Regrè Se listwa yon Lepè

Regrè
Se listwa yon Lepè ki te gen yon gran frè l , gwo bòs soudi , lepè sa te jwenn chans pou l vin yon gwo bòs soudi tou e kenbe atelye sa e jodi a ki te ka youn nan referans nan kominote a .
Voup yon zanmi l pran l mache tout kote ap fè gwo koze ,moun kòmanse pale de yo paske yo estime y ap fè yon gwo travay nan kominote a, misye mete chwal li disponib pou tout travay k ap fèt e li tou kite atelye soudi sa .

Nan tout kwen se non ekip sa k ap kleyonnen ka anpil moun pase deja men travay ti mesye sa depase fontyè .

Men nan tout sa lepè a pa Janm konnen tout zanmi nèg la t ap di li zanmi l la se te eksplate li t ap ekspwate l pou jwenn sa li vle .

Voup pwojè pete plafon ekip divize paske batay la se te pou jwenn glwa e profite tout moun .bon zanmi an se te nan pase mizè ,fè jounen san manje ,sikè yo pa nan koze pataje paske se te yon fo ekip. ekip sa te la pou n te pran pouvwa depwi n gen pouvwa se pouvwa yon sèl nèg ,lajan se lajan yon sèl nèg.ki radòt rapò sa tout nèg se ak mw n ap travay nou pa vle fout nou deyò.

lepè a pat Janm imajine zanmi an t ap awogan konsa ka yo te toujou di menm jan nou pase mizè pou n bati kay sa se konsa tou nou tout nèg ki te nan pote bwa ,tòl pase mizè pou bat mòtye ka domi ladan l e viv ladan l.

Jodi a lepè a ap pran laj ,lè pou l te aprann nan li pat pwofite ka menm sa zanmi an te konnen an pat janm yon jou montre l. se te nan manje pwason zanmi an te kwè men aprann lepè a peche pa ladan l pou l ka toujou rele l ekri l di l li bezwen yon ti kòb .

Gen lòt zanmi ki te di l pa lage frè a nan atelye yon jou kapab se ou ki chèf men je misye te fokis yon sèl kote san li pa konnen sa demen ap pote pou li .anpil lòt moun pase kite l deyè.

lepè a pa menm konn laj li jodi a ki kite almanak e li toujou pè rekomanse paske li dekonstonbre li panse ak zanmi sa li te konn menm fouye men nan dife pou li a lavi l ta pral chanje men se lavi zanmi an ki chanje.

Se kounya li reyalize tan yo finn ale .
Se kounya li reyalize lamitye pa sakre .
Se kounya li reyalize ki kote l t ap ye si l te rete ak frè l la.

Rekòmanse pa fasil men li pa tro ta pou aprann .