TOURIS LOKAL AK FESTI KOKOYE se pou 13 DAWOUT 2026

Lasous, kapital kokoye se youn nan pi gwo espwa touris sou Zile Lagonav

1

13 Dawout sa pò Lasous  ak zòn ki antoure yo pral resevwa Festi Kokoye, yon evènman anyèl ki selebre youn nan pi gwo richès natirèl zile a , pandan y ap ankouraje touris lokal, pwoteksyon anviwònman, atizana, gastronomi ak devlopman ekonomik.

Se yon inityativ ki vini ak mèt Frantz  Jean Louis  ,  nan sousi pou mete limye sou zòn sa ki souvan neglije pa leta lokal kou nasyonal  e ki genyen  yon pòte touris anraje.

Festi Kokoye pral selebre 2e edisyon l jedi 13 dawout sa , pou inityatè mouvman sa, se  pa sèlman yon fèt, se yon vizyon pou lavni touris zile a , yon fason pou fè popilasyon an dekouvri richès Lasous epi montre tout Ayiti ak rès mond lan potansyèl touris Zile Lagonav gen  e kòman li te kapab ede peyi a si leta  rive kreye kondisyon pou gen gwo envestisman nan sektè sa e atire Touris vinn konnen fas kache zile a sitou espas natirel yo .

LASOUS, YON BIJOU TOURISTIK

Lasous se youn nan pi bèl kote sou Zile Lagonav. Fòs kominote sa a se kokoye li yo, bèl lanmè li  a malgre gran tè pote anpil fatra sitou kote Nò zile a , plaj natirèl  ak trankilite  zòn sa gen pou lavi fleri . Lasous louvri yon gwo opòtinite pou devlopman ekotouris, touris kominotè ak ekonomi ble.

Ansanm ak Pwent Sab, Boucan Lotore ,Gran Vid ak Pwent Latanye, Lasous fè pati pi bèl zòn kotyè zile a. Men, sa ki fè Lasous espesyal se kantite kokoye li genyen, ki fè anpil moun konsidere l kòm kapital kokoye Zile Lagonav.

Malerezman, anpil moun sou zile a poko janm dekouvri bote Lasous. Se poutèt sa Festi Kokoye dwe sèvi kòm yon gwo kanpay pou ankouraje touris lokal, pou chak Gonavyen aprann vizite, apresye ak pwoteje pwòp patrimwàn natirèl li yo.

Nou dwe kòmanse reve depi jodi a, pou nan senkant (50) ane k ap vini yo, Lasous  tounen youn nan pi gwo vil touristik sou Zile Lagonav. Dezyèm edisyon Festi Kokoye a dwe sèvi kòm youn nan premye etap pou bati vizyon sa a.

KOKOYE, YON PYEBWA KI BAY LAVI

Depi w kite Gros Mangle pou rive Lasous, kokoye yo kreye yon peyizaj inik ki bay zòn nan yon bote natirèl ekstraòdinè melanje ak mangwòv yo.

Kokoye  youn nan pi gwo richès agrikòl zile a. Li se youn nan fui ki pwodui plis pandan tout ane a epi li gen anpil valè ekonomik, alimantè ak atizanal.

Ann gade kèk enpòtans kokoye kokoye gen nan lavi moun.

  • Dlo kokoye se yon bwason natirèl ki rafrechi kò a epi ki rich an mineral.
  • Vyann kokoye, manje fre oswa sèk bay anpil enèji.
  • Yo itilize kokoye pou prepare tablèt, gato, dous ak anpil lòt.
  • Lèt kokoye ak lwil kokoye gen anpil itilizasyon nan kwizin, nan swen cheve ak po. Malgre Lagonav poko  kapab devlope yon veritab endistri transfòmasyon kokoye.
KOKOYE AK ATIZANA

Prèske tout pati pyebwa kokoye a kapab sèvi nan sektè atizanal la

  • Koki kokoye a  ka tounen bòl, gode, kiyè, bijou, lanp dekoratif ak anpil lòt atik atizanal. Men, jiska jodi a, potansyèl sa a poko vrèman eksplwate sou zile a nou bezwen de Gonavyen nan sektè atizanal  ki kapab ede nou explwate richès sa yo nan kad fòmasyon .
  • Fèy kokoye sèvi pou trese panyen, nat, chapo, baley ak twati kay tradisyonèl. Pandan plis pase trant (30) ane, anpil pak espòtif sitou  Lasous ,latanye Gwo mang toujou sèvi ak fèy kokoye kòm kloti natirèl espas teren foutbòl yo .
  • Pye kokoye a sèvi pou konstwi kay, fè kloti, tonèl ak lòt travay chapant.

Atizana ki fèt ak kokoye kapab kreye nouvo travay pou jèn yo epi ofri touris yo pwodwi otantik ki fèt sou zile a .

