21 Jiyè 1994 – 21 Jiyè 2026 32 LANE
Gen dat ki make listwa yon pèp. Pou Zile Lagonav, 21 Jiyè 1994 se youn nan dat enpòtan nan lavi moun zile , se youn nan dat ki pi enpòtan nan sektè telekominikasyon zile Lagonav, Se jou sa a, gras ak vizyon yon pitit zile a, (Jean Marie Decilien : Blan Jan), premye siyal Radio Crystal FM, Vwa Zile a, te rive nan reseptè radyo anpil fanmi, sitou nan sant vil Ansagalè. Vini radio sa te make yon nouvo epòk nan lavi kominotè zile a.
Nan okazyon 32yèm anivèsè li, tout sektè medyatik zile koupe l byen pa pou salye fondatè a ansanm ak tout direktè, animatè, teknisyen ak manm pèsonèl ki, depi 1994, te mete kè yo, tan yo ak enèji yo nan sèvis estasyon an.
Lè Radio Crystal FM te parèt, li te pote yon chanjman pwofon nan fason moun sou zile a te jwenn enfòmasyon ak amizman. Chak moman ou te jwenn yon emisyon ki pral pote swa enfòmasyon ,fòmasyon eak anbyans.
Anvan 1994, anpil moun te oblije konte sou radyo ki soti sou gran tè a pou swiv nouvèl, mizik ak emisyon ki te enterese yo. Avèk Crystal FM, Lagonav(Sant Vil Ansagalèa ) te finalman jwenn pwòp chanèl pa li, pwòp espas pa li, pwòp vwa pa li.
Estasyon an pa t sèlman yon mwayen pou difize nouvèl oswa mizik. Li te vin tounen yon pwen rasanbleman sosyal ak kiltirèl. Li te ede moun yo santi yo pi prè youn ak lòt, li te bay kominote a yon platfòm pou pale sou pwoblèm li yo, epi li te fè zile a egziste pi fò nan espas piblik la.
Li enpòtan tou pou sonje Radio Crystal FM te premye estasyon radyo sou zile a. Se sèlman 18 lane aprè, yon dezyèm estasyon, Radio Télé La Gonâve, te vin antre nan menm sektè a. Sa montre wòl pyonye Crystal FM te jwe nan istwa kominikasyon sou Lagonav.
ENPAK SOU KOMINOTE A
Pandan tout ane li yo, Radio Crystal FM pa t rete yon senp estasyon radyo. Li te antre nan lavi moun yo, li te akonpaye gwo moman yo, epi li te sèvi kòm yon zouti solidarite nan moman kriz.
An 1997, pandan trajedi nofraj Fyète Gonavyèn nan, radyo a te jwe yon wòl enpòtan nan mobilizasyon ak nan pataj enfòmasyon. Menm jan tou, apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, li te rete yon sous referans pou kominote a, yon mwayen pou enfòme, ankouraje ak soutni moun ki te frape pa katastwòf sa.
Nan anpil lòt sitiyasyon difisil, Crystal FM te toujou la. Li te ede kenbe lyen ant fanmi, ant katye, ant sektè sosyal yo, edikatif pa rapò ak konkou ki te konn gen ant lekòl . Se sa ki fè estasyon an depase limit yon medya tradisyonèl pou l vin tounen yon patrimwàn kolektif, yon pati nan idantite zile a sitou nan 20 premye ane egzistans li yo.
DEFI SEKTÈ RADYO A SOU ZILE A
Malgre tout sa li reprezante, sektè radyo sou zile a ap fè fas ak gwo defi depi plizyè ane. Gen yon mank dinamis nan kèk pwogramasyon yo , twòp monotoni nan fason kèk estasyon ap fonksyone, epi tranzisyon dijital la pa toujou fèt ak ase preparasyon e PDG radyo sa pat panse ak yon avni kote si y opa travay teknoloji radyo yo prale kite yo.
Nan yon mond kote nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo ap chanje fason moun resevwa ak pataje enfòmasyon, radyo tradisyonèl yo oblije adapte yo si yo vle rete enpòtan nan vi kominote a . Sa mande plis kreyativite, plis pwofesyonalis, plis ouvèti sou bezwen popilasyon an.
Pou yon kominote tankou Lagonav, yon medya lokal pa dwe limite tèt li ak yon sèl fòmil. Li dwe reflechi tout sektè lavi a: edikasyon, kilti, sante, devlopman, jèn, agrikilti, ak tout lòt domèn ki touche lavi moun yo. Se nan sans sa a nou dwe wè nesesite pou pwoteje ak revitalize patrimwàn medyatik sa yo.
PESPEKTIV POU LAVNI
Jodi a, plis pase avan, li nesesè pou Radio Crystal FM jwenn plas li nan nouvo epòk kominikasyon an. Sa mande yon vizyon klè, yon estrateji modèn, ak yon angajman kolektif pou estasyon an pa pèdi enpòtans li devan chanjman teknolojik yo e reprann plas li nan sektè sa kòm patrymàn medyatik zile a.
li ta enpòtan pou deklare mwa Jiyè kòm Mwa Radyo sou Zile Lagonav. Yon inisyativ konsa ta pèmèt nou onore tout moun ki te kontribye nan devlopman kominikasyon sou zile a, mete an valè istwa radyo yo, epi ankouraje jenerasyon k ap vini yo pou yo kontinye travay la ak plis fòs ak plis kreyativite.
Yon rekonesans konsa ta voye yon mesaj klè: radyo pa sèlman yon zouti pou pale; li se yon zouti pou bati kominote, pou kenbe memwa vivan, epi pou fè vwa pèp la tande.
Radio Crystal FM se plis pase yon estasyon. Li se yon pati nan listwa Lagonav. Li te yon fòs nan tan pase yo, yon zouti solidarite, yon espas idantite, epi yon patrimwàn medyatik ki merite pwoteksyon ak respè.
Nan 32yèm anivèsè li, pi gwo omaj nou ka rann estasyon sa a se pa sèlman sonje sa li te fè, men tou pran angajman pou li kontinye viv, evolye, epi sèvi kominote a ak menm fòs li te genyen depi premye jou a.
Nan yon epòk kote teknoloji ap chanje tout bagay, batay la klè: nou dwe kenbe eritaj sa a, adapte li ak tan an, epi asire vwa Lagonav la pa janm disparèt.
BON 32e ANIVÈSÈ RADIO CRYSTAL FM !
ATHOU
