jenerasyon 70 foutbòl Gonavyen ak Antoine Saint Preux

Listwa dwe aprann nou chak jou ,li dwe rete youn nan gwo bousòl nou .
Listwa foutbòl zile Lagonav kòmanse depwi 1970 .

1

Nou konnen 3 jenerasyon  foutbolè ki divize konsa .

Premye Jenerasyon an ki kòmanse
1970-1990

Antoine Saint Preux se jwè ki make Jenerasyon sa pou sa li fe nan foutbòl zile a sitou nan entèrejyonal la e rete youn nan jwè ki make 50 lane entèrejyonal la soti 1975-2025.
2e Jenerasyon :
1994 -2004

Avèk Wa Foutbòl Zile a Jean Rebert Menelas ke anpil moun di se Pele Gonavyèn an ,se premye Gonavyen ki fe seleksyon nan lane 98 e ki make pi bèl paj nan listwa foutbòl zile a .158 Gòl nan karyè foutbòl li sou koulè ekip  ROULADO FC ak  Seleksyon Nasyonal la, e nan lane 2015 sou prezidan James Leger Administrasyon an pral retire mayo nimewo 7 la pou l pa jwe ankò pou montre rekonesans yo ak Lejand Gonavyen an.

  

 

3e Jenerasyon sa kòmanse

2004- 2014

Jenerasyon sa se Belfort Kervens Fils(Ronaldinho) ki make l pou sa li fe nan chanpyona nasyonal e rete youn nan pi bon bitè seleksyon nasyonal la e pi bon bitè Gonavyen nan seleksyon an, men fòk nou di se yon jenerasyon ki te chaje ak Talan nan moman , kote foutbòl n ap jwe tout kote sou zile a e nan sant vil ansagalè kote te gen plizye espas ki te pèmèt talan sa yo pran nesans tankou Marakana , Pak Salnav , Pak TiJòn , bò mache etc ….

Jodi a si n ap fe yon 11 pou tout tan foutbòl zile a li dwe ale sou rezilta/Talan jwè sa yo sou plan lokal , nasyonal kou entènasyonal.

yon 11 nan 3 jenerasyon foutbòl zile a nou paka pa mete Antoine St Preux
Ti Antoine se Premye jwè Gonavyen ansanm ak yon pakèt lòt ki te monte tout peyi Dayiti nou konn jwè foutbòl nan lane 1978 nou bat Don Bos nan 1/4 de final 2-1 pou n al fè 1/2 final kont Gonaiv ki te gen yon gwo ekip nan Moman nan ke nou pèdi 2-1 e nou pral bat Jeremi pou n pran 3e plas 1-0 e ekip Jeremi sa se li ki te Chanpyon entèrejyonal 1975.

Ekip sa te gen ladan l e nou te jwe premye match nou kont Hinche nan lane 1978 .

Yves Dorce ,Berel Gabriel ,Emanuel Normil ,Doly Joseph ,Louvard Charles ,Anthony Lafontant ki te jwe nan Don Bosco ,Antoine St Preux ,Raymond Aspilait ,Paul Riter ,Georges Dougé, Smith André,
Rodolphe Lafontant ,Fred Narcisse ,Acore Lameric ,Mario Metelus (neg zetwa ) ,Pierre Alsaint,Jean Paul Doly ,Jean Carman Normil gwo 10 nan Moman an .Kenol Jean Baptiste ,Ti clerofar ,Charlo , Gaston Altidor ,Marc Athur Cleophar ,Bawonvil Casseus ,Samson Rither ,Yves Chery , David Oscar , Jn Mary Oscar ,St Louis Joseph , Jean Wesley Alsaint ,Jn Robert ,Mones Metelus ,Mario Metelus,Ramil Larose ,Rigal Anthy pou n site sa yo.

Jodi a pou mw deba pa ta dwe la e si n ap fè l fòk li fèt nan tout objectivite l .
Li dwe baze sou Rezilta /Talan jwè yo /pran an kont tout jenerasyon yo e sa yo fè Depwi sou zile a , sou plan nasyonal al entènasyonal .

Pouki nou pa gen yon deba konsa :

Kisa anyen jwè sa yo kapab fe ( kè l pat jwè nan Roulado FC ki fe pati de laj dò foutbòl zile a ke l te jwe tou ) pou kreye yon lòt jenerasyon jwè ki kapab reprezante zile a .

Kisa ki koz tout ansyen jwè sa yo paka chita pou monte yon kokenn pwojè pou leve nivo foutbòl nou an .