Zile Lagonav — BLACK AFRIKA  pran sou Resif BBZ.

Batiman Soso pran sou Resif BBZ: Federasyon an rejte demann Black Africa pou ranvwaye demi-final fas ak FC POZE a.

1

Nan yon lèt tou louvri komite Black Africa voye bay Federasyon Bouyon Boul Zabriko (BBZ), plizyè rezon prezante pou mande ranvwa match demi-final ekip la gen pou jwe kont FC Poze.

Men, dapre pozisyon Federasyon BBZ, rezon yo prezante yo pa ase pou jistifye yon chanjman nan kalandriye chanpyona a.

Uit jwè pa disponib: yon rezon pou ranvwaye match la?Non

Premye rezon Black Africa mete devan se absans uit(8) jwè ki pap disponib pou demi-final la kont FC Poze paske yo pral jwe nan AJSL . Black Africs  ta renmen jwenn jwè sa yo  prezan  pou afronte  FC Poze k ap prepare l seryezman pou rankont lan e li detèmine pou l bat Black Africa fwa sa a e vinn ekip ki pral reprezante komin Ansagalè fas komin Pwentaraket pou pran tit ane 2026 la apre PIWOULI FC.

Eske se Black Africa k ap Jwe Jedi 3 Septanm la nan Chanpyon AJSL la? NON

Lòt kesyon ankò

 Èske dirijan yo pa t tonbe dakò pou  respekte pwotokòl ak kalandriye  chanpyona a ? wi

malgre anpil dirijan Foutbòl isi pa menm ka li pwotokòl chanpyona yo  e konprann sa ki ekri yo.

Se vre, AJSL  se youn nan pi gwo chanpyona peyi a nan denye ane yo men sa pa bay dwa pou chanje yon kalandriye .  Federasyon an pa gen pou misyon voye ekip al chèche oswa achte jwè deyò pou mete nan ekip ou , li fe chanpyona l ak yon objektif byen defini se dirijan ki pote tèt yo e yo dakò ak tout bagay.

Sa touche youn nan gwo pwoblèm foutbòl sou zile a a konfronte depi kèk ane:

Majorite ekip yo vin depann twòp sou jwè ki soti lòt kote. Lè jwè sa yo pa disponib, ekip la vin gen gwo difikilte pou l jwe match yo, e sa rann yo imilye jwe lokal yo  nan tout sans , yo pa peye yo e yo pa jwe tou.

Pi grav toujou, gen ekip ki pare pou depanse anpil lajan pou patisipe nan yon chanpyona, menm lè l chanpyon  se sou fòm  ka lajan yo depanse a pa konpatib ak sa yo jwenn nan  e pafwa fe fas ak gwo defisi finansye aprè chanpyona sa yo.

Kesyon vwayaj Batiman Soso a

Dezyèm rezon Black Africa soulve a gen rapò ak jou vwayaj Batiman Soso.

Men, pou Federasyon an, kesyon sa a pa ta dwe vin yon rezon pou mete chanpyona a an reta. Batiman se yon eleman ki fè  transpò ant diferan zòn ; li pa ta dwe vin yon zouti pou chanje règ ak kalandriye yon konpetisyon chak fwa yon ekip rankontre difikilte.

Gen yon lòt kesyon ki merite poze:

Kisa vwayaj Soso a gen pou wè ak yon federasyon ki gen responsabilite pou òganize yon chanpyona e ki dwe respekte kronogram aktivite a ?

Eske Jodi  a yon dirijan foutbòl blije mete ekip foutbòl li a sou yon vwayaj batiman pou peye jwè pil lajan aprè anyen pa chanje .

Jodi a nou bezwen dirijan ki wè pi lwen

Foutbòl zile a bezwen yon lòt vizyon pou kreye yon lòt Jenerasyon dirijan ak jwè foutbòl.

Nou pa ka kontinye antre nan konpetisyon sèlman pou depanse 200.000, 300.000 dola HT oswa plis pou vini patisipe, san yon plan klè pou devlopman ekip yo ak jwè lokal yo e fè

pwofi.

Nou bezwen dirijan k ap  reflechi pi lwen pase yon match, yon demi-final oswa yon tit.

Nou bezwen pasyans, planifikasyon, fòmasyon jèn yo, devlopman jwè lokal yo ak bon jan òganizasyon.

Objektif la pa dwe sèlman genyen chanpyona a. Objektif la dwe leve nivo foutbòl Zile a.

Nan yon lòt bò, Federasyon Bouyon Boul Zabriko (BBZ) rejte demann Black Africa a pou ranvwaye match la.

Federasyon an deside kenbe Jedi  3 Septanm la kòm dat  ki pwograme pou dezyèm demi-final la, kote Black Africa dwe rankontre FC Poze.

Dapre pozisyon federasyon an, règ ak pwotokòl chanpyona a dwe respekte. Black Africa gen obligasyon pou prezante l pou jwe match la nan dat ki te fikse a.

Si Black Africa pa prezante pou match la, ekip la ap diskalifye.

Nan moman kote foutbòl zile a bezwen plis estrikti, disiplin ak vizyon, desizyon sa a kapab relanse yon gwo deba sou fason chanpyona yo dwe òganize, sou responsabilite ekip yo ak sou nesesite pou tout aktè yo mete men pou nwayo ekip la se sou zile a li ye . lè sa n ap gen mwens depans .

Foutbòl pa grandi ak depans sèlman. Li grandi ak planifikasyon, disiplin, fòmasyon, pasyans ak vizyon ak envestisman.

Nou pral wè si Kapitèn Soso pral ka kraze resif BBZ la .

Zile Pam Anba Kalbas Tisous