Lansman Sant Lidèchip ak Devlopman Lagonav /Rasin Devlopman

Rasin Devlopman fe Lansman Sant Lidèchip ak Devlopman Lagonav  nan  Q (wès) sant vil Ansagalè a 20 Mas 2016 la .

Fonde nan Lane 2017 ak Èd Roots of development ,òganizasyon sa gen pou misyon ranfòse kapasite lidè kominotè yo , ba yo manb pou bati yon kominote ki fò ak lespri konbit kòm youn pi gwo zèl kat ki ka mennen n nan yon Devlopman solid e dirab, Rasin Devlopman pote sipò l ak otorite Lokal nan kad yon ansanm pwojè andan kominote yo ki vinn fè l youn òganizasyon ki pi kole ak kominote Gonavyèn nan tout 11 seksyon yo pa rapò ak li li reyalite ansanm ak volontè pou chanjman yo .

Rasin se premye òganizasyon ki travay pou ranfose kapasite fanm yo sou zile ak plizye pwogram tankou :FANM DJANM(ki mete valè sou dwa fanm yo ,antreprenarya ) ,FANM K AP KONDWI ( yon inityativ ki pote Kole sou endepans fanm , FANM K AP PLANTE (fòmasyon sou Teknik agrikòl nan fason fanm kapab kreye yon espas vivab sitou ak pwogram Jaden Lakou ) ,YON FANM YON METYE ki bay posiblite pou fanm yo aprann metye teknik menm jan ak Gason e retire mit kote travay sa se pou gason .
Rasin se youn nan òganizasyon ki kwè nan valorite timoun ak jèn yo e pèmèt yo Konekte ak zouti teknoloji yo ki toujou rete yon gwo barye pou nou menm ki sou zile a .

Rasin Devlopman rete òganizasyon ki p ap di w men yon pwason menm jan ak anpil lòt konn fe l men li aprann ou konnen Kòman w kapab peche pwason sa , li ede Asosyasyon ak òganizasyon yo mete tèt ansanm pou chanje espas y ap viv la .

Mouvman Rasin nan wè baz sosyete a  pou yon demen ki dwe diferan pa rapò ak sa n ap viv Jodi a se pou sa konstriksyon sant sa pral kontinye pote sipò l pou ranfòse kapasite kominote yo e kreye yon espas pou jèn yo.

18 Janvye 2025 Rasin Devlopman te poze premye Wòch nan konstriksyon Sant Lidèchip ak Devlopman kominotè e mwa mas sa travay konstriksyon an demare  .

sou anviwon 1700 mèt nan Q nou pral jwenn sant Lidèchip Ak Devlopman kominote a , espas sa gen plizye  konpatiman ladan l tankou
espas pou fòmasyon ,sal konferans ,Dòtwa pou sila ki an misyon ou vinn fe fòmasyon ,yon blok kafeterya , biwo administratif Rasin Devlopman ak sèvis Teknik yo .sant sa pral alimante ak ènèji soley kòm sous prensipal.

li respekte tout nòm konstriksyon parasismik yo dapre achitèk Daniel Elie e fim ki pral fe konstriksyon an se Excelsoir k ap dirijan pa Ing Junior Jean Louis .Enfrastrikti se pral pi gwo espas pou jenerasyon k ap vini yo e pote  yon Transfòmasyon total nan lavi kominote Gonavyèn nan .

Se pral yon espas pou :

  • Fòmè yon lòt klas lidè andan zile a .
  • Monte yon pon pou Konekte jenes la ak nouvel teknoloji yo .
  • Valorize kilti.
  • Yon veritab machin nan antreprenarya ak Devlopman sosyal/ekonomik zile a
  • Yon Rasin solid pou chanje lavi moun zile pou yon Devlopman dirab .

Pwojè sa pa kapab reyalize san sipò pa w ,ou menm k ap reve yon lòt zile Lagonav pou rive fòme de veritab lidè pou pote van chanjman an ou dwe pote sipò pa w.

Ak 40% nan bidjè total pwojè sa Rasin Devlopman demare kontriksyon sa .
Ou kapab ale sou lenk anba   sipòte reyalite pwojè sa .

Donate – Roots of Development 

Konbit se tout moun
Konbit se mete men ansanm
Konbit se mete vwa n ansanm
Konbit se mete lajan l ansanm
Vinn youn nan donatè yo .

Zile pa m  2026

 Swiv nou sou :

https://whatsapp.com/channel/0029Va7SYorCnA7pUdLOEi0n

Facebook           YouTube

Soyez le premier à commenter

Poster un Commentaire