LAGONAV: Polisye ak moun ki nan prizon yo pral benefisye egzanpsyon sou frè pou sèvis swen sante sou zile a .

Inite Awondisman Sante piblik Lagonav la  pibliye yon dispozisyon administratif pou fasilite aksè pou polisye ak moun ki nan prizon jwenn  sèvis swen sante atravè yon mezi egzanpsyon.

1

Mezi sa a parèt nan Sikilè Administratif No 001/2026, ki soti lendi  9 novanm 2026 la ,se  Kòdonatè UAS Lagonav, Jude Emmanuel PIERRE,ki siyen l. 

Sou rekòmandasyon Direksyon depamantal sante lwès la ak  otorite konpetan yo, Meri  ak responsab  polisye yo sou zile a ,  mezi sa yo make yon  etap nan fason polisye yo ak prizonye pral kapab jwenn sèvis jan sa mande nan kominote yo .

 

Mezi sa pral pral ankouraje  Polisye k ap travay sou zile a fè swivi medikal yo a tan .

 

Dispozisyon sa a reprezante yon opòtinite pou polisye yo fè konsiltasyon ak check-up medikal regilyèman. Souvan,  ajan polis yo fe tout  tan yo  ap sèvi popilasyon an san yo pa jwenn okazyon pou verifye eta sante yo.

Mezi a kapab ede yo detekte pwoblèm sante yo bonè epi jwenn swen lè yo bezwen sa.

Moun ki nan prizon yo gen dwa jwenn swen tou

Sikilè a prevwa fasilite aksè detni ak prevni yo ak sèvis medikal. Paske yon moun ki nan prizon pa pèdi dwa li genyen kòm moun. Li merite swen sante, respè ak diyite menm jan ak tout lòt moun.

Ki enstitisyon ki konsène pa mezi sa ?

  • Lopital Wesleyen ki se youn nan patnè MSPP ki pi anyen sou zile a ;
  • Lopital Kominotè Referans Piblik Tipalmis;
  • Tout sant sante piblik ki fonksyonèl nan awondisman Lagonav la.

Sèvis yo gen ladan konsiltasyon, swen ijans, swen medikal, egzamen ak lòt sèvis ki disponib selon kapasite enstitisyon yo.

Pou polisye yo, y ap bezwen prezante kat pwofesyonèl yo oswa yon lòt pyès ofisyèl pou idantifikasyon.

Mezi a ap antre an aplikasyon aprè apwobasyon, siyati ak piblikasyon pa otorite konpetan yo.

Sante se yon dwa. Yon moun ki dèyè bawo pa sispann yon moun, menm jan yon polisye ki ap pwoteje popilasyon an merite jwenn swen pou pwòp sante li.

NB: Egzanpsyon pa vle di tout sèvis yo gratis ,mezi sa konsène selman sèvis ki antre nan kad mezi administratif la e selons resous ak kapasite enstitisyon sanitè yo .

 

SOUS: Sikilè Administratif No 001/2026, Inite Awondisman Sante Lagonav ..

Klike sou lenk anba a pou w li sikilè a

https://zilepam.com/wp-content/uploads/2026/11/SIKILE-ADMINISTRATIF-POU-EGZONERE-POLISYE-YO-LAGONAV-9-novanm-2026.pdf

ZILE PA M

www.zilepam.com

info@zilepam.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire