Epherns René fè yon lekti sosyolojik ak filozofik sou yon fenomèn k ap devlope nan sant vil Ansagalè a .
Chak fwa yon sosyete antre nan yon sik vyolans, opinyon piblik la gen tandans konsantre sou evènman ki pi resan an. Men syans sosyal yo envite nou fè yon lòt egzèsis ki pa ret sèlman nan mande: « Kisa ki rive? », men pito « Ki kondisyon sosyal ki kale fenomèn sa? »
Nan ti egzèsis sa a, m pa entèrese ak zak resan yo, men pito estrikti (pwosesis) ki ponn zak yo. Nan sans sa a, kriz k ap devlope jodi a nan sant vil Ansagalè a pa ta dwe analize sèlman kòm yon afwontman ant popilasyon ak lapolis men pito kòm ekspresyon yon relasyon sosyal ki frajilize apre plizyè ane mefyans, ensousyans politik, fristrasyon ak santiman eksklizyon.
Yon bò, Émile Durkheim te montre ke yon sosyete pa kanpe sèlman sou lwa, men sou solidarite. Lè solidarite sa a febli, lè sitwayen yo pa rekonèt tèt yo ankò nan enstitisyon ki sipoze pwoteje yo, sosyete a antre nan sa li rele anomi.
Se pa absans lwa sèlman; se pèt konfyans nan lwa a. Lè sa rive, vyolans jwenn plas pou l grandi.
Nan yon lòt bò, Pierre Bourdieu montre ke dominasyon pa egzèse sèlman ak zam; li egzèse tou atravè reprezantasyon. Lè yon espas sosyal toujou dekri kòm yon « zòn pwoblèm », etikèt sa a fini pa enfliyanse fason lòt moun trete moun ki rete ladan l, epi pafwa menm fason moun sa yo wè tèt yo. Se sa sosyològ Fransè a rele vyolans senbolik la. Yon reyalite ki pa epanye kèk zòn nan sant vil Ansagalè tankou Salin, Ba Azil jan sa ye pou yon seri lòt sou gran tè.

Mete sou sa, analiz Loïc Wacquant sou estigmatizasyon teritoryal ale pi lwen toujou. Li montre kijan kèk zòn (lokalite) vin pote yon mak (etikèt) sosyal ki depase reyalite yo. Lè yon teritwa toujou asosye ak dezòd, kriminalite oswa rebelyon, li vin pi fasil pou yo neglije l, kontwole l sèlman ak lojik sekiritè, epi bliye envesti nan devlopman imen li. Nan yon kontèks konsa, mefyans ant popilasyon ak enstitisyon yo vin tounen yon bagay nòmal.
Si refleksyon sa yo t a ka sèvi pou konprann an pwofondè reyalite Ansagalè yè ak jodi a; kesyon an pa sèlman sa ki pase soti jounen 28 Jen 2026 la pou ride jodi a la. Kesyon an te kapab: Èske kèk espas sosyal, tankou Sou-Salin, pa t ap viv depi lontan yon pwosesis majinalizasyon ak estigmatizasyon ki t a kraze pon konfyans ant sitwayen yo ak Leta? Si repons la ta WI, kriz aktyèl la pa yon kòmansman; li se revelasyon yon pwosesis ki te deja an mouvman.
- Antouka, chache konprann yon kriz pa vle di jistifye vyolans.
Refleksyon Hannah Arendt vin enpòtan lè li fè yon distenksyon fondamantal ant Pouvwa ak Vyolans . Pouvwa fèt lè moun aji ansanm sou baz lejitimite ak konsantman; vyolans parèt souvan lè pouvwa sa a febli. Yon sosyete ki oblije rezoud tout konfli pa fòs montre ke relasyon konfyans li yo deja domaje.
Pou Michel Foucault, yon konesè nan Filozofi Politik; relasyon ant leta ak sitwayen yo pa dwe limite ak kontwòl. Lè enstitisyon yo sèlman parèt pou pini, san yo pa tande, san yo pa pwoteje, san yo pa rekonèt diyite chak moun, yo kreye yon klima kote rezistans ak konfli vin pi fasil parèt. Lòd piblik pa kapab repoze sèlman sou fòs; li bezwen jistis ak lejitimite.
Se poutèt sa, pi gwo menas k ap peze sou Ansagalè jodi a pa sèlman konfli aktyèl la. Se risk pou vyolans vin tounen yon langaj nòmal. Lè sa rive, banditis jwenn pi bon kondisyon pou l pran rasin, paske li toujou grandi kote konfyans sosyal ak lejitimite enstitisyon yo ap febli.
Eksperyans, nan 10 denyè ane sa yo montre l nan kèk espas tankou Mibalè, Kanaan, Matisan pou n site sa yo sèlman.
Nan miwa Sosyoloji, mwen konvenki solisyon an pa ka limite ak plis zam oswa plis represyon. Li mande verite sou sa ki rive yo, jistis san paspouki, respè dwa tout sitwayen, rekonstriksyon konfyans ant lapolis ak popilasyon an, epi politik piblik ki entegre tout espas sosyal yo san ddiskriminasyon.
Nan ka pa Sou-Salin nan, pou komin Ansagalè a, se zòn ki bay prèske tout yo pou komin nan men ki pa jwenn anyen.
Pi gwo Pò (kominikasyon pa vwa maritim ak gran tè), Pi gwo espas Lwazi (SouPwent, Pak Tony Wòlf,…), Lopital Wesleyèn,…
Ansanm sa m site la yo swa nan Salin nan oubyen nan alantou li. Kidonk Sou-Salin t a ka parèt, nan sans sa a, yon zòn ki eksplwate e ki sibi an aprè pwa estigmatizasyon estratifikasyon sosyal la kale a.
Ansanm sa m site la yo swa nan Salin nan oubyen nan alantou li. Kidonk Sou-Salin t a ka parèt, nan sans sa a, yon zòn ki eksplwate e ki sibi an aprè pwa estigmatizasyon estratifikasyon sosyal la kale a.Yon sitiyasyon ki petèt menm pou Ba Azil, Magazen ak kèk lòt zòn ki pote etikèt zòn cho, zòn danjere men ki an reyalite veritab espas moun yo rekreye yo, pòt soti ak antre, lwazi, elatriye…
Boutofen, egzèsis sa pa vize pote pozisyon yon pati men li pito envite chak aktè gade lavni Ansagalè ki pa depann sèlman de fason kriz sa a ap fini men de kapasite nou pou nou aprann nan li. Paske yon sosyete ki pa reflechi sou rasin pwòp vyolans li kondane pou l repwodui yo. Men yon sosyete ki gen kouraj gade verite a anfas ka toujou rebati tèt li sou baz jistis, diyite ak solidarite. Li klè pou n chache konprann tèt nou, korije enjistis yo, epi kreye kondisyon pou chak sitwayen santi li fè pati menm kominote moral la. Se la vrè batay Ansagalè dwe mennen.
Refleksyon :
Epherns René
Sitwayen angaje
konbit Jaden
Lakou Fontuna
