
Pou premye fwa nan tout listwa zile a nou jwenn gouvènman peyi pa filyè ministè sante piblik fe yon travay konsa pou pèmèt zile jwenn swen nan domèn lasante.se pi gwo vag nominasyon ki fèt nan tout litwa zile e nan youn nan sektè kle nan lavi kominote Gonvyèn nan e ki gen yon pote sou desantrilizasyon sèvis de baz yo .
Espas sa yo ki te konstui pa World Vision plis pale 15 lane, remèt yo ak MPSS men pòt espas sa yo (Dispansè,Sant Sante) te femen denye ane sa yo paske yo p at kapab bay swen ak kominote yo an rezon fèb mwayen ,pèsonel ak materyèl ki pa disponib .se te yon zile ki te repoze l denye ane sa yo sou Lopital Weslèn e ak klinik yo majorite nan sant vil Ansagalè a , anpil fwa se ale sou gran tè pa rapò ak materyèl e pesonèl ki manke.
Minis Sinal Bertrand sou pasaj li sou li zile voye yon siyal klè pou di se volonte ki pou genyen.apre inogirasyon bank san lopital wesleyèn nan li te tou anonse MSSP pral kòmanse aji pemèt kominote ki rekile yo jwenn swen sante patou sou zile a e nan mwens ke 2 mwa MSSP deja mete pye l atè pou monte lè leta vle aji tout bagay posib.
MSSP nome pou (inite awondisman sanitè a ) yon kononatè annapre(Dr Valiere) pou pote sipò l ak Dr Ferdinand (Kodonatè Prensipal ) ki gen plis ke 40 lane ap bay sevis li ak kominote Gonavyèn nan , se youn nan pèsonel ki pi ansyen nan sekte medikal la , ekip sa pral ranfose kapasite MSPP sou zile a e kòdone tout sa ki gen pou wè ak koze lasante , yon responsab pwogram (Dr Emmanuel) , yon logistisyen , yon mekanisyen ka anpil fwa machin yo vini sou zile aprè yon tan yo tout kanpe , fwa sa veyikil MSPP yo pral gen antretyen ki fèt a jan sa mande pou pèmèt ekip MSSP kapab deplase pi fasil , yon pèsonel antretyen pou espas MSSP gen nan sant vil Ansagalè ak responsab swivi/evalyasyon.
Pou HCR( lopital referans kominotè ) gen anviwon 40 pesonèl ki deja gen lèt nominasyon yo pou vinn bay sèvis ak kominote Gonavyèn .ekip sa ki gen nan tèt li Dr Guems Joseph.
Se yon ekip ki gen tout pèsonel yo.
- 3 medsen spesyalis(Pedyat ,Ginekològ, òtopèdis ).
- 7 medsen jeneralis .
- 12 enfimyè .
- 16 Oksilyè enfimyè .
- 3 laboraten .
- 2 pèsonel administratif .
Lopital referans kominotè sa pral sèvis an pati komin pwentarakèt ak zòn ki tou prè l yo e kapab jere ka ki soti nan sant sante ki sou komin pwentarakèt la.
Anviwon 51 pèsonel afekte ak 7 sant sante sa yo :7 doktè , 19 enfimyè ak 25 oksilyè enfimyè.
- Lasous ( Dr Michel Augustin)
- Dan Griyen ( Dr Ernso Pierre)
- Tamaren ( Dr Rony Jeunes)
- Gransous ( Dr lazard Charius)
- Masucren ( Dr Sonel Pierre)
- Pickmy (Cemelus Emmanuela) ki fonde nan lane 2011
- Twoulwijèn (Dr Lapointe Saintange)
Anpil sitwayen sou zile Lagonav bay ochan ak Leta santral pou kokenn chenn travay sa ki demare nan sekte sante a ka anpil fwa gen moun ki mouri nan wout paske pwoblèm enfraktiti routye sa rete youn nan gwo defi zile a , ak sant sante sa yo , pral gen yon gwo soulajman pou kominote a e yo swete leta a travè MSSP peye pesonèl sa yo pou kominote a toujou jwenn sèvis jan sa mande . yo espere nou jwenn yon leta santral k ap pote sipote n nan anpil lòt sektè sou zile a .
Zilepam.
