Koulè, Kilti, Mizik ak Plezi nan kè Zile Lagonav !
Konsidere kom santral zile a pa rapò ak pozisyon l zabriko pral resevwa 2e edisyon Zabriko tout koulè . touch sa nan aktivite kiltirel sou zile pral fe zabriko rete kote ki resevwa plis moun ak pak Savil Dessaint pou sa li reprezante pa selman nan koze foutbòl men se pi gwo espas ki adapte pou w fè nenpot gwo pwogram ak yon kapsite anviwon 5000 moun swivi done teknik yo.
Lide Zabriko Multi Color a vini ak Fedy Eliacin yon pitit zabriko ki t ap konstate apre kèk ane zile a sou silans pa trop gwo aktivite e l di tèt kreye yon aktivite sou zile a sitou zabriko kote l fèt la , se fason pou n vann zile a yon lòt fason , se mwayen pou n pèmèt anpil atis nan sektè mizikal zile a montre sa yo kapab , se la Atis Biwastar(Meranvil Wedson) pral di tèt li eben kòm atis ann travay ansanm pou n fè yon lòt bagay , Cherline Eglaus,Diana Normil ,Sonson , Ti frè ak lòt moun pote tèt yo vini kòm benevola pouyo te reyalize premye edisyon Zabriko Multi Color ki te ransable plizyè santèn moun nan tout kwen sou zile a .
yon premye edisyon ki te make lespri anpil moun, Zabriko Multicolor retounen pi bèl toujou pou 2e edisyon si la . Aktivite sa a, ki te lanse ane pase gras ak vizyon jèn sa yo , gen pou misyon leve kilti Gonavyèn nan nan yon lòt nivo epi kreye yon espas kote atis , mizik ak kreyativite rankontre.
2e edisyon sa pa selman wè yon sektè , timoun yo ki toujou pa aktè nan divès aktivite sou zile a, pral gen okazyon depwi 10 zè nan maten kote paran yo kapab mennen timoun nan yon anbyans total kapital pou yo vinn pran plezi vakans yo ak zabriko tout koulè .
FUN KIDS charye deyèl Animasyon , dans kote timoun yo kapb montre talan yo e pral benefisye kit eskolè pour antre lekòl la k ap gen pou fèt 7 Septanm 2026 la swivan kaladriye Ministè a.
Rèv administrasyon Zabriko Multicolor se fe zabriko tounen yon lòt gwo referans nan koze kilti, se pou rezon sa pòt la rete louvri pou tout Gonavyen ki vle pote lide konsèy yo ak bòd la .
Ane sa a, Zabriko Multicolor ap fèt nan Pak Savil Dessaint epi li prevwa rasanble plizyè santèn Gonavyen ansanm ak vizitè ki pral vin selebre vakans yo nan yon atmosfè ki chaje ak koulè, lajwa ak solidarite.
Sa k ap tann ou:
- Animasyon kiltirèl ak mizikal.
- Pèfòmans atis lokal yo.
- Aktivite pou jèn ak fanmi.
- Espas pou dekouvri talan ak kreyativite Gonavyèn.
- Anbyans vakansnou pap janm bliye.
Zabriko Multicolor se pa sèlman yon fèt. Se yon opòtinite pou mete an valè atis lokal yo , ankouraje endistri kiltirèl la, epi kontinye fè pwomosyon talan ki soti sou Zile Lagonav. Lè nou sipòte atis nou yo, nou kontribye nan devlopman ekonomi kreyatif zile a.
Randevou nan Pak Savil Dessaint pou 2e edisyon Zabriko Multicolor!
Ann vini an koulè, ann selebre kilti nou, ann sipòte atis nou yo!
Zile Pam
