PON(PASRÈL ) ISAAC LOUVERTURE: YON MALÈ PANDYE POU ZÒN MAGAZEN

Pon Isaac Louverture, ki konstwi nan zòn Magazen an nan lane 2022, ap soulve anpil kesyon sou kapasite li pou fè fas ak gwo inondasyon. Enfrastrikti sa a te gen pou objektif fasilite sikilasyon epi evite vil la separe an de lè gwo dlo desann. Sepandan, apre pasaj tanpèt ki te frape zile Lagonav nan dat 26 oktòb 2026 la, gen plizyè kesyon ki merite jwenn repons sou kapasite pon an pou fè fas ak reyalite idwolojik zòn nan.

1

Dapre enfòmasyon òganizasyon ORADIGO te bay sou pwojè a, anviwon 150 000 dola ameriken te envesti nan konstriksyon pasrèl la. Se yon envestisman konsiderab pou yon enfrastrikti ki gen anpil enpòtans pou popilasyon an.

Sepandan, dènye evènman klimatik yo mete kesyon konsepsyon, kapasite pasaj dlo ak mezi pwoteksyon estrikti a nan mitan deba a. Èske te gen yon etid idwolojik apwofondi anvan konstriksyon an? Èske dimansyon pasaj dlo a te adapte ak kantite dlo ki kapab desann nan ravin nan pandan gwo lapli?

Se kesyon sa yo ZILE PAM ap chèche mete an evidans.

Èske enfrastrikti sa a te vrèman prepare pou reyalite idwolik kouran ki soti anba soti Depwi gran plenn sou anviwon 6km  ?

KAPASITE PASAJ DLO A: YON PWEN KI MERITE GWO ATANSYON

Youn nan premye eleman ki merite atansyon nan analiz pon Isaac Louverture la se diferans ki genyen ant lajè ravin nan ak dimansyon ouvèti ki pèmèt dlo pase anba pon an.

Dapre mezi ak obsèvasyon ki prezante nan analiz sa a, lajè ravin nan kapab depase 15 mèt pandan gwo inondasyon, tandiske pon an genyen de ouvèti rektangilè ki mezire mwens pase 8 mèt nan mitan kouran an.

Yon lòt eleman ki soulve enkyetid se wotè pasaj yo, ki estime nan anviwon 2 mèt, pandan nivo dlo a kapab depase 3 mèt nan kondisyon gwo inondasyon, dapre estimasyon nou prezante yo.

Konsta sa a soulve yon gwo kesyon teknik: ki kalkil idwolik ki te sèvi pou detèmine dimansyon ouvèti sa yo?

Lè yon enfrastrikti konsa ap konstwi sou yon ravin, etid teknik la dwe pran an konsiderasyon non sèlman kantite dlo ki pase nan kondisyon nòmal, men tou debi maksimòm ki kapab rive pandan gwo lapli. Li dwe konsidere kantite sediman, wòch, bwa ak lòt materyèl kouran dlo a kapab pote.

Lè ouvèti yon pon pa gen ase kapasite parapò ak kantite dlo k ap desann nan, sa kapab favorize blokaj, debòdman ak presyon idwolik sou estrikti a.

Se poutèt sa, evènman 26 oktòb la merite yon evalyasyon teknik apwofondi pou detèmine si pon(pasrèl) Isaac Louverture la kapab reponn ak kondisyon idwolik ravin nan.

2. ISTWA INONDASYON YO 1986 , 1989, SIKLÒN JÒJ 1998 : YON DONE KI PA T DWE NEGLIJE NAN KONSEPSYON PON(PASRÈL ) LA

Pou konprann reyalite idwolojik zòn sa a, nou pa kapab inyore istwa inondasyon ki make sant vil Ansagalè a pandan anviwon 40 dènye ane yo.

Depi aprè evènman 1986 la, dlo a te kòmanse kite ansyen chemen li pou l debòde nan espas nou konnen jodi a. Pou moun ki pa t konnen ansyen konfigirasyon zòn nan, anvan 1986, dlo a te konn pase nan kafou kote biwo DINEPA a ye kounye a, anvan li kontinye desann pou l al tonbe nan  lanmè a.

Siklòn ak gwo inondasyon ki te pase nan ane 1989 ak siklòn JòJ  1998 se lòt referans istorik ki merite atansyon.

