Administrasyon minisipal Ansagalè anonse deplwaman ajan Sèvis Fiskalite li yo nan diferan zòn nan komin nan apati jedi 12 novanm 2026 sa . Operasyon sa a vize ranmase enfòmasyon sou aktivite ekonomik, pwopriyete ak etablisman komèsyal yo, pandan l ap sansibilize kontribyab yo sou obligasyon fiskal ak administratif yo.
Nan yon kominike pou laprès ki pote referans MAG/CM/SG/11-2026/00-07, konsey minisipal la fè konnen ajan ki afekte nan Sèvis Fiskalite a pral antre an aksyon sou tout teritwa komin nan nan kad yon operasyon ki gen plizyè objektif.
Dapre administrasyon minisipal la, ajan yo pral gen pou misyon ranmase enfòmasyon sou etablisman komèsyal yo, pwopriyete ki konstwi yo ansanm ak diferan aktivite komèsyal k ap fèt nan komin nan.
Anplis koleksyon enfòmasyon, operasyon an pral sèvi kòm yon okazyon pou sansibilize komèsan, pwopriyetè byen imobilye ak responsab antrepriz yo sou obligasyon fiskal ak administratif yo. Meri a ankouraje tout moun ki konsène yo pran dispozisyon nesesè pou regilarize sitiyasyon yo devan sèvis konpetan Meri a ak Direksyon Jeneral Enpo (DGI), atravè biwo li a.
Ranfòse resous finansye komin nan
Dapre sa Meri a eksplike nan kominike a, inisyativ sa a antre nan estrateji administrasyon minisipal la pou ranfòse resous fiskal lokal yo, amelyore swivi aktivite ekonomik yo epi mete plis efikasite nan mekanis kontwòl ak rekouvreman revni komin nan.
Pou administrasyon an, mobilizasyon resous fiskal yo reprezante yon eleman enpòtan nan kapasite komin nan pou l reponn ak bezwen popilasyon an epi amelyore sèvis piblik lokal yo.
Meri a mande kolaborasyon popilasyon an
Nan kominike a, Meri Ansagalè envite pwopriyetè ak responsab antrepriz yo pou yo byen resevwa ajan ki gen manda ofisyèl yo, kolabore avèk yo epi mete enfòmasyon nesesè yo disponib pou fasilite dewoulman operasyon an.
Administrasyon minisipal la di li konte sou lespri kolaborasyon, sans sivik ak responsablite tout moun pou operasyon sa a kapab dewoule nan bon jan kondisyon.
Travay sila merite anpil atansyon
Deplwaman sa a kapab reprezante yon etap enpòtan nan efò pou pi byen idantifye aktivite ekonomik ki egziste nan premye komin zile a epi amelyore jesyon resous finansye lokal yo.
Sepandan, popilasyon an, sitou komèsan ak pwopriyetè yo, ap bezwen byen enfòme sou modalite operasyon an, dokiman ajan yo pral mande ak pwosedi ki dwe suiv pou regilarize sitiyasyon fiskal yo paske gen anpil biznis k ap fonksyone nan komin nan san pyès pèmi pou yo fonksyone .
Zile pa m ap kontinye suiv dosye sa a pou enfòme popilasyon Lagonav sou diferan inisyativ administrasyon lokal yo.
Sous: Kominike pou laprès Meri Anse-à-Galets, 11 novanm 2026.
Redasyon : Zile Pam
info@zilepam.com

Bon travay