Grenadye yo ap fè fas ak seleksyon Etazini nan yon gwo match Lig Nasyon CONCACAF la, samdi 14 novanm 2026. Malgre Ayiti ap jwe sou tè ameriken, prezans dyaspora ayisyèn nan Miami kapab bay ekip la yon gwo sipò moral atravè drapo, chante yo ak ankourajman.
Absans Jean-Ricner Bellegarde, Hannes Delcroix ak Jean-Kévin Duverne reprezante yon defi pou seleksyon an. Sepandan, retou Lenny Joseph ak Leverton Pierre, ansanm ak nouvo opsyon Patrick Nwadike ak Kayden Pierre, kapab pote plis solisyon pou antrenè David Badia.
Anfas yon ekip ameriken ki gen jwè tankou Christian Pulisic, Weston McKennie, Tyler Adams ak Folarin Balogun, Ayiti ap bezwen disiplin defansif, bon kontwòl mitan teren ak efikasite devan gòl.
Pi gwo objektif la: transfòme enèji dyaspora a an yon avantaj sou teren an, pou Grenadye yo kapab byen negosye gwo randevou sa a.
Enpotans match plis toujou ka grenadye yo montre ekip sa ap franchi yon lòt etap nan zòn nan pa rapò ak eleman nou gen ki ap jwe nan gran chanpyona yo.
Si Ayiti rive elimine Etazini sou total de match ale-retou yo, li ap kalifye dirèkteman pou Gold Cup 2027. Men, si li pa rive pase obstak sa a kip a ditou fasil , seleksyon an ap oblije tann mas 2027 pou l jwe baraj Gold Cup la, kote l ap gen yon lòt chans pou valide tikè li.
Denye fwa ayiti jwe kont USA se te nan Gold CUp 2025 la kote nou te pèdi 2-1
Yon sèl drapo, yon sèl pèp, yon sèl seleksyon!
Zile pa m – Espò | Analiz ak aktyalite foutbòl ayisyen.
Redaksyon Zile Pam
Pou kontak info@zilepam.com

Soyez le premier à commenter