Ak yon pakou san fòt CMNE(College Mixte Noel Elmira ) ranpòte premye tit entèskole l .
14 fevriye 2026 se te lansman 6e edisyon chanpyona sa ki rete aktivite foutbòl ki pi ansyen sou zile Lagonav , fòk nou remonte nan lane 1977 pou n te jwenn premye chanpyona enstèskolè pou mete anbyans nan aktivite eskolè yo.
Premye match entèskolè ki fèt sou zile se yon match lekòl primè WESCO kont CSSB kit e fini 1-0 pou WESCO.
Anpil done pa disponib nan koze chanyona ki pase yo, apre 1998 nou pral jwenn LNAG ki pral pran yon premye tit li swivan enfo ki disponib yo.
Soti 1998 rive 2019 anpil chanpyona entèskolè reyalize sou zile a avantaj pou 2 pi gwo lekòl sou zile a ou nan sant vil Ansagalè (LNAG e WESCO ) ki toujou domine chanpyona sa yo aprè COEDO e CPI pral fe 5 lane ap domine soti 2014 rive 2018.
2021 Lagonav ann ale ki gen nan tèt Li Berthain Joseph , Johnny Joacin(Faciste) e Jacquelin Jean-Marc(Neymar) te pran desizyon pou yo kenbe aktivite sa e yo ta pral fe premye edisyon kote LNAG chanpyon .
Ane 2026 19 ekip te patisipe nan edisyon sa pou 3 poul 5 ekip e youn 4 ekip .gwoup ki t ap batay pou pran 6e edisyon sa.
CMNE se te pi bon ekip pou entèskolè 2026 la, yon pakou san fot 7 match pou 17 gòl , li pran yon sèl e nan ½ final kont IFJG LNAG vis chanpyon 3e fwa youn kole ak lòt(2024,2025,2026) e rete ekip ki fe plis final nan tout listwa chanpyona sa.
Edisyon 2026 make pa diskalifikasyon ekip CMNE(zetwa ) apre yon ka rezèv IMQ te fe sou yo ka dirijan lekòl sa dakò mete timoun ki pa lekòl pou n jwe foutbòl pou yo, yon desizyon ki pran nan yon premye tan pou fe lekòl la peye amand e apre yon lòt desizyon pou mete ekip sa deyò nèt e ba l yon sanksyon pou 3 lane pou y opa patisipe nan chanpyona enteskolè sou zile a.anpil deba fèt sou koze sa ka pwotokòl pat prevwa sa men li te kenbe pou voye yon siyal bay tout lekòl ki pretann mete timoun lekòl ak objektif pou vinn jwe foutbòl.
Edisyon sa make pa yon erè grav Kenold Derosin sou yon sipèb gòl IMED te fe sou LNAG ki te ka ba l avantaj e rive fe yon final pou premye fwa nan nivo sa men se foutbòl toujou gen sa e final la pral fèt LNAG kont CMNE ki pral bat li e pran premye tit entèskolè ak yon istwa inik kote li bat tout lekòl nan chanyona sa.
2e bagay ki make chanpyona sa e chwa pi bon coach pou edisyon sa ki bay coach Nesly Jn Louis pi bon antrenè sou coach CMNE e disizyon sa pran pa rapò ak 2 katon wouj 58 , swivan prensip distenksyon sa ou bay yon meyè antrenè sou baz rezilta l fe nan konpetisyon an , kalite foutbòl coach sa fe ekip li pwodui , òganisazyon jwèt la , enpak li e disiplin ak fèpley men se pa sa ki kenbe komisyon an deside san y opa gade tankou coach IMED e IFJG kif e yon bon pakou nan chanpyona entèskolè sa rive bay Nesly Jn Louis pi bon coach, espere ane k ap vini erè sa yo ap korije.
CMNE se pi bon atak e pi bon devans ak 17 gòl vini 6e lekòl ki chanpyon.
Pou edisyon 2026 la Pri/distenksyon yo te repati konsa
Chanpyon : CMNE(College Mixte Noel Elmira) - 175,000.00 Goud
Trofe & Meday
Vis Chanpyon : LNAG(Lycee National de l’Anse-a-Galets)
125,000.00 Goud
Meday
Ekip Fèpley : CNS
10,000.00 Goud
Plak donè
Meyè bitè / Meyè Jwè e MVP final la : YOUMY JOSEPH (6 gòl pou 6 match)
- 20,000.00 Goud + Trofe (bitè)
- Trofe + 2,500.00 Goud( Meyè Jwè)

Meyè Gadyen : MARVENS CEMELUS (College Mixte Noel Elmira ) yon pakou Pafè sou 7 match li yon sèl gòl
- 12,500.00 Goud
- Trofe
Revelasyon edisyon 2026 la :
ORISMA BRONS (IMQ)
Trofe + 5,000.00 Goud
️
Meyè Coach : JEAN LOUIS NESLY
7 Final (2017(CNS) ,2021(LNAG chanpyon ) ,2022(LNAG chanpyon ),2024 ,2025,2026 .
2022(Chanpyon enteskole Zabriko)
12,500.00 GDES
Plak
PRI ekselans ki se yon priki baze sou rezilta elèv la padan ane akdemik la : COLIN CHAVENSKY (CSI)
15,000.00 Goud pou l achte liv
10,000.00 Goud kach
CHANPYON ENSTÈSKOLÈ 2021-2026
