Christerlandie Norbrun premye fanm chanpyon nan konkou nwèl sou 10 denye lane yo sou zile Lagona

Christherlandie Norbrun premye fanm chanpyon nan konkou nwèl sou 10 denye lane yo sou zile Lagonav.

Chanpyon konkou Nwel Porchal Show/CSFA
Premye fanm Chanpyon konkou Nwel sou Zile  a nan 10 denye ane .
 18 lane christherlandie fèt nan yon fanmi ki gen 8 pitit e li se 4e.

Mw kòmanse chante Depwi 5 lane nan lekòl mw ,nan laj 9 lane konsa mw te konn chante legliz manmi m ki te wè Talan m konn mande m chak Dimanch pou chante ka se konsa pou m dwe devlope Talan sa e pou m fe sa se nan kad aktivite sa yo.

Nan konpasyon mw te toujou patisipe nan konkou chant Pwojè HA-811(Gromang) te konn reyalize chak ane .mw raple m mw pran 3 tit m pa sonje lòt yo mw te nan 12  an konsa .

Apre egzamen 9e manmi m ak papi ( Mariclaude Basil e Jacklin Norbrun ) te deside voye m vinn lekòl Ansagalè ak lòt sè m yo .se la yon lòt paj nan lavi atis mw pral chanje .

2021 lansman m nan kreyasyon kontni ..

Nan Klas sekond(NSII) nan lekòl (Institisyon Mix Emanyel ) m te gen yon zanmi m ki rele (Dacius Mitchtialina ) se ak li m te fe premye pa yo li te wè nan mw yon atis e li te te ankouraje m pou ouvri yon kont tiktòk m te pale ak papi manmi e yo te ht yon telefòn pou mw e zanmi m nan ede m enstale l.
se la m pral demare sou rezo sosyal (TikTok) ki te ap vale teren nan Moman .
apre lekòl lage zanmi m sa te jwe wòl Kameraman pou te filme m e mw m ap chante .se tris li pa la pou l t ap viv mw ki vinn premye fanm ki konnen yon tit chanpyon apre 10 lane nan koze konkou nwèl sou zile a.

Apre sa m pral fe konesans ak Mayestro Binelson Delva nan legliz les Élus ki ap dirije pa pastè Lamour Beaucicot .li mande m pou m lid nan mizik ki rele Benediksyon .

Li t ap pral wè potansyalite m e pwopoze m èd li .

Paran m te dakò e la nou kòmanse travay ak li nan stidyo l e nou te soti premye mizik la ak Pwofèt Rindal nou kapab swiv sou YouTube.

2e pwojè se ak mizik PHAÉTON te patisipe nan konkou nwèl ki te gen yon siksè total nan pwomosyon pou kilti lakay .

Apre sa Mayestwo te konn jwe pou mw nan menm aktivite mizik mw te konn fe sou tiktòk yo pou m pèmèt lòt moun dekouvri sa m ka pote nan sektè a .

Pou ane 2025 ki sot pase sè m ki pa nan peyi te enskri m nan yon konkou ki rele :Les talents cachés.
Konkou sa te gen 8 odisyon se te espas pou n vinn expoze Talan nou ,te gen nou 8 ki te fe final e mw pral pran tit sa ki se premye siksè n nan yon konkou online e mw te soti ak 500 Dola US .

Nan mwa jile mw te te patisipe kòm atis envite nan konsè Zamar Band (ki gen nan tèt ki Obson a PDG ON TV) e vinn yon manb aktif .

mwa dawout pou rive Septanm 2025 pwojè mw an ki se HA-796(De Dieu) te chwazi m pou m reprezante yo nan konkou chant e mw te soti chanpyon pou tout zile a .

Mw te jwenn yon of nan Katts’ Gifts pou m te chante pou yo nan kad kado anivèsè yo toujou bagay .avan m pat dakò m te pale ak paran m yo yo te di m Depwi jwenn opòtinite se profite , m te vinn asepte e Jodi a mw se Responsab chan pou antrepriz sa ki ap bay moun kado ke m envite tout moun vinn bay paran , fanmi yo sipriz nan KATTS’ GIFTS mezon kado .

Nan mwa Nov sè m nan ki toujou prè pou envesti nan mw te rele m e di m gen yon konkou anba a fòk mw patisipe mw te esite ka modèl konkou ki fèt denye ane sa yo m pa renmen koze vòt la paske yon moun ka gen Talan si l pa jwenn moun vote l li riske pa pase etap yo .

Sè m (Ysebadante Francelanda ) te la pran nimewo responsab yo e voye kob Banm enskri .

Anpil sakrifis ak antouraj mw fè m vinn premye fanm ki chanpyon nan Porchal Show/CSFA e sèl fanm ki genyen tit sa apre 10 lane konkou nwèl sou zile ,mw santi m kontan ka m rive fe onè medam yo ki fe anpil sakrifis avan men ki pat rive defye mesye yo .

Konkou a se yon etap nan vi atis mw ka mw kwè m ap rive lwen e ak bondye tout bagay posib.

Mw remèsye bondye nan syèl la ,ekip mw ki te bay tout yo menm ,paran m sè m ki toujou la pou mw .

Pwojè m pou lane 2026 se rantre inivèsite (Syans jiridik) pandan m ap konsantre m pou m chante e rive rantre nan stidyo soti mizik mw.

Mizik se lavi m .