Piwouli FC chanpyon san jwe yon minit nan edisyon 2025 sou PERICULUM kontinye pwouve ak tout moun machin yo kapab woule sou Boulva BBZ la san kanpe.
Depwi lane pase pwotokòl chanpyona yo kreye yon boulva pou ekip fè sa yo vle e anpil nan gwo chanpyona sou zile refize mete moun ki konnen e pran konsèy pou monte yon pwotokòl ki pran an kout tout pwoblem ki te kapab gen nan chanpyona yo
Ane pase gen yon pwotokòl ki di nan #30 la.

Yon jwè , Yon abit , yon antrenè ka meye jwè nan yon match sa nou rele ( lòm match la) e anpil lòt kontrovès sou baliz ki ta dwè mete de pika pou ekip yo konnen sa yo pa dwè fè e anpil fwa federasyon yo se ajenou yo vle mete nan pye dirijan ekip yo paske se pa vini ekip yo vini se chechè l ap chechè yo e se ak anpil lapriyè .
Tout sa yo kòz dirijan ekip yo pa gen pyès respè pou federasyon yo .
ane pase youn nan gwo fedeasyon sou zile a te desann byen ba pou mande yon dirijan ekip padon malgre tout sa nèg yo fe yon abit pase pou montre ki enpòtans yo bay yon ekip depwi ekip la kapab fe yo fe lajan ka premye objektif pou m pa di sèl objektif federasyon yo se fè lajan.
Piwouli FC ki te dwe jwe 3e match li pou konnen kiyes k ap premye nan gwoup pa l la deside pa jwe , yon chwa entèlijan ka pwotokòl la jis mete yon ti monnen Aran sèl si yon ekip deside pa vinn jwè .
Men sa pwotokòl la di: nan atik 44 la
2. Sanction pour non-présentation au 3e match
Art44-Toute équipe qui décide de ne pas se présenter à son troisième match de la phase de poule, sans motif valable approuvé par le Comité d’organisation :
- Perdra le match par forfait (score attribué : 3-0 pour l’adversaire) ;
- Devra payer une amende forfaitaire de 7 500 gourde
Ann rete sou Amand la .
7500 Gdes ou 1500 dola Ht Se kantite kòb BBZ mande pou yon ekip .
Eske nou konnen yon ekip depanse minimòm 100.000 goud ou 20.000 dola HT pou yon match foutbòl lè pran depans manje ak deplasman ekip yo . men se plis pou yon ekip tankou PIWOULI FC kote 60% ekip li a se sou gran tè a .
Chak match 7500 goud Federasyon an mande se kòb yon jwè mwayen nan ekip tankou Piwouli FC ,FC Garry ki depanse anpil pou mete bon jwè nan ekip yo sitou sa ki soti deyò ki rete yon fleyò pou foutbòl zile .
Dirijan Piwouli FC fè yon chwa entèlijan
- olye li depanse pil kòb pou fe 3e match li a e l konnen l deja kalifye
- 1/4 final yo se pral tiraj oso ki p ap afektè yo ka yo pral ranfòse ekip yo plis .
Yon lòt fwa PIWOULI pwofite de feblès ki gen andan pwotokòl la pou l kontinye woule sou Boulva BBZ la e fè plas pou lòt ekip koutinye woule san krate tèt .
Malgre 3 pwen an ale Jwenn Pwentarakèt ki rete gwo pèdan nan tout sa ka menm si federasyon ta deside ba yo 7500 goud la li p ap ka konble 1% nan depans li .
Federasyon ,dirijan ekip yo bezwen moun ki gen konpetans ak kalifikasyon pou avni sektè espòtif la sou zile a , rive monte de veritab pwotokòl ki gen nen nan figil e ki kapab frennen machin dirijan ekip yo lè sa mande .
Athou Anba kalbas Tisous
