Pou tout moun ka konnen e konprann
Mwen se Johann W Sebastien Joseph kreyatè kontni ak Pwofesyonèl nan zafè Difizyon evènman nan Liy. Mwen se Pwopriyetè yon Medya sou Zile Lagonav ki se JWS Live ki ap fonksyone depi Desanm 2020. Mwen te kreye Paj sa nan sousi pou enfòme, divèti ak ede moun sou zile jwenn ti moso enfòmasyon e se sa m toujou kenbe.
Mwen toujou bay objektivite ak tout sa k ap pase sou zile e bat pou m toujou temwen si ta va gen yon evènman ki pase. Nan sans sa, nenpòt sa ki ta genyen m toujou fè m devwa pou pote enfòmasyon an bay tout moun sou Platfòm sa ki se JWS Live.
Apre ensidan Mas 2023 yo kote on pati nan Popilasyon an te manifeste kolè apre zak represyon Lapolis te fè sou yon endividi. Nou te nan lari a ap fè dirèk pou montre sa ki gen nan lari a. Nou te fè si n te rete a leka e pozisyone nou yon fason pou n pat viktim, ni kout wòch, ni bal ak gaz Lakrimojèn.
Wòch tire sou komisarya, baryè kraze, gaz bay e tout moun t ap viv aksyon sa yo an dirèk paske nou tout medya ki te sou beton an te la. Apre tout sa k pase yo, lapolis te fè entèvansyon epi arete moun. Tout moun konnen kòman sa te pase e ki sa ki te di e kòman moun ki te arete yo te jwenn liberasyon yo. Brèf…
27 Jen 2026, Lapolis arete Adriano Fils-Aimé e maltrete jouk li rann dènye souf li lopital 30 Jen 2026 la. Nan kad Pwotestasyon plizyè jenn gason t ap fè nan vil la, yo te chwazi sible m dirèkteman kòm moun ki ta va pran imaj yo remèt Lapolis nan evènman 2023 yo. E mwen menm resevwa yon mesaj de yon sous ki di ke Johann Sébastien se yon trèt paske li se antèn Lapolis.
Premye Jiyè 2026 mwen te sot ranje Motosiklèt mwen e mwen t ap pase bò Boulanjri Ansno a, se moman sa mwen tonbe sou yon gwoup ki t ap mete kawoutchou pou boule. Mwen pa t konnen si lari a te okipe, e se nan moman sa yon jenn gason louvri kout wòch ak boutèy dèyè m. Se bon reflèks ki fè m pa viktim. Apre sa mwen al lave moto a bò biwo NATCOM lan, se moman yon gwoup avanse sou mwen epi simen wòch ak boutèy dèyè m. Mwen te oblije al pran refij nan yon kay pou m pa t viktim.Mwen pa t gen telefòn nan men m, mwen pa t ap fè Live nan moman. E kòm repwòch, yo di m ap pran imaj bay Lapolis paske m gen dwón (Sa m pa posede). Mwen vle di tout moun ke mwen toujou fè travay mwen ak ekite e mwen toujou rete pwofesyonèl nan sa m ap fè. Mwen se natif natal Ansagalè, mwen pa kwè yon jou yon moun ka di m te menm monte vwa m oubyen trete yon fason dwòl.
Mesaj sa se pou tout sila yo ki ta va site non mwen mal, pou m di yo JWS Live pa janm pran imaj remèt Lapolis. Dayè si yon bagay pase nan Vil la se pa sèl Medya yo ki ap pran imaj. Nou pa bezwen pran non m mete nan lis ènmi nou paske m pa gen kan nan travay m ap fè. Si nenpòt moun gen pwoblèm Mikwo nou louvri pou n bay fè revandikasyon nou yo pase.
Mesaj sa long, men m te vle di nou klèman sa ki genyen. Si nou bezwen plis esplikasyon nou ka poze m kesyon menm jan m remenm poze kesyon an.
Mèsi
Johann Sebastien
JWS
