Onè ak merit ak anpil pèsonalite e aktivite ki make lane 2025 .

Onè ak merit ak anpil pèsonalite e aktivite ki make lane 2025 .
Distenksyon pou anpil pèsonalite pou make 10 lane Tele Multi Media sou zile a .
Nan liste sa yo nou jwenn sila ki nan sektè espòtif la tankou nan espò 
  • Edrice Jean pi bon jwè sou ane 2025 la ki t ap jwe nan Ekip Piwouli e chanpyon ak li ki se jwè ki soti plis deyò pou ane 2025 la :Mondyalite ,AJSL pou n site sa yo .
  • Nesly Jean Louis Meye Coach chanpyon ak Piwouli Chanpyona Ivènal Fon Lorò, chanpyon pa fòfè zabriko e vis  chanpyon enstèskolè ak Lise ,vis chanpyon nan pak Previlèj ak Piwouli .
 Se antrenè ki pi regilye sou 5 denye ane yo sou zile a sitou nan chanpyona Entèskolè .
  • Gary Celestin Pi bon Prezidan e pi bon antreprenè  pou ane 2025 ki t ap dirije FC Gary ki rete ekip ki pote plis bote nan kote foutbòl zile a.
  • Kylovens JEFF Charles revelasyon pou lane 2025 la .
  • Pi bon chanpyona Lagonav Ann ale avek Trio Berthain ,Faciste ,Jacquelin ki ap òganize chanpyona Entèskolè nan sant vil Ansagalè Depwi 2021 .
Tele Milti Medya  bay FG Gary distenksyon pi bon ekip sou Zile a pa rapò a sa li fe sou lane a.
Pou anpil moun k ap gade foutbòl e sitou pou ane 2025 la FC Garry rete pi bèl ekip pou ane a men lè l gade akonplisman ekip pa rapò ak yon lòt ekip tankou Piwouli ki rete rival FC GARRY te dwe pi bon ekip pou sa yo reyalize sou lane chanpyon sou FC GARRY nan tounwa Ivènal 2025 ,chanpyon pa fòfè yon premye fwa nan listwa foutbòl la ak final Fonplezi yo pezi e 5-1 yo te bay avèsè direk yo men se kontre pou TMM se FC ki rete pi bel ekip ak anpil nouvote pou lane 2025 la .
  • John Wesley M Polinice Pi bon gadyen sou lane se ki t ap jwe nan ekip FC Garry.
Ekip sa pran pou kont pa l 3 distenksyon 
  • Cinondieu Lormestoir pi bon chantè pou ane ak anpil bèl tit nan repètwa l .
  • Christherlandie Norbrun revelasyon nan sektè mizikal la e ki rete premye fanm ki konnen yon tit chanpyon nan konkou nwèl sou zile a.
  • Dios Oliver NESTON pi bon animatè rabòday 
  • Don Jerry Édouard  pi bon jèn DJ 
  • René Gergel (Dj Plezi) ou bon Dj animatè 
  • David Marcelin (Dj Maten ) pi bon Dj 
  • Bruns Désir pi bon trapè 
  • Zachary Deroches(Zachary Live ) pi bon Tiktokè pou ane 2025 sa pou rezotaj li nan sektè a e kontribisyon l e se te Prezidan ekip chanpyon nan kafe a Zachary Live ,pi bèl chanpyona nou gen pou ane a sou zile a rapò ap prensip e nouvote yo te pote nan òganizasyon chanpyona sa.
  • Leywood T. Louis pi bon fotograf e ki ap mete anpil touch ak Ekip La Nouvelle la .
  • Magasin en Couleur pi bon aktivite ki te fèt pou lane 2025 nan Lakou magasin pou vann yon lòt imaj sou zòn sa ki te prensipal pòt antre zile sou tan lakoloni .
  • Zorg anba draps n pi bon konsè ki te ògònize sou lane a .
  • Festi Pwason  pi gwo festival ki fèt pou lane 2025 la ak yon ekip ki ranfose ki gen nan tèt li Étienne Ilme pitit boucan Lotore ki ap batay chak jou pou vann zòn nan yon lòt fason e rale moun vinn konnn ki richès ki kache nan sid zile a .
TMM dwe kontinye ak aktivite sa yo ki ap pèmèt nou valorize resous lokal nou yo .
Kenbe la 2026 la pral pi bèl .