Mwa sa fe egzatman 40 lane depwi nou te konnen youn nan pi gwo katastrop natirel ki pase sou zile a a .
Pi gwo katastròf paske dlo a ki te wout prensipal ki te vinn tonbe nan kafou kote tiyo a ye devan biwo Dinepa pou desann nan lanmè a a kote kas Majistra Isaac , pou anpil moun se depwi 1986 gwo dlo pase sou zile a.
Zile pam nan souse pou retrase tout gwo siklòn ak tanpèt ki pase sou zile e ki afekte anpil sant vil ansagalè a aprè 40 lane.
Gen anviwon 5 gwo siklòn ki pase padan 40 lane sa sou zile a , se 3 ki pase avan yo ki plis make zile a ka yo te fe plis dega nan kominote a.
1986 – yon 40 lane ki ta pral bay site 23 oktòb kote dlo sa te fè anpil viktim nan sant vil ansagalè a, se te yon peryòd vil te gen te Magazen ak nan Koup , depwi lè sa dlo a pran yon lòt direksyon(se pakou sa nou wè jodi a) ,espas sa nou wè kote ti pon Oradigo konstui a se la majorite kay yo te ye . te gen anviwon 31 moun ki mouri , 906 kay moun kote dlo te pote ale ak plis 380 kay ki andomaje , se la premye pòs TELEKO a te ye nan sant vil ansagalè a.
1989 – yon 23 fevriye te gen yon lòt gwo inondasyon ki pase sou zile a ki te mete anpil pwoblèm nan kominote Gonavyèn nan.
Bilan: te gen anviwon 4945 fanmi ki te afekte , 1527 kay te detwi ak 1640 kay te andomaje swivan done ki disponib , pat gen moun ki te mouri .
1998- (Siklòn Jòg) 22 , 23 Septanm 1998 Siklòn sa pase sou zile a anpil kay kraze chif ki disponib yo bay 4500 moun te pèdi kay nan siklòn sa sou zile a, jaden bèt elatriye .
Nan sant vil Ansagalè a, kote ki te plis frape se soti nou tèt mache pase nan wout bò kote Bos Davidson gen Barber Shop li a a pran tout wout pou rive nan kay ki kole ak Lekòl Excelsoir a pase kay Manoli pou tonbe nan kay Basen Ble kote li te pran yon pati ladan l e kontinye wout li pou pran yon pati nan Majik Night Club la ki te sèl refans clèb nan epòk sa , sou lòt bo mache se pat gen trop dega men dlo te rive nan kay Mant kapi pase devan antèn Digicel la tonbe nan lizyè Doc Luc pou rive nan lanmè a.
Se apre siklòn sa nou pral konnen pak Tijòn e anpil moun pat vle rete nan espas sa , kèk tan aprè bagay yo pral chanje e 20 denye ane sa yo se pa koze mache selman moun achte tè fe biznis e fe kay pou yo abite nan yon espas frajil menm si anpil moun yo pa wè malè pandye a e leta ki la pou mete lòd pa t janm fe sa. Tout sa ki pase nan espas mache Bo lala se iresponsablite majistra ki pase nan 20 denye ane yo n ap peye jodi a.
2012 Sandy te pase men pat gen trop deja ki fèt men anpil kay te kraze e anpil mount e pèdi kay ,jaden ak bet nan kominote Gonavyèn nan.
Oktòb 2016 se te siklòn Matthew(kategori 3 ) ki te kraze zòn Sid la e frape zile lagonav men diferan pa rapò ak siklòn Jòg , siklòn 1989 e 23 oktòb 1986.
Sa nou wè ki pase 25 Oktòb pou rive 26 Oktòb la se yon tanpèt tropikal li pa siklòn ka men kòman yo klasifye chak fenomèn natirèl sa sa yo nan koze Meteyo :
Yon tanpèt tropical
Yon sistèm vin yon tanpèt twopikal lè fòs van an rive nan entèval 34–63 ne, sa vle di van ap soufle antre 63–118 km/h.
Pi souvan sityasyon sa yo pwodui Nan basen Atlantik la ak karaib la , se nan etap sa a yo bay sistèm nan yon non ofisyèl.
Kilè nou ka pale de tanpèt twopikal?
Lè sèvis meteyowolojik konpetan an konfime sistèm nan rive nan nivo entansite sa a kote van soufle nan nivo sa si l pi ba yo rele l depresyon tropikal men li kapab toujou pote inondasyon ak lòt bagay ki kapab afekte kominote a.
Pou n pale de siklòn fòk gen raval van ki deklanche nan yon nivo ki plis ke 119km/h e se la yo sèvis meteyo pral pale ki k kategori siklòn sa ye.Nan ka sa yo sevis Meteyo ak pwoteksyon sivil ki la mete nivo alèt yo anpil fwa li kapab sou tout peyi a ou sou yon pati ladan l.
A. Alèt jòn — Vijilans
Siyifikasyon: gen yon menas meteyowolojik ki mande atansyon ak preparasyon.
