Zetwa sitiye l antre 2e Tisous ak 3e seksyon grand sous ,vil modèn n ap reve nan lane k ap vini yo ta dwe kòmanse la.
Tout Gonavyen ap reve yon lòt zile kote gen enfrastrikti modèn , kote nou mwens depann sou gran tè a , kote moun kapab viv tankou moun , kote deplasman kapab fèt pi fasil , kote teknoloji p ap liks pou jenerasyon sa .
Kisa ki dwe fèt jodi a pou n prepare demen sa ?
Vil nou vle posib ka done ki disponib yo ale sou kantite espas zòn sa gen pou rive grand Lagon ka se pi gwo rezèv nou gen pou n konstui tout enfrastrikti modèn zile a ta dwe gen ,se ta dwe espas si n vle gen yon èpòt entèsyonal ,inivèsite ,sant espas espòtif ak yon stad modèn 30000 moun.
nan 50 ane k ap vini yo zile ta gen yon popilasyon plis ke 200.000 abitan .
Zetwa se espas stratejik pou n n konstui yon waf modèn .
Nou dwe gen de wout ki respektè tout nòm de konstriksyon to , ki kapab louvri yon lòt paj nan listwa zile a pou yon lòt jenerasyon .
Men pitit zile a dwè fokis sou metye syans yo ka pou yon zòn devlope fòk gen resous moun ki kapab pote solisyon yo.
Ann fè yon batay pou n rive gen yon lòt zile pou 50 lane k ap vini yo , se vre nou ka pa gentan viv sa men jenerasyon k ap vini an ap kapab viv nan yon kominote kote yo jwenn yon lòt sistèm edikatif k ap fòme de bon teknisyen ,
Yon zile kote nou mwens depann sou gran tè a. Yon zile kote nou kreye kondisyon pou n pwodui manje e viv mye .
Yon zile kote nou gen de bon enjenye ,teknisyen nan tout domèn.
Yon lòt zile posib nan 50 lane k ap vini yo men se Jodi a pou poze premye pyè yo .
Zetwa rive gran Lagon se espas rezèv pou vil modèn zile a.
