𝟐𝟎𝟏𝟔 -𝟐𝟎𝟐𝟔 𝐒𝐚 𝐠𝐞𝐧 𝟏𝟎 𝐥𝐚𝐧𝐞 𝐝𝐞𝐩𝐰𝐢 𝐧 𝐠𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐣𝐰𝐞̀ 𝐆𝐨𝐧𝐚𝐯𝐲𝐞𝐧 𝐤𝐢 𝐩𝐫𝐞𝐬𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧𝐞 ,𝐬𝐞 𝐭𝐞 𝐏𝐨𝐮 𝐔𝟐𝟎 𝐚𝐧 .
Nelson Walson(Choulou) pat kenbe nan lis sa ki te gen Jonel Desire ,Ronaldo Damus .
Foutbòl se prensipal aktivite ki domine Zile a , se li ki mete anbyans na tout kwen soti nan entèskolè rive nan chanpyona Vakans .
Listwa foutbòl zile a gen plizye jenerasyon e youn nan jenerasyon ki te kapab pote anpil pou zile a te kòmanse apre 2006 ki te gen yon kokenn chenn jwè foutbòl ki te bay anvi pou w gade yo tankou : Belfort (BB) ,Charles Davidson(Pakole), Jean Louissaint (Nahum) ,Dionald Joseph (Master Dio), Benchy
Stama,Wilson Coachy (Tiblan),Ander, Jobnel (Jovna) , Jeffson Origène , Jacquelin, James , Johny ( Deco) , Madoche(2), Athou , Colson , Larmy , Massigno , Etson Bebe ,Paul Ebens (Bobann) ,Max , Drogba , Reginald , Muller ,Caleb ,pou n site sa yo , se te jenerasyon ki te pral di ak jwè tankou , Roberto, Amaral , Fanord , Tison ki t ap domine foutbòl la avan 2006 ke rey yo a fini e se moman pa yo pou yo pran relèv e kenbe foutbòl zile a .apre jenerasyon sa se sou dwèt nou ka konte talan sou zile Lagonav, nou bezwen yon refòm total kapital paske se sektè ki jodi a ki kenbe zile a sou tout fòm .
Kisa ki dwe fèt jodi a Pou n gen yon lòt jenerasyon jwè k ap soti tèt yo Sou Zile a?
Kòman Fanmi Konprann foutbòl nou an k ap pèdi valè l konsa aloske gen plis aktivite nan sektè sa Jodi a .
𝐀𝐧𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐁𝐚𝐭𝐚𝐲 𝐏𝐨𝐮 𝐬𝐚 𝐜𝐡𝐚𝐧𝐣𝐞 𝐧𝐨𝐮 𝐠𝐞𝐧 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥 t𝐚𝐥𝐚𝐧 𝐒𝐨𝐮 𝐙𝐢𝐥𝐞 𝐚,