Yo kapab itilize alèt jòn lè:
- Yon sistèm twopikal ap devlope oswa ap pwoche yon zòn.
- Gen posiblite pou gwo lapli oswa gwo van.
- Gen risk pou lanmè a vin move.
- Gen yon menas potansyèl pou Lagonav, men enpak li poko mande menm nivo mobilizasyon ak yon alèt ki pi wo.
Kisa popilasyon an dwe fè?
- Suiv bilten meteyowolojik yo.
- Verifye rezèv dlo, manje, medikaman ak pil.
- Pwoteje dokiman enpòtan yo.
- Evite pran rimè pou enfòmasyon ofisyèl.
B. Alèt zoranj — Preparasyon ranfòse
Siyifikasyon: Danje a vin pi serye, epi li posib pou sistèm nan lakòz gwo konsekans.
Yo kapab itilize alèt zoranj lè:
- Previzyon yo montre gen yon gwo chans pou yon sistèm afekte zòn nan.
- Gwo van oswa gwo lapli kapab lakòz domaj.
- Gen risk inondasyon oswa glisman tè.
- Li nesesè pou sèvis ijans yo ak popilasyon an ranfòse preparasyon yo.
NB: n ap wè 27 oktòb la alèt sa te leve ka tanpèt la te komanse kite peyi a .
Kisa popilasyon an dwe fè?
- Prepare pou deplase si otorite yo bay konsiy sa a.
- Sekirize pòt, fenèt, twati ak materyèl ki kapab vole.
- Evite vwayaj ki pa nesesè.
- Pwoteje bato ak lòt ekipman bò lanmè.
- Prepare yon kote ki an sekirite, sitou si kay la nan yon zòn ki ekspoze.
C. Alèt wouj — Danje grav oswa iminan
Siyifikasyon: Gen yon gwo menas ki mande aksyon ijan pou pwoteje lavi moun.
Yo kapab itilize alèt wouj lè:
- Enpak yon siklòn oswa yon lòt fenomèn danjere vin trè pwobab oswa iminan.
- Yo prevwa van vyolan, gwo lapli oswa gwo inondasyon.
- Gen gwo risk pou lavi moun ak enfrastrikti.
- Otorite yo bezwen mande popilasyon an rete nan abri oswa evakye kèk zòn.
Kisa popilasyon an dwe fè?
- Swiv konsiy ofisyèl yo san pèdi tan.
- Rete nan yon abri ki an sekirite.
- Evakye si otorite yo mande sa.
- Pa travèse ravin, rivyè oswa wout ki anba dlo.
- Pa soti sou lanmè si kondisyon yo danjere.
Sa nou dwe konnen depresyon ,tanpèt ak siklòn kapab gen nenpòt tip alèt swivan vilnerabilite zòn nan .
Kisa leta dwe fe Jodi a pou evite plis pwoblèm e diminye vilnerabilite nou pa rapò ak chanjman klimatik la ?
Leta ta dwe pran bon jan desizyon pou fe moun yo konprann se jodi a pou yo kòmanse prepare demen yo , zòn kouran pase nan Mache LALA ta dwe gen gwo desisyon pou moun yo pa konstui e pa bay pyès dwa pou kelkeswa moun anviwon 4, 5 mèt ak kouran ka tout bagay posib , nenpòt tanpèt ou siklòn kapab kraze sou wout tout sa li jwennn.
Sou zile a zòn kotye yo moun yo konstui preske bò lanmè a, pou sant vil sa se pi mal ka salin anwo se preske nan mangwòv la pou n yo rive e leta nan 20 denye ane pat janm sousye de reyalite a e kite moun yo fè sa yo vle .
Ba Azil a se pi mal ka moun yo rive nan espas ti èpòt la , yo koupe mangwòv yo , pa gen yon leta ki mete pye l atè pou di non sa pa posib ka tout sa ki rive se leta ki koz .
Lè kay moun yo inonde tout responsablite a tonbe sou do leta .Otorite paka ap gade fòk li chita ak kominote yo , mobilize òganisazyon de baz yo pou nenpòt konstriksyon pa fet nan komin nan , fòk gen wout ki respekte tout nòm yo , kay k ap konstui paka fèt san meri a pa konsilte plan sa .

Si nou vle yon zile ki kapab reponn ak sa k ap tann nou yo , anviwonman dwe enpotan pou tout moun , ka pwoteksyon l se pi gwo bagay nou kapab fè pou n prepare n kont chanjman klimatik la.
Nou pa gen anpil tan se jodi a menm pou leta deside kijan yo vle wè zile nan 20 lane k ap vini yo , eske nou prè pou n kite yon zile kote jenerasyon k ap vini kapab santi gen yon travay ki te fèt e yo dwe kontinye nan pwoteksyon anviwonman an .
Malè pa gen klaksòn , men nou ka pran tout mezi prekosyon yo, fenomèn meteyo ap toujou rive men nou ka evite pèdi si nou travay pou sa .

Soyez le premier à commenter