Daprè enfòmasyon istorik nou genyen, siklòn Georges an 1998 te lakòz gwo dega nan plizyè espas nan sant vil Ansagalè. Zòn mache a te pami espas ki te afekte, sitou nan pati lwès la, kote dlo te debòde.

Nan zòn kote pon (Pasrèl) Isaac Louverture la konstwi jodi a, dlo a te anvayi sou plis ke  ki depase 15 mèt. Inondasyon sa a te afekte plizyè etablisman, pami yo Magic Night Club, ki te reprezante youn nan pi gwo referans nan sant vil Ansagalè nan epòk la.

Istwa sa yo montre risk inondasyon nan zòn nan pa yon reyalite ki fèk parèt. Se yon fenomèn ki gen yon istwa, yon memwa kolektif ak konsekans sou lavi ekonomik ak sosyal kominote a.

 

TANPÈT 26 OKTÒB LA: YON PREMYE GWO AVÈTISMAN

Aprè pasaj tanpèt 26 oktòb 2026 la, pon (Pasrèl) Isaac Louverture la vin nan mitan yon deba sou kapasite li pou jere gwo debi dlo. Depi inogirasyon li nan lane 2022, te deja gen anpil kòmantè ak kesyon sou konsepsyon ak kapasite enfrastrikti sa a.

Sa ki enpòtan nan dosye sa a se pa sèlman domaj oswa difikilte tanpèt la te kapab lakòz, men sitou sa evènman sa a revele sou kapasite estrikti a pou fè fas ak gwo kantite dlo. Kesyon sa yo vin pi enpòtan toujou lè nou konsidere se yon konpayi ki soti Santo Domingo ki te reyalize pwojè a.

Si yon tanpèt, ki pa t yon siklòn, deja soulve kesyon sou kapasite pasaj dlo a, èske nou dwe tann yon evènman klimatik ki pi grav pou nou kòmanse reflechi sou solisyon? Èske nou dwe pran risk pou nou ekspoze lavi moun nan yon kominote ki deja vilnerab, pandan gen posiblite pou nou aji davans?

Si etid idwolojik, idwolik, jewoteknik ak estriktirèl yo te byen reyalize, èske risk ki gen rapò ak gwo inondasyon yo pa t dwe deja antre nan konsepsyon pwojè a, ansanm ak mezi pwoteksyon ki nesesè yo?

Yon tanpèt pa reprezante yon tès laboratwa pou evalye yon enfrastrikti. Sepandan, li kapab bay enfòmasyon enpòtan sou fason yon estrikti reyaji devan kondisyon natirèl reyèl. Se poutèt sa, yon ekspètiz teknik endepandan vin nesesè pou evalye eta pon an, kapasite pasaj dlo li ak mezi ki kapab pran pou redui risk ak dega yon lòt gwo inondasyon ta ka lakòz nan sant vil Ansagalè a.

GABYON AK PWOTEKSYON KONT EWOZYON: YON MEZI KI MERITE EGZAMEN

Yon lòt aspè ki soulve kesyon nan analiz pon (Pasrèl) Isaac Louverture la se mezi pwoteksyon ki te prevwa pou estabilize ravin nan, limite ewozyon ak kontwole efè kouran dlo a sou enfrastrikti a.

Nan yon zòn kote kouran dlo konn pote gwo wòch, gravye, sab ak lòt debri, li enpòtan pou etidye posiblite pou itilize gabyon, anwochman ak lòt sistèm pwoteksyon idwolik. Mezi sa yo kapab kontribye nan estabilizasyon pant ravin nan, pwoteksyon fon kouran an ak rediksyon risk ewozyon bò kote pon an.

Nan sans sa a, nou kapab poze kesyon sou nesesite pou te prevwa travay pwoteksyon sou yon distans apwopriye, pa egzanp anviwon 20 mèt anvan ak 20 mèt apre pasrèl la, selon rezilta etid teknik yo. Li enpòtan tou pou egzamine sitiyasyon an an amon, kote entèvansyon sou kanalizasyon ak jesyon dlo kapab ede limite kantite materyèl ak fòs kouran an rive pote sou enfrastrikti a.

Mezi sa yo pa sèlman konsène pwoteksyon pon an. Yo konsène estabilite tout ravin nan, paske ewozyon kapab chanje fòm kanal la, deplase tè ki sou kote yo epi mete fondasyon estrikti a an danje.

