200000 Dola HT (1.000. 000 Goud ) se montan sa Ekip k ap chanpyon an ap jwenn Jodi a.
Depans nan sektè sa sou zile eksploze pa rapò ak modèl Dirijan yo ,Depwi plis pase 10 lane fokis majorite ekip yo se sou jwè deyò .
1-motif tout Dirijan yo nou pa gen jwè sou zile a
Men Kiyes ki la pou ankadre jwè nou yo?
Kiyes ki la pou cheche Talan ?
Kesyon sa toujou pa gen repons
Jodi premye objektif chanpyona yo se Fe lajan se sa ki fe menm ke w tande yo di w Se ekip sa ki chanpyon men premye chanpyon an se yo , pa Janm gen pèt pou federasyon yo tankou si n gade denye ane chanpyona sa yo toujou gen youn ou 2 match ki jwe 2 fwa e souvan se menm kantite kòb la fanatik yo peye ankò.
Chak ekip peye 11000 Dola pou enskri nan BBZ ane sa ki bay 121000 Dola pou enskripsyon selman .
Ann nou gade depans 2 ekip ki pral fe final Jodi a nan Pak Savil DESSAINT.
Pou Ekip Periculum nan
Chak match yo depanse 62000 Dola
Soti nan match gwoup yo pou rive 1/4 yo depanse 248000 Dola HT
Pou 1/2 Final la yo de pase 70000 Dola
Pou preparasyon Final la 7 Septanm se
2850 Us (74100 )
Enskripsyon 11000 dola Ht
Ekipman pou final la 16900 Dola HT
Pou yon total =409000 Dola HT (2.100.000 Goud)
ekipman ki te jwè pou rive nan 1/2 final ak tout nouvote nou wè ekip Sa pote ane sa nan chanpyona a pa kontablize
Ekip Periculum ap jwe Jodi koute komite anviwon 700 Dola .
PIWOULI FC
Pou tout chanpyona yo depanse
536000 Dola (2.680.000 Goud) ki repati konsa
390000 Dola HT pou jwè yo (sa ki sou zile ak sou gran tè a)
Transpò patisipasyon,manje ak tout lòt depans yo 125000 Dola .
total depans ekip yo pou rive nan final se 972.000 Dola HT (4.860.000 Goud) sa n pa mete kòb pou peye gangan e neg k ap vinn fe Tenten pasi pala
Menm 2 ekip sa yo pral resevwa
200.000 Dola HT pou chanpyon an
90.000 Dola pou 2e nan ki bay 290.000 Dola Ht
An fe kèk Kalkil 11 ekip yo deja kolekte 121000 Dola si n retire l nan kòb federasyon an ap bay la yo ap bezwen 159000 Dola Ht pou yo al cheche pou yo peye 2 ekip Jodi a apre si n ta pral koup meday ki pa trop depans.
Gade Konbyen kòb chak ekip pèdi w ap konprann reyalite a.
Bon kounya ki lòt altènativ nou kapab pwopoze Dirijan sa yo.
1-se ta yon travay ak tout aktè nan sektè espòtif la pou jwenn yon solisyon.
Nou bezwen de lòt modèl Dirijan ki konnen li paka ap depanse e menm sa li depanse a li paka rantre l .
Nou bezwen nouvo Dirijan ki ap travay pou konstui baz ekip la ak nèg zile a e ki p ap bezwen al pran trop jwè deyò.
Jodi a nou bezwen yon lòt jenerasyon men pou n genyen l nou bezwen de lòt model Dirijan ,nou bezwen yon lòt modèl federasyon ki p ap we se fe lajan selman chak Ane
Fòk sa chanje nou bezwen yon lòt zile .
