1912-2025
113 lane Sektè Edikatif la sou Zile Lagonav
Lane 1888 se dat ki make listwa nan sektè edikatif la sou zile a.
21 Me ane 1Prezidan Salomon te vle kontrole sektè sa sou zile a paske Lagonav te toujou nan byen prive Leta ayisyen .chak moun vle gen ti bout tè pa yo e tout moun nan Moman sa te vle timoun yo kapab siyen non yo ,se sa ki pral kreye premye lekòl sou zile Lagonav ,men selekòl sa yo te konn fonksyone 2 ou 3 jou chak semèn pa t gen twòp angouman pou bay timoun levasyon.
Gen lekòl ki konn fe 2 mwa konsa apre 3 lane konsa yo kanpe ,timoun yo pa t renmen lekòl nan epòk la e pa t gen twòp Pèsonel nan sektè a ka fokis la se te explwatasyon nan forè zile a .
Nan lane 1912 nan bilten ofisyèl kominikasyon legliz katolik peyi dayiti ,yo siyale egzistans 2 ti espas sou zile a, yon mèt(Enstitè) ki ap bay levasyon ak kèk timoun nan vil Ansagalè e youn nan sant vil Pwentaraket.
Nan menm 1912 la Luc Dorsinville direktè sosyete Agrikòl fonde nan vil Pwentaraket yon lekòl primè pou gason .
Lekòl sa te gen nan tèt li Emmanuel Desir Alexandre e yo te demare l ak 18 élèv
Pwoblèm Sosyo ekonomik zile fe lekòl sa pat kapab kenbe ,paran yo paka jwenn senkant (50 santim) yo te mande chak mwa a e sa te fe lekòl la femen pot li apre 3 lane .
1913 aprè siyati konvansyon sou lekòl riral yo ant Leta ayisyen ak legliz katolik ,yon lekòl presbiteral te louvri pòt li nan Lakou Pwentaraket ki te pi gwo bouk sou zile Lagonav .
1923 nan Lakou Ansagalè yon lekòl te pran nesans nan pawas St Izidò men ki te sou kontwòl pawas St Pye nan lakou akayè men lekòl sa pat kapab fonksyone nòmal .
1927 Pè Allain Euzen premye Kire sou zile Lagonav liste 5 lekòl .
Ansagalè : yon lekòl mix ,yon lekòl kominal
Pwentaraket :yon lekòl nasyonal Mix .
Nan Lakou Zetwa : yon lekòl nasyonal pou gason ak yon lòt lekòl pou fi .
Nan kòmansman 20e syèk la legliz batis Pete pye l atè paske yo di evanjelizasyon ak edikasyon se 2 bagay ki mache ansanm .
Nan lane 1923,Pastè Boaz Alexandre yon afro Ameriken kòmanse mete kèk lekòl sou zile a .nan 2 lane yo te ouvri 6 lekòl ,Masikren ak Gromang se kote ki te gen plis timoun ak anpil aktivite andan lekòl yo .
Premye lekòl batis ouvri pòt li nan menm ane a nan lokalite masikren ki te gen Lakou rekreyasyon pou timoun jwe ak yon Jaden kote timoun konn aprann plante ka objektif la se initye timoun yo nan sektè agrikòl la .
Lekòl sa yo ki t ap fonksyone sou sibvansyon pat ka kenbe twop se ka pou lekòl gromang la ki te femen pot li apre 2 3 lane e ki pral relouvri nan lane 1940 .lekòl sa te 200 timoun .
Lekòl Betleem Baptiste nan Pwentaraket pral ouvri pòt yon lane aprè avèk Joseph Laurore .
1952 Legliz Wesleyèn rantre sou zile a e pral mete men l nan sektè edikatif la ki bezwen bon bourad.
Kay Léonard ki fonde nan lane 1964 ki Jodi CSSB(Lekòl Sainte-Bernadette)
Lise Nasyal Ansagalè ki fonde 1987 pral gen 40 lane 2027 k ap vini rete youn nan lekòl ki pote anpil nan sektè sa .
Lise Pwentaraket 1991
Lise Grand Sous (Edmond Laforeste) 1993
Lise Gromang (2007 )
Sous Idson St-Fleur (Tisous ,Zèb Ginen ,Lagonav)
