Boman(Woch ) yon zile ki enpotan pou peyi a

Boman, yon zile rich

Boman se youn nan pi piti zile ki tou prè Lagonav. Gen moun ki rele l “Wòch Nwa” men anpil ansyen di se “Fondefrè” paske se 2 frè ki te dekouvri espas la.

Boman se 23 km distans pa rapò ak zile Lagonav epi mwens ke 20 km sou zòn sid peyi Dayiti. Si w ap soti Pwentarakèt, w ap bezwen anviwon 30 minit pou rive sou li nan flaybòt. Gen plis pase 300 moun ki vini sou zile. Abitan sa yo peche pwason epi al vann sou gran tè a. Daprè pechè yo, se youn nan zòn ki bay anpil pwason.

Pi fò kay fèt ak tòl oswa pay. Sa ki idantifye zile sa se yon fa ke SEMANAH te mete depi 1982 yon mannyè pou ide bato ak lòt anbakasyon k ap frekante zòn nan. Otorite yo estime san yon fa, nofraj yo kapab ogmante paske zile Boman frajil anpil pou sila k ap vizite l yo. Reprezantan SEMANAH yo pa fè neglijans paske chak fwa fa gen pwoblèm yo rezoud li prese prese.

Tout sa moun moun yo konsome, apa fri lanmè, soti sou gran tè. Abitan Boman pa gen twòp koneksyon ak moun k ap viv sou zile Lagonav.

Pa gen enfrastrikti lasante. Si yon moun malad se ale ti rivyè osnon miragwán pou pi prè yo. Pa gen yon fanm saj pou koupe lonbrik yon timoun ki apèn fèt. Se yon zile Ministè Lasante Ayiti bliye.

Se sèl zile ki tou prè Lagonav epi ki pa gen menm yon pye mang ladan l. Pi bon moman pou sitwayen yo kaka se nan nwit paske pa gen menm yon twalèt pou anviwon 300 moun k ap viv nan espas la.

Pou moun yo fe bezwen yo pi bon moman yo se nan nwit ka pa gen yon twalet pou plis pase 300 moun sa yo kap viv nan zile a. Te gen yon latrin ki te konstui lontan sa men siklòn Matchyou te pran tout sa li jwenn sou wout li.

Ministè Levasyon li menm nonplis pa konn egzistans tchovi yo nan zòn sa. Se sa k lakoz se chak moman vakans Boman gen plis moun paske ti moun yo oblije jambe lanmè pou al lekòl.

Zile Boman pa pwoteje. Se sa k fè, depi move tan anonse, abitan yo kite zile a pou al pran refij yo yon lòt kote epi retounen aprè.

Lè n konsidere konfigirasyon jewografik li, pyès moun pa ka bay detay si Boman sitiye sou Lagonav oswa Nip. Okenn pyès idantite Leta pa rekonèt sou zile Boman. Pou sitwayen yo, se yon nesesite pou Leta rive pran kontwòl zile a.

Abitan yo lanse yon apèl ak tout òganizasyon pou yo pote sipò yo pou pèmèt zile sa rete kanpe sitou asosyasyon nasyonal pechè yo.