PWOBLÈM GWO WÒCH AK DEBRI KOURAN DLO A POTE

Gen yon lòt kesyon teknik ki pa dwe neglije: jesyon materyèl solid kouran dlo a kapab pote pandan gwo inondasyon.

 Lè ouvèti pasaj dlo yo limite, ki dispozisyon ki te prevwa pou evite gwo wòch, branch bwa ak lòt debri bouche pasaj yo?

Yon blokaj nan youn oswa plizyè ouvèti kapab diminye kapasite dlo a pou sikile, lakòz nivo dlo a monte pi wo pase nòmal epi ogmante presyon sou estrikti a.

Se poutèt sa, ekspètiz teknik nou mande a  te dwe egzamine non sèlman kapasite pasaj dlo a, men tou fason konsepsyon pon an pran an konsiderasyon transpò sediman, gwo wòch ak lòt materyèl kouran an kapab pote.

Finalman, kesyon an pa sèlman pou konnen si pon an kapab kite dlo pase, men tou si tout sistèm pwoteksyon ki antoure l la kapab reziste devan kondisyon idwolik ak jewoteknik zòn nan.

ETID TEKNIK YO: ÈSKE YO TE FÈT ? SI WI ÈSKE YO TE RESPEKTE?

Yon enfrastrikti ki gen enpòtans konsa pou popilasyon an dwe chita sou etid teknik serye anvan konstriksyon li done ki disponib bay 10 000 dola US ki te lye ak etid yo . Pami etid ki nesesè yo genyen:

  • Etid topografik: pou mezire teren an, altitid ak pant ravin nan.

  • Etid idwolojik: pou analize basen vèsan an, kantite lapli ak frekans gwo inondasyon.

  • Etid idwolik: pou kalkile kapasite pasaj dlo a ak risk debòdman.

  • Etid jewoteknik: pou evalye kalite tè a ak kapasite fondasyon yo.

  • Etid estriktirèl: pou verifye rezistans beton, armati ak tout estrikti a.

  • Etid ewozyon ak sediman: pou prevwa enpak gwo wòch, sab ak debri kouran dlo a pote.

  • Etid anviwònmantal ak sekirite: pou evalye risk pou popilasyon an ak zòn ki antoure a.

Si tout etid sa yo te fèt, dokiman yo ta dwe kapab ede detèmine si konsepsyon an te respekte rekòmandasyon teknik yo.

KONPAREZON AK PON(PASREL)  GWO MAPOU A 

Pou apwofondi analiz la, Zile pa m mete de enfrastrikti ki te konstwi nan lane 2022 fasafas: pon (Pasrèl) Isaac Louverture la ak pon Gwo Mapou a.

Nou genyen foto pon Gwo Mapou a ansanm ak dokiman ki prezante konsepsyon Isaac Louverture la. Obsèvasyon vizyèl yo montre diferans nan konfigirasyon konstriksyon ak amenajman estrikti yo.

Sepandan, pou yon konparezon syantifik, li nesesè pou egzamine plan teknik yo, dimansyon ouvèti yo, fondasyon yo, materyèl yo ak kapasite idwolik chak enfrastrikti.

Konparezon sa a kapab ede idantifye diferan apwòch konstriksyon ak solisyon teknik ki te adopte nan chak zòn.

KONKLIZYON: SEKIRITE POPILASYON AN DWE VIN ANVAN TOUT BAGAY

Apre analiz istorik, idwolojik ak estriktirèl sa yo, yon kesyon fondamantal rete poze: èske pon Isaac Louverture la te jwenn yon konsepsyon ki adapte ak reyalite ravin nan ak risk inondasyon ki egziste nan sant vil Ansagalè a?

Zile pa m mande pou gen yon ekspètiz teknik endepandan ki evalye enfrastrikti a, verifye dokiman konstriksyon yo epi pwopoze mezi korektif ki nesesè.

Objektif la se pa chèche responsab sou baz sipozisyon, men jwenn repons teknik, pwoteje envestisman piblik la epi sitou anpeche lavi moun ekspoze devan risk ki kapab prevni.

Sekirite popilasyon an pa dwe tann yon lòt katastwòf pou l vin yon priyorite.

YON ANTREPRIZ KI SOTI SANTO DOMINGO AK KESYON SOU EKSPÈTIZ LOKAL

Daprè  enfòmasyon ki te kominike nan kad pwojè a, se yon antrepriz ki soti Santo Domingo ki te reyalize travay konstriksyon pon Isaac Louverture la.

