2018-2026 23 sak Maspinay Lapolis sou zile Lagonav

Soti 2018 pou rive 2026 nou idantifye anviwon 23 ka kote ajan IDMO  enplike nan bat yon ansanm Gonavyen e plis pase 6 moun mouri pa rapò ak move entèvansyon lapolis sou zile a.

  1. 2018 Idmo yo rantre lagonav yo Maltrete yon depòte ki rele Sony aksyon sa  te fèt Devan kay Enspektè Louis a .
  2. 17 Mas 2018 bo teren Pak Tony Lapolis nan cheche yon sèten eskaladè tire nan wotè moun e 2 timoun pran bal youn mouri (Pitit Oscar ) e lòt la te ale pran lwen Lopital sa te pase sou Inspektè Fanel Blan .tout neg sa yo tounen nan baz yo potoprens lajistis pa Janm tranche, fanmi yo pèdi nèt .
  3. 2022 Lapolis tire 2 endividi (Sylvaince ak Dieumerson ) yo ta fe konprann se bandi k ap antre sou zile a Lapolis ki te gen enfo te ale sou waf Ansagalè , nèg yo te jis wè  lapolis yo lage kò yo nan dlo se la yo ta pral pran lanmò yo , pou anpil moun se te 2 machan bòz nan salin nan ki pat gen anyen pou wè ak bandi .
  4. 11 Jwen 2022 Sedène Louidor viktim anba lapolis sa te pase Twoulwijèn nan yon veye kote li te resevwa plizye kout bòt , ankèt ap kontinye.
  5. 12 Jwen 2022 nan manifestasyon ki te gen Devan komisarya Maroudy Boy pran bal aprè yo te di Louidor te mouri ,Maroudy te  pran 3 katouch nan Moman sa .
  6. 7 desanm 2022 Lapolis deyè Terson Benoit alias Tiblan e nèg yo tire tout kote nan Moman se bon pye misye ki sove l aprè yo te Finn touye 2 nèg yo te di yo gen enfo ki se bandi k ap tante rantre sou zile a .
  7. 9 Mas 2023 Lapolis tire Davidson Dalmas nan Salin nan yo te lonje dwèt sou Kori ki se nèg Salin ki te kòmanse bat li apre lè l kouri yon Ajan polis tire misye sa te pase sou enpektè POULARD .Davidson t al mouri St Marc .misye se te yon Jwè foutbòl ki mouri a 27 Lane San rezon  e kite deyè 2 timoun .
  8. 12 Septanm 2023 :Esther Beissant ki mouri anba ba l Lapolis apre moun tèt Salin te opoze ak arestasyon sa ,Lapolis di sa paka pase tire jan yo jwenn e Esther te pedi lavi l nan sikonstans sa ak yon lòt ki rele Grann ki te blese nan pye ki te al pran swen lopital.
  9. 23 Desann 2024 :3 moun pran bal Devan Inibank Lagonav la apre yon altèkasyon yon Ajan Idmo te gen ak yon sitwayen : se te Michelot , Dieunelson ak Senne Bocicot ,Idmo sa kontinye ap pran plezi e moun yo viktim nèt.
  10. 2025 Pak Oles Vilme Fon Lorò Lapolis (Idmo) maspinen Chesky nan yon match foutbòl San rezon valab, Chesky ki pase yon move moman devan mennaj la ki ap viv moman IDMO sa t ap fè l pase .otorite yo te jis fe silans ka depwi neg yo vini sou zile tout sa yo fe bon .
  11. 2024 Lapolis (Idmo yo) bat Kathie Joly sou waf Ansagalè poutèt li di pa chire machandiz la konsa .sa li dim selman li pral anpil pataswèl nan men Ajan Idmo sa Bawon fe l pase yon move Moman ,Nan Moman Delege Vil Mme Dina te pran yon frap tou ak yon lòt dam nan sikonstans la paske yo t ap di se abi IDMO yo ap fe sou Kathie .
  12. 2024 Lapolis bat Atis Don Monmon nan zòn bò Deravil la e arete l san manda e jis Jodi a Atis la pa konn ki rezon yo te bat li a e arete l la .
  13. Jiye 2025 Yon Ajan Polis(Idmo) an sivil ki rele Lima bay Jean Kenson 2 kalòt misye se yon chofe yon Machin paske li ba l trop pousye sa te pase bò mache Lala .
  14. Dawout 2025 Ajan Idmo rantre kay yon moun pi ba Deravil la e tire deyè yon moun ak bal 762  .yo te menm tire lakay moun yo nan kouri dèyè endividi sa yo t ap cheche a se bondye kif e moun pa mouri nan moman sa .
  15. Septanm 2025 Lapolis maspinen Edson Thelira apre yo te Finn arete l San manda a minwi . 
  16. 6 Oktòb 2025 Doffmy Alexis te jwenn arestasyon nan 8 tè nan aswè paske Ajan Idmo sa te san sanble pran Madanm misye e fanm sa te mennen Lima vinn arete e di l te blese polisye sa . Lima sa bay misye plizye kalòt .
  17. 2 Fevriye Lapolis nan kad entèvansyon nan espas jwèt aza nan zòn mache Lala tire fe moun kouche poutèt 2 nèg Marassa ak Tchenn tyayi ki t ap batay , Marassa al cheche lapolis nèg yo rive tire ra sòl ,fe moun kouche, gen youn nan nèg yo ki pran 2 pataswèl menm chodyè moun yo te pran katouch .
  18. Fevriye 2026 Polisye Makendy Butho touye yon evade prison ansanm ak Kòdonatè annaprè (Felix Joseph) Vis delegasyon an nan Lakou Pwentarakèt apre 5 mwa anyen pa janm di sou ka sa yo . 
  19. 13 Mas 2026 Lapolis maspinen Doumga, trennen l devan madanm li ak pitit paske l ap revandike Ajan Idmo yo ki t ap bat Nòlis e sou sa arete l ,Yon sèten Neymar te viktim anba men Idmo sa Lajistis pa pou sivil ,lapolis ka fe sa li vle depwi se Lagonav.
  20. 21 Avril 2026 Nan yon match foutbòl Nan Pak Tony poutèt yon sèten Serge t ap pran imaj Ajan Idmo yo pran telefòn misye yo kraze l e se kenbe lot Ajan yo Kenbe Idmo Telman li te vle itilize pouvwa chef li pou l te bat Junior .
  21. 28 Avril 2026 Yon Ajan polis minisipal (Pelou ak pitit li ) pran plizye pataswèl nan men yon ajan Idmo malgre misye idantifye l .Idmo sa te ak yon ti bout pantalon sou li se sa responsab mache Lala a di ka li pat konnen se te yon Idmo se lè l mande l sa li ye e menm Moman misye fè l konnen se chef ak kèk souflèt .
  22. Me 2026 Lapolis maspinen yon sitwayen ki rele Cexil ki t ap revandike dwa l nan yon mezon transfè paske Ajan polis la te jis pase rantre kite yo nan liy nan pou sa misye di a Ajan polis sa tounen arete misye e maspinen l sa te pase nan transfè nan Linyon Otèl .
  23. Jwen 2026 Lapolis maspinen adriano nan sant vil Ansagalè a e ki t al rann denye souf li nan Lopital weslèyen Ansagalè.

Apre chak zak sa yo ankèt ap kontinye mennen ,

Kisa lajistis di aprè zak sa yo ki  pase a ?

Kisa otorite nou yo di nan ka sa ?

Zile Pam 2026