Gen jwè ki fè listwa ak gòl , Talan yo , gen lòt ki kontinye sèvi foutbòl la menm aprè yo fin kite teren an.
Sou zile Lagonav nou pa gen kilti sa pou jwenn de jwè sitou nan laj dò foutbòl lokal la ki kontinye travay nan sektè , se youn nan rezon ki fè foutbòl zile paka vanse ,ka jodi a fòk gen moun ki fòme e konprann endistri espò a .
Nou paka konte sou dwèt ansyen jwè ki ap fè non yo aprè pasaj yo sou foutbòl zile a , jodi a si n paka gen resous moun ki gen kapasite ak konpetans n ap toujou nan ke kamyonèt la.
Belfort youn nan pi gwo atakan Lagonav pwodui nan tout listwa e pi gwo jwè nan jenerasyon pa l sou zile Lagonav sou wout pou l antre nan yon lòt chapit nan sektè espòtif la.
Depi premye aparisyon li nan chanpyona Fonplezi nan lane 2006 Belfort, pou anpil moun se“Ronaldinho” pa nou sou zile a,jwè sa gen yon ezans ak balon an , kapab fè sa l vle sou yon teren foutbòl ,anpil moun te kòmanse wè l nan chanpyona vakans Fonplezi e se la li pral jwenn chans li pou antre nan ROULADO FC ansanm ak Samuel Deroches ki t ap kraze chanpyona nan pak Dèma nan Kafe .gen anpil souvni ki make jwè sa sou zile a , te gen yon chanpyona Meri Ansagalè te fe nan lane 2006 jwè sa fe yon spesyal sou pak Tony Wolf kont Venado fas ak TIYO bon defanse , pran balon mete sou tèt li pou l pwouve men Ronadinho a e kote Venado ak yon pleyad jwè t ap fe spesyal pa yo(Charles Davidson, Nahaum , Deco , Athou, Dionald) jiska jodi Jodi a final sa pa janm fini .
Soti nan Roulado FC, Tempête de Saint-Marc kote li pran plizyè tit nasyonal e ak seleksyon nasyonal Ayiti kote Belfort make non li . Avèk 14 gòl pou Grenadye yo, li vin pi bon bitè Gonavyen nan seleksyon nasyonal la, devan lejand “Jean Rebert Menelas ‘’.
aprè plizyè ane kòm foutbolè pwofesyonèl sou kontinan eropeyen ak zòn asyatik la , Belfort louvri yon nouvo paj nan istwa espòtif li . Li se youn nan patisipan UEFA Certificate in Football Management – Players’ Edition 2026 la.
Kisa fòmasyon sa ye ?
UEFA Certificate in Football Management – Players’ Edition se yon pwogram entènasyonal UEFA Academy te lanse an 2022 pou ede jwè pwofesyonèl, antrenè ak abit prepare yon dezyèm karyè nan foutbòl, sitou nan jesyon ak administrasyon.
Fòmasyon an dire anviwon 9 mwa, li fèt (Online ) sou entènèt epi li abòde sijè tankou jesyon klèb, estrateji, maketing, kominikasyon, lwa ak devlopman foutbòl. Li bay patisipan yo yon fòmasyon akademik atravè University of Lausanne, Switzerland.
Pwogram nan deja resevwa ansyen gwo jwè entènasyonal tankou Juan Mata ak Ivan Rakitić, ki te sèvi ak eksperyans yo sou teren an pou prepare tèt yo pou pwochen etap nan endistri foutbòl la.
Ane sa Belfort Kervens Fils nan lis moun ki pran fòmasyon sa pou lane 2026 ansanm ak Borges Da Silva Williams ,Eric Maxim, Aubameyang ,Florentin Bogba .
Aprè li fin make jenerasyon li an kòm jwè, li ap ajoute konesans li nan jesyon foutbòl pou l kapab, nan lane k ap vini pote eksperyans li kòm dirijan, administratè, fòmatè oswa antrenè.
Belfort Kervens Fils pral kòmanse aprann kijan pou l kontribye nan avni foutbòl la ak eksperyans li, konesans li ak vizyon li menm jan li te konn fè l sou teren foutbòl yo.
Nou espere nou jwenn de ansyen jwè ki pral lanse yo nan menm direksyon ak Belfort ka pou n chanje nivo foutbòl la nou bezwen de dirijan , antrenè ki kalifye e konpetan nan sektè .
Bravo ak Belfort Kervens FIls pou nouvo chapit sa .
Athou Tisous, Lagonav, Ayiti

Soti nan Roulado FC, Tempête de Saint-Marc kote li pran plizyè tit nasyonal e ak seleksyon nasyonal Ayiti kote Belfort make non li . Avèk 14 gòl pou Grenadye yo, li vin pi bon bitè Gonavyen nan seleksyon nasyonal la, devan lejand “Jean Rebert Menelas ‘’.
Soyez le premier à commenter