Yon lòt enfòmasyon ki merite atansyon se pozisyon ORADIGO te eksprime sou kapasite enjenyè ki fòme sou zile a pou reyalize yon travay konsa. Dapre enfòmasyon sa a, òganizasyon an te estime konpetans teknik lokal yo pa t sifi pou egzekite pwojè a.

Sa soulve plizyè kesyon sou kritè ki te sèvi pou chwazi antrepriz la, kalifikasyon pwofesyonèl li, eksperyans li ak mekanis ki te etabli pou kontwole kalite travay la.

Èske te gen yon biwo kontwòl teknik endepandan? Ki enjenyè ki te apwouve plan yo? Ki moun ki te verifye konfòmite travay la ak espesifikasyon teknik yo? Ki wòl meri Ansagalè te jwe nan siveyans pwojè a?

Kesyon sa yo pa vize mete an dout kapasite yon antrepriz sou baz orijin li, men chèche konprann pwosesis seleksyon, sipèvizyon ak garanti kalite yon enfrastrikti ki gen enpòtans pou sekirite popilasyon an.

Nan yon pwojè konsa, transparans sou kontra a, idantite responsab teknik yo, dokiman apwobasyon yo ak rapò kontwòl kalite yo se eleman ki dwe disponib pou pèmèt piblik la konprann kijan travay la te fèt.

Se poutèt sa, Zile pa m konsidere li enpòtan pou gen yon ekspètiz teknik endepandan ki kapab egzamine dokiman pwojè a, verifye kondisyon egzekisyon travay la epi evalye si enfrastrikti a respekte egzijans teknik ki te prevwa yo.

KI WÒL SÈVIS JENI-MINISIPAL ANSAGALÈ A TE JWE?

Nan dosye sa a, nou pa kapab neglije wòl otorite minisipal yo ak sèvis teknik Meri Ansagalè nan lane 2022, lè pwojè konstriksyon pon an t ap reyalize.

Yon enfrastrikti ki gen enpòtans konsa pou sikilasyon ak sekirite popilasyon an mande yon bon jan siveyans teknik.

Èske sèvis teknik meri a te resevwa plan konstriksyon yo anvan travay la te kòmanse?

Èske te gen verifikasyon teknik pandan ak apre konstriksyon an?

Èske sèvis jeni-minisipal la te patisipe nan kontwòl fondasyon, beton, armati ak dimansyon pasaj dlo yo?

Èske te gen yon rapò enspeksyon final anvan yo te remèt travay la?

Ki otorite ki te bay apwobasyon final pou enfrastrikti sa a?

Nou pa kapab atribye responsablite oswa neglijans bay yon enstitisyon san dokiman ak prèv. Sepandan, popilasyon an gen dwa konnen ki mekanis sipèvizyon ki te egziste, ki moun ki te responsab chak etap ak ki wòl Meri Ansagalè te jwe.

NAN NON TRANSPARANS AK SEKIRITE POPILASYON AN, ZILE PA M MANDE:

  1. ORADIGO mete etid ak plan teknik pwojè a disponib.

  2. Pibliye rapò kontwòl ak sipèvizyon konstriksyon an.

  3. Meri Ansagalè, sitou administrasyon majistra Ernso Louissaint, bay eksplikasyon sou wòl sèvis teknik meri a nan pwojè a.

  4. Reyalize yon ekspètiz idwolik, idwolojik, jewoteknik ak estriktirèl endepandan.

  5. Evalye nesesite pou amelyore pasaj dlo a epi mete mezi pwoteksyon kont ewozyon.

  6. Pran dispozisyon ki nesesè pou pwoteje popilasyon an pandan pwochen sezon gwo lapli yo.

Nou konsidere li enpòtan pou ORADIGO, antrepriz ki te egzekite travay la, sèvis teknik Meri Ansagalè ak lòt aktè konsène yo jwenn opòtinite pou bay eksplikasyon epi prezante dokiman ki kapab ede klarifye dosye sa a.

Objektif la se etabli reyalite yo, konprann responsablite chak aktè epi jwenn solisyon ki kapab garanti sekirite popilasyon an.

Redaksyon: Zile pa m

Rechèch ak kontribisyon teknik: Plizyè enjenyè konsilte pa redaksyon an.

Sous teknik yo rete anonim sou demann.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire