D1 PARYAJ LAKAY : Violette, chanpyon denye edisyon an, pa rive demare premye joune a; Don Bosco soti lwen pou l al chèche yon match nil kont Racing Club Haïtien

Chanpyona nasyonal premye divizyon ayisyen an sou non D1 Paryaj Lakay 2026-2027, lanse premye jounen li dimanch 8 novanm nan. Violette AC, chanpyon an, poko antre nan konpetisyon an akoz ranvwa match li, pandan Don Bosco rive remonte yon defisi 2-0 pou l pataje  yon pwen ak Racing Club Haïtien (2-2).

1

Yon chanpyona ki reprann menm fòma sezon pase a koz pwoblèm enserikite a mete 12 ekip ki repati sou 2 gwoup .

Violette AC, ekip ki te ranpòte dènye premye edisyon  chanpyona sa a, pa t kapab jwe premye rankont li kont Juventus des Cayes. Match sa a te ranvwaye akoz kondisyon teren an aprè tanpèt ki te pase sou zòn Sid la .

Don Bosco  kote pa soti lwen pou l al chèche yon match nil ak yon gwo Naider .

Se youn nan rankont ki te pi enteresan nan premye jounen an, Don Bosco te montre anpil karaktè devan Racing Club Haïtien. Malgre ekip la te pran 2 gòl , Coach Nathou ak Marcus te kwè se posib pou yo montre sa Don  Bosco ye . yo fe rantre Eliscar Bens-Naïder ki ta pral  chanje figi match la. yon pas desizif, anvan li make gòl egalizasyon an pou pèmèt Don Bosco soti ak yon match nil 2-2. Bèl pèfòmans sa a te pèmèt li jwenn distenksyon meyè jwè match la . Nou dwe souliye tou prezans Marcus, yon Gonavyen, nan estaf teknik Don Bosco a kòm adjwen antrenè Nathou, yon lòt bèl okazyon pou mete pitit Lagonav yo an valè nan foutbòl nasyonal la.

Rezilta premye jounen an.

Gwoup  Nò

* Racing FC Gonayiv 2-1 Real Hope FA

* Tempête FC 0-1 FICA

* AS Capoise 0-0 Ouanaminthe FC

Gwoup Sid

Racing Club Haïtien 2-2 Don Bosco

* Cavaly AS 0-0 América FC

* Juventus des Cayes – Violette AC: Ranvwaye

Yon sezon ki kòmanse ak anpil atant pou n konnen eske se Violette ki pral kontinye domine D1 Paryaj Lakay la .

Fòk nou souliye Baltimore SC, se  gwo absan edisyon sa.

Baltimore SC pa  jwe pou sezon 2026-2027 la paske klèb la pa t soumèt dosye ki nesesè pou jwenn lisans klèb la  nan kad pwosesis administratif FIFA /FHF mete sou pye pou tout klè bay tout dokiman pou gen lisans k ap pèmèt yo patisite nan konpetisyon yo e sa jwe fèt chak sezon  . Sitiyasyon sa a raple  n enpòtans kondisyon administratif ak lisans nan foutbòl modèn, kote patisipasyon nan konpetisyon an pa depann sèlman de pèfòmans sou teren an.

Berson Junior Metelus ,se sèl jwè Gonavyen ki jwè nan premye  joune  sa nan match Racing kont Don Bosco a , Jean Baptiste Elischama nan FICA pa kapab jwe koz blesi, aprè  swivan de lòt enfòmasyon anpil jwè Gonavyen yo deside  rete jwè pou ROULADO FC ki ta dwe jwe D2 nan mwa k ap vini yo si tout bagay ta mache swivan responsab yo.

ZILE PA M

info@zilepam.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire