Zabriko FC kont Black Afrika se yon final chòk nan Pak Savil Desaint .

black b14 Lane San yon tit aprè Ozone 2012 moun zabriko pa janm konnen kou yon final se mache tete grann, yon Moman se te Jèn ti mesye Lagayèn ki t ap fe lapli ak bon tan nan Lakou zabriko tout moun oblije desann bò lanmè a pou yo al chofe Ekip sa ki make non l an gran lèt nan chanpyona vakans nan Pak Savil DESSAINT non ki plis make fanatik foutbòl yo se gadyen yo a ki te bèbè e ki t ap jere kaj ekip sa .

1

Soti nan Jèn Ti mesye pran Topaz,Periculum ,Pwentaraket , Coeur de Lion. , Dinamo se tout ekip moun zabriko te oblije al chofe ka Lakay pa bon .
2 denye ane sa PIWOULI ak FC Garry Divize fanatik yo ka se premye fwa nan listwa chanpyona vakans sou zile a , pou 2 ekip pote tout nouvote sa yo .
Pou fanatik Zabriko FC yo
Se tankou listwa fanatik foutbòl nan peyi dayiti aprè 52 lane ap pase nan Brezil , Argentine e di fwa sa nou pa nan tete grann ou kouzin .n ap tete manman nou .

Pa bò ekip Black Afrika sa fe 3 lane y ap batay pou yon gen yon tit majè men genlè soso pa Janm konn nan ki pye Zen pou l ale , depans sou depans rezilta paka vini .
tonbe sou yon Venado 2024 apre li bat tout ekip 4 5 gòl pa match li pat ka jwenn yon grenn gòl nan final la konn Venado ki rete ekip ki gen plis Talan nan 20 dènye ane sa yo sou zile Lagonav.

2025 tonbe sou yon Piwouli e rete nan 1/2 Final .
Jodi a nan pak Savil DESSAINT
Eske Black Afrika ap kontinye tann pou l pran yon tit majè ou leve gwo lo a ou Eske Zabriko FC pral leve yon tit apre 14 lane Depwi y ap penpennen pou yo jwenn yon tit Lakay yo e retire 14 lane malediksyon sa .
Nan lane 2012 se plis 37000 Dola ekip ozone nan te depanse pou l te gen tit sa ,
Jodi a yon sèl match yon ekip la depanse plis ke 37000 Dola HT
Randevou Pak Savil DESSAINT 4:00 swivan dirijan BBZ yo