Wood le Slameur fèt Lagonav, ansagalè li fe etid klasik li an IME(Institution Mixte Excelsoir) li te kite lekòl la aprè NSIII pou l ale nan IMFB kote li fè NSIV ,se nan espas lekòl sa yo li te kòmanse devlope talan l e tonbe nan mond slam nan ki vinn tounen yon pasyon pou li , kote l kapab dekri dekri sosyete l ap viv , tout sa li santi nan ensten l.
Wood se yon etidyan UEH/CHCL nan domèn syans imèn ak kòpòtman(Siko-Edikasyon).
Desanm 2018 Wood te fe premye aparisyon nan yon aktivite nan pwojè HA-796 nan sant vil ansagalè a kote n te kòmanse li de bèl text powetik , anpil anplodisman nan pou text sa yo , e li pral vinn santi si l travay li kapab pran yon plas nan sektè sa andan kominote Gonavyèn nan , anpil moun kòmanse ap ankouraje l e di ou bon piti ,kontinye pwodui ka se yon fason ou kapab exprime sa w santi , kòman w kapab dekri yon sityasyon nan kèk minit e montre tout sa k ap travèse w yo.
Pou wood se yon pasyon li gen pou atizay oratwa , li te pran manm nan espas CEDEJ jiskaske lòt moun kòmanse ap envite l epi mete m nan laynòp aktivite yo tankou gradyasyon, maryaj ak lòt aktivite kiltirèl.Sa pral vinn bay wood plis motivasyon pou li kontinye travay e pent reyalite l ap evolye a pa vwa l e text li yo .
‘’Wè m tankou yon slamè mande anpil travay e m te fokis sou yon seri de moun ki pase deja nan sekte sa ,konprann sa yo te fè e pwodui pwòp stil pa m , se pa yon travay yon jou , se yon latriye lane pou m te rive nan yon nivo anpil dizè tankou m te swete rive, ka lè w vle yon bagay se bay tout tan w pou li.’’
Lane 2023 pral kòmanse mete Wood le Slameur nan yon lòt nivo.
Se nan ane sa li pral lanse yon chanèl Whatsaap ki rele Wpoesie, ladan l li te kòmanse pataje yon seri travay ki boure ak emosyon kote anpil nan abòne yo te konn itilize swa pou mete sou istòri yo ,voye bay menaj yo oubyen tou pou yo file ti medanm, se te yon retro sou fason relasyon te konn ye avan li te konn ap dekri nan Chanel sa.
ak yon lòt zanmi ki te konn toujou pwodui bèl travay sou chanèl sa , li ta pral touche plis ke 3000 moun malgre se te anviwon yon santèn ki te toujou aktif .
Nan lane 2024 Wood Le Slameur te enspire l de chanèl whatsaap sa pou lanse l sou TikTok, ki jodi a atenn anviwon 6 000 moun k ap swiv li ka objetif li se touche plis moun e montre talan l nan sektè sa ki pa gen tròp jèn sou zile a ki lanse yo ladan l .
Septanm 2025 Wood kite lagonav pou l al kontinye etid inivèsitè l nan nò peyi an (Okap ayisyen) paske depwi 2021 kapital la ki te basyon tout jèn apre etid klasik yo pa asesib pou etid inivèsitè yo , menm jan ak anpil lòt jèn ki pa vle rete san mete anyen nan tèt yo , li te oblije pran anpil risk travèse depatman atibonit la pou al mete konesans nan tèt li ka yo toujou di konesans se pi gwo richès ou kapab posede .
Nan nò peyi a Wood te kontinye travay e pwodui chak jou de bèl text kote l ap montre nan espas inivèsite a talan l genyen yo.
Yon zanmi l te pataje yon videyo kote yo lanse yon konkou nasyonal Slam e li te di pouki w pa profite de konkou sa pou w kontinye montre sa w kapab ka vwa w , text ou yo kapab pote anpil pou kominote a .
Wood te eskri nan konkou e li valide , li deja pase faz preliminè yo ,li kalifye pou demi final konkou nasyonal sa e gen pou objektif chanpyon nan konkou sa ki pral ba l yon lòt viziblite nasyonal.
Fanmi, zanmi ap tann anpil de mw nan konkou sa e m kwè rèv sa pral reyalize ka mwen dwe fe chimen pou de lòt jèn Gonavyen nan sektè sa .
Aprè konkou a Wood le Slameur konte lanse pwojè ofisyèl li ak Bay’Art Music. Nou kapab swiv li sou tout paj li yo .
Bon travay , tout Gonvayen yo ap swete l siksè nan denye faz konkou nasyonal sa .

Bon Bagay m swete w pase 1/2 final la e rive chanpyon