Objektif nou

Espas elektoral Zile pa m nan  vize ankouraje yon popilasyon ki pi byen enfòme sou lavi demokratik zile a . Nou mete enfòmasyon sou kandida yo, pòs elektoral yo, sondaj opinyon yo ak rezilta eleksyon pase yo nan yon sèl espas, pou ede sitwayen yo dekouvri moun k ap prezante tèt yo, pi byen konprann pwosesis elektoral la epi suiv evolisyon reprezantasyon politik nan kominote yo.

Nou angaje nou pou prezante enfòmasyon yo yon fason ki klè, transparan epi san patipri, pandan nou fè diferans ant enfòmasyon ofisyèl, done pwovizwa ak rezilta sondaj opinyon.

Objektif final nou se bay popilasyon Lagonav la yon zouti enfòmasyon ki ankouraje patisipasyon sitwayen, transparans ak yon pi bon konpreyansyon sou lavi elektoral zile a.

Kesyonè Kandida Eleksyon Lagonav 2026
Ranpli kesyonè sa a pou prezante tèt ou, rezon kandidati ou ak pwogram ou pou Zile Lagonav. Nou pral verifye repons yo anvan piblikasyon.
nimewo telefòn, WhatsApp, adrès imèl oswa lòt mwayen ou dakò pou piblik la itilize.
site lekòl oswa inivèsite ou te pase , domèn etid ou?
Ki priyorite ou ta pran an premye si yo eli w?

Dekouvri kandida yo

Foto egzanp kandida Atherty Augaus
Egzanp pwofil kandida

Atherty Augaus

Pòs: AZEK

Zòn: 2yèm seksyon Tisous, komin Ansagalé

Kontak: atherty@zilepm.com

Fòmasyon ak etid

Etid nan enfòmatik ak telekominikasyon.

Eksperyans nan kominote a

Mwen gen plis pase 15 lane eksperyans nan sèvis kominotè, fòmasyon ak devlopman kapasite pou avansman kominote mwen. Mwen se te moun ki te batay pou bloke kontra Nèg Sèvis Kreyen ak Natcom nan lane 2021. Nan de dènye ane sa yo, mwen te alatèt yon mouvman pou mete 50 LANPADÈ nan Tisous ak pou fouye pi bon SOUS DLO. Mwen alatèt tou yon ekip k ap travay pou amelyore WOUT PRINCIPAL 2yèm seksyon an, ansanm ak yon mouvman pou tout moun jwenn ENTÈNÈT lakay yo oswa depi yo rive Tisous. Mwen te batay nan lane 2022 pou Gwo Mang, Trou-Louis, Jeune, Pwentarakèt ak Chen Kontan jwenn sèvis 4G yo. Mwen se KO-PDG ZILE KONEKTE, ansanm ak Ing Riclavel; rezo sa a pèmèt moun jwenn ENTÈNÈT nan sant vil Ansagalé a, epi se premye rezo gonavyen k ap sèvi kominote a.

Poukisa mwen chwazi kandida

Mwen chwazi kandida paske mwen santi mwen kapab marye volonte mwen ak konpetans mwen pou m poze baz devlopman kominote a kòm AZEK.

Priyorite mwen

Espò, wout, dlo, edikasyon, teknoloji ak lòt domèn.

Espò Wout Dlo Edikasyon Teknoloji Lòt domèn

Poukisa elektè yo ta dwe vote pou mwen

Tout moun ta dwe vote pou mwen pou sa mwen fè depi plis pase 10 lane, sa m ap fè kounye a ak vizyon mwen genyen pou kominote a.

Si mwen pa eli

M ap kontinye fè menm sa mwen te konn fè yo epi ede kandida ki pase a pou nou chanje lakay. Mwen kwè eleksyon pa sifi pou chanje kominote a; nou bezwen moun ki gen konpetans ak vizyon pou mete zile a sou ray devlopman pou jenerasyon k ap vini an.

Remak: Sa a se yon pwofil egzanp pou montre jan prezantasyon kandida yo ka parèt.