YON ZETWAL ETENN NAN KONSTELASYON MIZIK ZILE LAGONAV

Omaj pou Chery Blanc Meseguet Wilief ( Mesgueto), yon vwa ki te chante zile a nan tout fasèt li, yon vwa ki t ap chante epi reve wè yon lòt zile.

1

Chery Blanc Meseguet Wilief, pou fanatik li yo ( Mesgueto) te kòmanse chante nan Legliz Batis nan sant vil Ansagalè a ,se andedan legliz sa li pral kòmanse montre talan li epi jwenn baz pou l te vin atis sa ki pase plis ke 20 lane ap chante pou Lakay .

Rantre nan Emozim, ki vin Emo, se la yo t ap pral wè ki kalite atis MESGETO te , ki kalite vwa li genyen, yon vwa k ap kleyonnen zile a tankou yon ti zwazo k ap chante nan moman prentan.

Avèk Emo, Mesgueto chante pou manman l, zile a, paske se fason sa li kapab dekri mizè madanm sa ap pase.

LAGONAV premye tit sou albòm Emo a .

Se yon mizik ki dekri bote nati a nan lavi moun zile , se yon mizik ki monte ki avantaj pozisyon jeyografik nou gen sou plan sekirite pa rapò ak Gran tè a

LAGONAV se yon mizik ki dekri pase zile a, sa Lagonav te reprezante pou peyi a. Gen done ki bay ane 60 yo kòm yon peryòd kote zile a te yon espas ki te gen gwo plantasyon sitwon ki te konn ap vann nan tout Karayib la.

Se yon mizik ki pale kòman zile a te ye nan ane pase yo, ki toujou pa kapab dekole akoz dirijan san vizyon ki pa janm pare pou poze baz devlopman zile a.

Se vre nou bay de gwo dirijan nan 30 denyè ane yo men nou toujou prive de anpil enfrastrikti.

Anpil dirijan ki pase yo toujou di yo pral chanje reyalite lakay, men se te pou madanm yo ak pitit yo, e majorite, apre mandan yo, te oblije kite lakay ale viv lòt kote .

LAGONAV

Se yon mizik ki te fè yon apèl solidarite pou chanje eskamp figi zile a, jwenn dirijan serye pou n chanje bagay yo. Se yon apèl pou tout pitit zile a, kèlkeswa sektè a, pou yo pote kontribisyon pa yo nan devlopman zile a.

Van lespwa sa a te kòmanse ak Roulado FC, paske se te ekip sa a ki te chanje konsepsyon moun zile a pa rapò ak jan yo konprann nou .

LAGONAV CHERI, YON MIZIK-KONBIT

Lagonav Chérie se yon mizik-konbit k ap rele chak Gonavyen pou yo di: se konsa pou n chanje vizaj zile a.

Atis la parèt sou tèt Mòn Morikò, ak yon lanbi k ap rele tout pitit zile yo tounen kèlkeswa kote yo ye, sonje lakay yo.

Se yon apèl ki di:se nou ki pou chanje lakay.

Se konbit pou n fè si n vle wè machin Devlopman an demare .

Se ansanm, se solidarite, se chak pitit zile a ki pou pote kontribisyon pa li pou chanje vizaj lakay.

Se nan sans sa a Lagonav  pa sèlman yon mizik,se  yon apèl pou tout Gonavyen mete men ansanm pou konstui yon lòt Lagonav.

Mizik sa rete pi gwo patrimwàn nan sektè mizikal zile a, san nou pa bliye “Se Peyi Mwen”, ki rakonte listwa atis la lè l wè se lakay l ap desann. Se yon mizik ki retrase pakou yon Gonavyen lè l ap rantre lakay li. Anpil fwa, nan blokis konn fè w paka rive a tan karyè , lè li rive jwenn Ti Ogis (non sa vle pou moun lakay se toujou denye Batiman k ap kite Karyes ) e jwenn Ti OGIS pa gen pi bèl kontantman pase sa ka n ap rive lakay kanmenm.

Se yon mizik ki dekri listwa chak Gonavyen lè vakans rive pou rantre lakay.

Yon mizik ki fè vibre kè chak Gonavyen.

Yon mizik ki dekri seksyon kominal nou yo ak pasaj, ansanm ak dirijan ki pase nan tèt awondisman an ki pa pote gran choz.

Yon mizik ki retounen sou tan lakoloni , kote Rèn Anacaona te konn desann Pikmy pou vin pran plezi l nan dlo ak gwòt ki make listwa nan Lakou Pikmy.

Emo Mizik te soti albòm li nan lane 2001.

Te gen 10 mòso

  1. La Gonave
  2. Melomanes
  3. Haiti
  4. Ti Moun Yo
  5. Ouale Kite’m
  6. Naufrage
  7. Democratie
  8. Ti Moun Yo (Instrumental)
  9. Men Toro a

Lagonav ak Naufrage se te mizik ki te make plis melomàn yo sou albòm sa .

Mesgueto kontinye chemen li nan mizik, ansanm ak Deal Mizik, pandan li kontinye pote vwa li ak mesaj li pou Zile Lagonav.

SE TE YON ATIS KI MAKONNEN LAVI L AK ZILE A

Pou sa Mesgueto fè sou plan mizikal zile a, li ap rete yon lejand e yon chantè ki te plis pase yon senp atis lakay li.

Li te chante zile a nan tout fasèt li.

Li te chante bote li.

Li te chante doulè li.

Li te chante listwa li.

Li te chante espwa li.

Men sitou, li te chante rèv li pou wè yon lòt Lagonav ak lespri konbit

Jodi a, atis la pati kite nou.

Li kite yon 2 gwo eritaj  pou tout fanatik li yo malgre nan peyi n se lè w pa la yo konn sa w vo li kite 2 Mizik ki vinn yon imm pou kominote Gonavyèn nan ,pou tout moun ki te grandi ak vwa li, pou tout moun ki te konn tande mizik li epi jwenn ladan yo yon moso nan pwòp istwa yo.

Men nou rete kwè mizik li yo ap kontinye viv.

Yo ap rete yon mizik-konbit, yon mizik ki kapab bay chak Gonavyen yon boustè, yon fòs ak yon rapèl:

Se nou menm ki pou chanje lakay.

Se nou menm ki pou pote kontribisyon pa nou.

Se nou menm ki pou kontinye rèv la.

Kounye a, se jenerasyon ki rete yo ki pou kontinye chante rèv sa a nan aksyon.

Se vre  zetwal  ki te pi enpòtan nan konstelasyon mizik Zile Lagonav la disparèt men limyè li kite dèyè a ap kontinye klere.

Mesgueto, repoze w

Zile Lagonav pap bliye vwa ou.

zilepam

.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire