PLEDWAYE POU YON ÒGANIZASYON DWA MOUN FONKSYONÈL SOU ZILE LAGONAV.

Nan yon moman tris nan listwa zile a sitou sa ki ap pase dènye ane sa yo li enpòtan pou n gen yon veritab revolisyon ki fèt pou mete sou pye yon òganizasyon dwa moun ki kapab batay  kont enjistis e ede sila ki pa kapab yo .

Nan denye ane sa yo gen plis ke 23 ka kote anpil maltretans sou popilasyon an e sa ki tris  se  enstitisyon ki rele lapolis ki gen pou misyon pwoteje ak sèvi komininote a  ki fè yo ak  lòt ka grav kote timoun ap viktim chak jou dwè gen yon asosyasyon ki kapab leve pou fe tande vwa moun sila a e jwenn jistis ak reparasyon .

Lè nou pran chat nasyon Ini ki te adopte nan lane 1945 ki rekonèt enpòtans ,respè dwa moun gen nan yon kominote .

Lè n pran atik 1, 55,56 ki ankouraje dwa moun ak libète fondamal.

Lè n konsidere deklarasyon inivèsèl dwa moun nan lane 1948 ki rete youn nan pi gwo dokiman sou dwa moun ki defini dwa ak libète chak moun gen tankou :

Dwa pou yo viv ,egalite devan lalwa , dwa pou Edikasyon ak travay pou n site sa yo .

Bay dwa ak Asosyasyon/òganizisasyon pou yo regwoupe yo e defann dwa tout sitwayen sitou sila ki pi mal yo e sesi san diskriminasyon .

Responsab sa yo gen pou devwa sansiblize popilasyon sou dwa ak devwa yo.

 Veye sou dwa gwoup vilnerab yo, tankou timoun, fanm, granmoun aje, moun ki gen andikap, ak lòt moun ki ka plis ekspoze ak  abi y  ap fe sou yo.

resevwa dokiman plent kont tout fòm enjistis, denonse vyolasyon dwa moun k ap fèt andan kominote a e akonpaye viktim yo pou yo jwenn sipò legal ,sosyal ou sikolojik si sa nesesè.

Pou sa yo dwe travay avèk netralite, onètete, konfidansyalite, respè lalwa, ak entegrite, epi toujou chèche solisyon ki respekte diyite tout moun.

Apre Mèt DIEUSEUL Alfred ki te tante monte yon rezo dwa moun sou zile a e swivan enfo li ba nou li te travay kòm benevola a tit kòdonatè RNDDH menfilyal sa pat Janm rive estriktire l jan sa mande sou zile lagonav ki te kapab ede defann dwa sila ki pa kapab yo nan tout kwen sou zile a .

Gen yon sitwayen ki te konn fe travay teren pou Rezo Nasyonal dwa zilmen ki rele Louis Sebien  men  anyen konkrè pat Janm fèt pou ranfòse strikti sa e rann li fonksyonèl malgre nimewo 1 nan koze dwa moun sou tout peyi a se yon Gonavyen( PIERRE ESPERANCE)

Gen  OGORLI ki te prezante pa Mèt Frizner Eliassaint  ki ta sanble ap batay pou dwa moun respèkte men pou anpil sitwayen se koze ti zanmi pa Janm gen yon òganizasyon ki rete nèt pou batay pou zile ki pa kapab yo .

Nan lane 2023 te gen yon òganizasyon ki te rantre sou zile a pou l te vinn Devan dwa moun men se moun LGBT yo ki pat ka rete ka pou anpil moun kote sa ka kadre ak reyalite peyi a sitou pou moun zile a .

RIGC( rezo entènasyon Gonavyen  pou chanjman)  toujou denonse men vwa nou toujou paka rive devan otorite pou sila ki pi mal yo ta jwenn jistis ak reparasyon kont abi otorite sitou anba men IDMO yo sou zile a(sant vil Ansagalè a)

2025  nou te gen ONPDH(òganizasyon nasyonal pwoteksyon dwa moun ) avèk Ansyen Jij Mesguerre Julien men se toujou menm reyalite ak lòt gwoupman nan sektè sa ki toujou pa rive pote vwa sila ki pa kapab yo pi wo .

Li enpotan pou gen yon strikti ki kapab reprezante zile a nan sans sa ka denye ane se viktim sou viktim e lajistis rete ap gade paske pa gen de mouvman pou fòse leta korije deriv ki  fèt deja yo e travay pou sa pa repwodui .

Atis Don Monmon, Davidson Dalmas, Sedène Louidor, Esther Beissant, Michelot , Dieunelson ak Senne Bocicot, Chesky, Kathie Joly,Adriano, Delege Vil Mme Dina , Jean Kenson (paske misye pase devan chèf la e bay pousye), Edson Thelira, Doffmy Alexis, Felix Joseph( kodonatè annaprè vis delegasyon an pwentaraket ) Doumga paske l te pa bat Norlise se yon egare , Neymar Pelou ak pitit li(responsab mache Lala) , Cexil .

Fòk sa fini nou paka konte viktim ankò an nou mete men pou gen yon mouvman pou defann dwa tout moun.

Zile pa m