Jean Eddy Leroy ki fèt sou zile lagonav eli kòm Komisè Konte pou Distri 4 nan St. Lucie County nan eta Florid.
Se yon bèl paj listwa nan politik Tonton Sam kote anpil nan imigran yo ap fe fas ak gwo pwoblèm .
Nan eleksyon primè pou te jwenn kandida ki pou te reprezante pati demokrat la Leroy te fè 10587 vòt ak 276 vwa plis sou konkiran dirèk li (Roger ) nan primè pati demokrat la te fe pou konnen kiyes ki pral prezante pati demokrat la kòm komisè konte a pou distri 4 .
Nan eleksyon jeneral 3 novanm 2026 la, Jean Eddy Leroy menm jan ak vas kandida demokrat yo , ranpòte eleksyon sa pou pòs County Commissioner, District 4, nan St. Lucie County, pou eta Florid.
Leroy te fè fas ak de lòt kandida: Jamie Lee Fowler, kandida Repibliken, ak Nicholas Burgos, kandida endepandan.
Daprè rezilta elektoral yo, Jean Eddy Leroy jwenn 66,405 vòt (49.25%), Jamie Lee Fowler jwenn 64,758 vòt (48.03%), tandiske Nicholas Burgos jwenn 3,669 vòt (2.72%) ki ba l dwa pou reprezante distri 4 la nan kòmansman ane 2027 la.
Men Kisa yon County Commissioner ye nan peyi tonton Sam ?
Yon County Commissioner se yon responsab eli ki fè pati Komisyon Konte a. Konte a se yon nivo administrasyon lokal ki kouvri plizyè komin oswa plizye vil, selon òganizasyon chak eta.
St Lucie gen 5 komisè e Jean Eddy Leroy pral gen pou reprezante distri 4 la .
Komisyonè yo patisipe nan desizyon ki konsène bidjè konte a, taks sou pwopriyete, wout, drenaj, sèvis ijans, pak, devlopman ekonomik ak amenajman teritwa a.
Pou ede moun zile Lagonav yo konprann fonksyon sa a, nou ka fè yon ti paralèl ak administrasyon youn nan komin sou awondisman an . Yon County Commissioner gen kèk resanblans ak yon manm Konsèy Minisipal nan yon komin tankou Ansagalè oswa Pwentarakèt, paske toude patisipe nan desizyon ki konsène administrasyon ak devlopman komin nan . Sepandan, yo pa gen menm estrikti ni menm pouvwa egzakteman. Nan St. Lucie County, senk komisè reprezante senk distri epi yo pran desizyon ansanm pou tout konte a . An Ayiti, Konsèy Minisipal la gen yon majistra ak de majistra annaprè ki pran dezisyon yo .
Fòk nou di komisè Eddy Leroy pral gen pou reprezante yon popilasyon(66160 moun ) ki plis ke komin ansagalè a ki gen yon popilasyon ki estime ak 62709 abitan.
Kisa yon komin tankou Ansagalè te kapab benefisye :
Otorite andan zile a te kapab toujou kreye yon pon pou kèk domèn tankou edikasyon , enfrastrikti , ekonomi ak envestisman, al chèche patènèchip e gade kòman kapab gen yon transfè konpetans , rive kreye yon rezo solid pou wè sa zile a kapab benefisye.
Reyisit Leroy dwe kreye yon opòtinite pou n wè yon zile k ap monte sou ray devlopman n ap reve a.
Fòk nou di Jean Eddy Leroy pa majistra vil Port St. Lucie; li se youn nan responsab eli ki patisipe nan gwo desizyon pou tout St. Lucie County.
Nan mwa novanm 2017, Jean Bradley Derenoncourt, te eli kòm konseye minisipal nan vil Brockton, nan eta Massachusetts li te reprezante vil li a ak objektif pou patisipe nan vote lwa lokal , bidjè vil , sèvis piblik ak desizyon nan zòn li an.
Komisè konte li menm li reprezante yon distri elektoral ki kapab plis pase yon komin . done ki disponib se aprè nèf(9) lane , Jean Eddy Leroy ajoute yon lòt etap nan prezans moun ki soti Lagonav nan lavi piblik ameriken an .
Li enpòtan pou nou presize ke prezantasyon Jean Bradley Derenoncourt ak Jean Eddy Leroy nan atik sa a baze sou enfòmasyon nou rive dokimante jiskaprezan. Sa pa vle di yo se sèl Gonavyen ki te deja eli nan yon pòs elektif Ozetazini ou rive nan de gwo pòs .
Li posib pou gen lòt Gonavyen ki te deja eli nan lòt vil, konte oswa nivo administrasyon, men nou poko gen ase enfòmasyon jiska kote n ap ekri akti sa.
Se yon rezon pou valorize pitit Lagonav ki deyò peyi e ki ap kontinye fè valè tout moun zile a .
Lagonav pa sèlman yon zile touristik men li gen pitit li yo ki rete pi gwo bwa nan devlopman kominote a . Se yon zile ki gen pitit li yo k ap fè chemen yo nan diferan peyi ak diferan domèn.
Felisitasyon pou Jean Eddy Leroy!
ZILE PA M — Zile pa w, zile pa nou!

Soyez le premier à commenter