GASTRONOMI

Festi Kokoye se yon gwo okazyon pou mete gastronomi Lagonav an valè. Dlo kokoye, gato kokoye, tablèt, dous kokoye, lèt kokoye ak anpil lòt pwodwi ki kapab tounen yon mak espesyal pou Lasous pandan n ap melanje yo  ak varyete fui lanmè nou jwenn nan zòn Lasous ke patisipan yo  pral gen chans konsome nan festival kokoye 13 Dawout sa .

Festival la  dwe ankouraje fanm ak jèn antreprenè yo devlope nouvo pwodwi ki fèt ak kokoye epi vann yo bay vizitè yo.

Ankouraje moun ht pepinye kokoye nan kad rebwazman .

EDIKASYON AK REBWAZMAN

Youn nan pi gwo misyon Festi Kokoye se sansibilize popilasyon an sou enpòtans plante ak pwoteje pye kokoye yo.

Chak pye kokoye ki  plante jodi a se yon envestisman pou jenerasyon kap vini yo .e si moun avan pat konn sa lasous pa t ap sa li ye jodi a . Festival la ta dwe òganize distribisyon

 plant, fòmasyon sou pepinyè, epi ankouraje chak fanmi, chak lekòl ak chak òganizasyon plante kokoye chak ane men ki dwe respekte fason y ap plante yo a.

Rebwazman kokoye yo kapab  ede pwoteje tè a kont ewozyon, amelyore peyizaj la, ranfòse litoral la epi prezève bote natirèl Lasous .

Yo dwe sansiblize sou fason moun yo ap plante kokoye e kite espas pou wout ka yon zòn konsa dwe gen bon jan sikilasyon .

Dwe gen bon jan sansiblizasyon sou fason moun yo ap konstui nan zòn e mòdèl konstriksyon yo .

Jodi a si w ap pase lasous se trese pou w ap trese pye kokoye ka yo mal plante , jenerasyon sa dwe fe bagay yo yon lòt fason .

Festi Kokoye dwe fe sansiblizasyon pou

PWOTEJE LANMÈ LASOUS

Yon lòt gwo defi se pwoteksyon anviwònman maren an. Plaj Lasous yo  resevwa anpil fatra ki degrade kalite dlo a epi ki diminye bote zòn nan sitou plaj yo .

Festi Kokoye dwe vin yon mouvman ki p ap selman la pou yon jou men kapab ede òganize gwo jounen netwayaj nan  plaj yo, sansibilize popilasyon an sou jesyon fatra epi ankouraje tout moun pwoteje lanmè a, paske yon lanmè pwòp se premye kondisyon pou devlope touris.

KISA KI DWE FÈT POU LASOUS VINN YON GWO DESTINASYON TOURISTIK?

Pou Lasous rive devni yon referans nan touris sou Zile Lagonav, gen plizyè aksyon dwe pran soti nan Leta pou rive nan kominote a .

  • Devlope pepinyè kokoye ak rebwazman.

Pwodui plis plant kokoye, replante espas ki vid yo epi ankouraje chak fanmi patisipe nan rebwazman.

  • Planifye fason y ap konstwi nan zòn nan.

Li enpòtan pou  konstriksyon k ap fèt jodi a respekte bote natirèl Lasous, kite aksè sou plaj yo epi suiv yon plan ibanis ki pwoteje anviwònman an.

  • Amelyore pwòpte ak enfrastrikti yo.

Netwaye plaj yo, amelyore chemen ak wout yo, mete espas resepsyon pou vizitè yo ak sèvis debaz ki nesesè pou touris.

  • Ankouraje atizana ak transfòmasyon kokoye.

Kreye ti antrepriz ki transfòme kokoye pou ogmante revni kominote a.

  • Mete Lasous nan tout pwomosyon touris Zile Lagonav.

Ansanm ak Pwent Sab, Gran Vid ak Pwent Latanye, Lasous kapab fè pati yon gwo sikwi touristik ki mete zile a sou kat touris Ayiti.

Pou yon zile tankou Lagonav, kokoye se pa sèlman yon manje; li se yon resous natirèl ki kapab devlope agrikilti, atizana, touris, antreprenarya ak ekonomi lokal la.

Festi Kokoye se plis pase yon selebrasyon. Li se yon angajman pou pwoteje lanati, ankouraje touris lokal, kreye opòtinite pou jèn yo epi fè Lasous tounen youn nan pi bèl destinasyon touristik pou zile Lagonav.


Ann kontinye ankouraje Touris Lokal. Ann pwoteje kokoye nou yo.


Ann fè Lasous tounen fyète Zile Lagonav.

Randevou se pou 13 Dawout sa nan pò Lasous .