Konkonm Lanmè
Konkonm lanmè se yon espès ki nan fanmi echinodèm ki nan tout lanmè e sou zile la Gonav ,se menm ka pou etwal lanmè nou souvan wè sou zile a.
Gen kote yo rele l bèch lanmè sou jan fòm ko l fèt la ,gen plis ke 1250 espès nan mond la ki tout koulè .
Nan zon sid zile a tankou Boucan Lotore swivan sa PDG Festi Pwason an(Etienne Ilme) di l yo yo rele l PIN lanmè e li di n pechè yo detui espès sa anpil nan espas maren an ki enpotan anpil.
Konkonm lanmè se yon bèt lanmè ki nan 10 a 30 santimèt an mwayèn men gen ki konn rove jiska 3 mèt .
Se yon bèt ki enpòtan anpil pou anviwonman maren an ,responsablite l se fe netwayaj nan prosesis pote lavi anba lanmè a .
Gen anpil ti pwason se andan konkonm la yo antre pou rete nan yon moman .
Konkonm se yon pla anpil moun renmen ke l te fri ,kri .
Kisa w konnen sou konkonm lanmè ?
