leta toujou rete ak gade san yo pa chita pou pran bon jan mezi pou chanje bagay yo.
Otorite yo dwe verifye kote gaz la estoke, kantite a, vantilasyon, ekipman sekirite, fòmasyon moun k ap jere li ak aksè pou machin sekou.
Menm prensip la dwe aplike pou lòt biznis ki gen gwo risk dife.
Plis yon aktivite gen risk, se plis mezi sekirite li dwe genyen.
Kisa kominote a kapab fè?
Menm anvan yon sèvis ponpye konplè rive, kominote a kapab prepare.
Sa vle di sansibilize popilasyon an, konnen kisa pou yo fe , otorite te kapab travay ak antrepriz ki vann dlo pou yo gen de machin ki disponib nan ka ta gen ijans , konnen sòti ki disponib nan espas piblik yo, evite mete gaz oswa lòt materyèl danjere toupre sous dife epi pa pran risk pou antre nan yon gwo dife san ekipman ak fòmasyon.
Kominote a kapab ede, men premye objektif la dwe toujou evite pèdi lavi.
Lagonav pa dwe tann yon lòt trajedi ankò
Ensidan ki deja fèt yo montre nou pwoblèm nan reyèl. Men nou pa konnen ki kote pwochen dife a pral pran.
Se poutèt sa, solisyon an dwe kòmanse depi jodi a: pi bon wout, plis rezèv dlo, enspeksyon biznis, pi bon konstriksyon, ekipman sekirite, fòmasyon, sistèm ijans ak plan pou yon sèvis ponpye lokal menm si se nan 5 10 lane .
Nou pa bezwen tann yon lòt kay oswa yon lòt biznis boule pou nou konprann nesesite pou chanje bagay yo.
Konbyen kay ak biznis ki dwe boule ankò pou nou di: Fòk sa chanje?
Repons lan dwe klè
Athou
anba kalbas tisous
